Ou genyen dwa pou yo ba ou yon entèprèt ou kapab konprann. Si li pale yon dyalèk diferan, koneksyon telefòn nan pa bon, oswa genyen yon lòt pwoblèm, di anplwaye a sa.
Si ou pa kapab konprann entèprèt la, mande entèprèt la pou l repete oswa di li nan lòt mo.. Si ou ankò pa kapab konprann di, “Mwen kapab konprann entèprèt mwen an.” Lap di anplwaye a sa. Yo dwe ba ou yon nouvo entèprèt.
Si yo pa ba ou yon entèprèt ou kapab konprann, fè plent:
- Mande pou pale avèk yon sipèvizè. Si sipèvizè a pa ba ou yon entèprèt ou kapab konprann,
- Ekri:
- non sipèvizè a,
- non pwogran nan, avèk
- dat la.
- Rapòte li bay Koalisyon pou Aksè ak Langaj la (Language Access Coalition):
Rapòte li anliy
Koalisyon pou Aksè ak Langaj (The Language Access Coalition) ap fè envestigasyon li.