You are here

Ou genyen dwa pou w genyen yon entèprèt gratis

Pwodwi pa Koalisyon pou Aksè ak Langaj Massachusetts
Revize Jiyè 2023

 

Ou genyen dwa pou genyen yon entèprèt gratis e oplis pou w genyen enfòmasyon enpòtan ekri nan lang ou:

 
school graphic

Lekòl

public programs graphic

Pwogram piblik

court graphic

Tribinal

police graphic

Lapolis

housing graphic

Lojman
Piblik

hospital graphic

Lopital /
Doktè

 

Ou genyen dwa pou ou:

  • Pale avèk tribinal la sou ka w la,
  • Aplike pou alokasyon,
  • Pale avèk pwofesè pitit ou,
  • Pale avèk lapolis oswa doktè ou, e
  • Pou ou jwenn enfòmasyon enpòtan yo, tousa ekri nan pwòp lang ou.

Pwogram yo ki resevwa lajan gouvènman federal la dwe pèmèt tout moun jwenn aksè ak sèvis yo.  Menmsi ou pa pale Anglè byen, ou ankò genyen dwa sa a.  Pwogram sa yo pa kapab diskrimine kont ou akoz orijin nasyonal ou oswa lang ou.  Sa vle di anplwaye a  dwe:

  • Kominike avèk ou nan lang ou,
  • Sèvi ou osivit sa posib,
  • Trete ou avèk respè.

Tribinal, lekòl, lopital, lapolis, ak pwogram gouvènman , yo tout dwe obeyi lwa a, Tit VI nan Lwa sou Dwa Sivil 1964 (Title VI of the Civil Rights Act of 1964).

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).