Ou pa oblije demenaje jiskaske yon jij di w pou w kite
Ou pa oblije sòti nan kay la sèlman poutèt pwopriyetè ou te di w pou w sòti nan kay la, oswa si l te voye yon avi pou kite ba w, oswa si li te voye yon Pwosesis Rezime Demann pou Parèt ak Plent ba w.
Ou sèlman oblije sòti nan kay la si tribinal la òdòne w pou w sòti.
Si pwopriyetè ou vle pou w sòti nan kay la, fòk li:
- Voye yon lèt ba w ki rele Avi pou Kite a epi ki esplike ke l ta renmen ou sòti nan kay la
- Ale nan tribinal la,
- Genyen pwosè degèpisman an, epi
- Jwenn yon enjonksyon nan men jij la.
Li tout dokiman tribinal la voye ba w yo
Si yon jandam oswa yon ajan tribinal la ba w yon dokiman jiridik ki rele Demann pou Parèt ak Plent li dokiman yo ak swen.
Pwopriyetè w sèlman gen dwa fè jandam nan oswa ajan tribinal la ba w yon Demann pou Parèt ak Plent si :
- Delè ki sou Avi pou Kite a deja pase, oswa si
- Kontra lokasyon w deja ekspire.
Fòmilè Demann pou Parèt ak Plent nan di w :
- Non ak adrès tribinal ki pral tande pwosè w la.
- Ou dwe depoze yon Repons 3 jou ouvrab anvan "premye evènman tribinal" ou a.
Ou ta dwe resevwa yon avi nan lapòs la nan men tribinal la anviwon 1 semèn apre w resevwa Demann pou Parèt ak Plent nan. Avi a ta sipoze di w dat ak lè premyè odyans ou nan tribinal la. L ap di w an menm tan tou si odyans lan pral fèt an fizik oswa sou Zoom.
Ale nan tribinal la, oswa ou pral pèdi pwosè w otomatikman !
Èske w ap viv nan movèz kondisyon ?
Si w gen movèz kondisyon lakay ou, tankou sourit, chòfaj la pa mache oubyen li pa genyen, oswa si kay la koule, li enpòtan pou dokimante pwoblèm sa yo. Si pwopriyetè ou okouran de kondisyon sa yo, ou gen dwa kapab anpeche yon degèpisman si w degèpisman an ap fèt poutèt ou pa peye kòb lwaye a oswa si se yon degèpisman san fòt. Yon degèpisman san fòt se lè pwopriyetè a pa bay yon rezon pou degèpisman an oswa li bay yon rezon ki pa depann de ou. Pa egzanp, pwopriyetè a gen dwa ap mete w deyò paske li vle vann pwopriyete a.
Itilize Livre 2 : Lis Verifikasyon Kòd Lòjman an pou ede w detèminen si gen pwoblèm nan kay la ke pwopriyetè ou ta dwe ranje. San pèdi tan, mete pwopriyetè a okouran de pwoblèm sa yo alekri nan yon lèt, yon SMS oswa yon imèl – menm si w te deja pale pwopriyetè w de pwoblèm sa yo. Ou ka pale ak enspektè lòjman minisipal ou a tou san pèdi tan epi mande pou yon enspeksyon nan kad kòd lòjman an.