Yon pwogram pa dwe mande ou pou mennen yon moun pou entèprète pou ou, oswa mande yon zanmi oswa yon fanmiy ou mennen avèk ou pou entèprete pou ou.
Ou kapab mennen pwòp entèprèt pa ou si ou vle. Men, si zanmi w nan pa yon entèprèt pwofesyonèl, sa kapab koze pwoblèm.
Entèprèt pwofesyonèl la pale de lang yo kouramman. Yo entèprete direkteman e klèman tousa oumenm avèk anplwaye pwogran nan di. Entèprèt pwofesyonèl la swiv règ pou entèprete yo. E yo kenbe enfòmasyon yo sekrè.
Pa mande yon timoun pou li entèprete. Mesaj la kapab twò sanzitif oswa delika- pou zòrèy yon timoun. Epitou, yon timoun pa yon entèprèt fyab. Timoun kapab pa konprann tout mo yo an Anglè oswa nan lang ou an. Sa pa jis pou ou oswa pou timoun nan pou mande li pou entèprete. Pwoteje pitit ou ak tèt ou tou. Mande yon entèprèt pwofesyonèl.