Taks

Revize Janvye 2015

Si w genyen yon revni ki ba e ou travay, ou gen anpil rezon pou w ranpli taks ou. Si ou ranpli taks ou an 2015 (taks pou 2014), ou kapab jwenn gouvènman an retounen jiska plizyè milye dola ba ou-- menmsi ou pat peye tousa nan taks!

Ou kapab anmezi pou w resevwa:

  • Kredi pou Taks federal sou Revni,
  • Kredi pou Revni nan Massachusetts, plis
  • Kredi pou Taks Timoun

Si ou kapab jwenn tout kredi sa yo, li kapab monte jis nan milye dola yo!

Resevwa èd gratis pou ranpli taks ou nan pwogram Asistans Volontè Nan Taks sou Revni (Volunteer Income Tax Assistance /VITA).  Chèche sou non vil oswa kòd postal ou yon biwo sèvis èd nan taks gratis ki pre (Search by the name of your town or zip code for a free tax clinic near you) ou oubyen rele 1-800-829-1040.

Li preferab pou w ranpli taks ou avan dat limit 15 Avril, 2015 la. Men ou kab anmezi pou w jwenn enpe oswa tout lajan sa yo menmsi ou ranpli anreta.  Li atik yo nan seksyon sa sa a pou w genyen plis detay, e pale avèk yon volontè pou konsèy sou taks nan Asistans Volontè nan Taks sou Revni (Volunteer Income Tax Assistance /VITA).

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).