Eske ou te fè taks ou epwi yo remèt ou lajan? Konpliman! Annou wè kòman pou n fè plis nan lajan sa a.
Bòn nouvèl la sèke resevwa ranbousman pou taks oswa Kredi pou Taks sou Revni “Earned Income Tax Credit” (EITC/EIC) dòdinè pa fè desann oswa estope SNAP/Koupon Alimantè ou oswa TAFDC ou.
Depatman pou Asistans Tanporè a (DAT/DTA) gade sou kantite lajan ou genyen lè yo deside sou valè SNAP/Koupon Alimantè oswa TAFDC ou kapab jwenn.
Kontinye li pou w aprann kòman DTA konte lajan EITC w la ak lajan ranbousman taks ou a.
- TAFDC avèk EITC/EIC
- SNAP avèk EITC/EIC
- TAFDC avèk lajan taks ou ki pa EITC/EIC ak
- SNAP avèk lajan taks ou ki pa EITC/EIC.
1. Eske mwen dwe di DTA mwen resevwa lajan taks oswa Kredi pou Taks sou Revni “Earned Income Tax Credit (EITC/EIC)”?
Pou w sèten, ou dwe rapòte lajan ranbousman taks oswa EITC/EIC ou bay DTA. Si ou pa rapòte lajan ranbousman taks oswa EITC/EIC, ou kapab gen pwoblèm avèk DTA. Depatman Revni (DOR) pataje enfòmasyon sou taks avèk DTA.
Nan laplipa ka yo, lajan ranbousman taks oswa EITC/EIC pa afekte benefis SNAP/Koupon Alimantè ak TAFDC ou.
2. Mwen ranpli taks mwen e m resevwa lajan ranbousman. Kòman m kapab distenge lajan EITC ak lajan ranbousman taks?
Ou kapab jwenn yon ranbousman lajan taks ak EITC nan men gouvènman federal la, Sèvis Revni Entèn lan (IRS). Ou kapab resevwa lajan ranbousman taks ak EIC nan men Depatman Reveni Massachusetts (DOR) tou. Ou kapab resevwa lajan nan men toulède IRS ak DOR. Ranbousman lajan taks federal ak lajan ranbousman tax Massachusetts refunds vini kòm chèk oswa depo separe nan kont bank ou.
Ou kapab di konbyen nan lajan ranbousman ou ki EITC/EIC lè w gade ranbousman taks federal ak taks eta a. EITC/EIC a nan yon liy separe ak rès lajan ranbousman taks ou a.
3. Eske Kredi pou Taks sou Revni Mwen konte kont alokasyon TAFDC mwen yo?
Si ou depanse tout lajan EITC/EIC federal ak eta ou yo nan de premye mwa aprè ou resevwa li, lajan TAFDC pap chanje.
Si ou pa ekonomize okenn nan lajan federal EITC oswa lajan EIC eta a e ou ankò genyen enpe ki rete nan twazyèm mwa a aprè ou te touche li, DTA ap konte rès lajan EITC/EIC kòm “resous”. Ou kapab genyen “resous” jis nan $2,500 antotal, mete tout “resous” ou genyen ansanm, epi ou kontinye resevwa menm lajan TAFDC a. Men si total “resous” oswa ekonomi w yo depase $2,500, TAFDC w la ap estope. Ou pap kapab touche TAFDC ankò jiska resous ou yo desann nan $2,500 o mwens.
Exanp 1
Fanmiy Missy resevwa TAFDC. Li resevwa $3,000 nan EITC nan 23April.
EITC Missy a pat konte kont TAFDC a pou 1mye mwa a (Avril) o 2yèm mwa a (Me).
Men kelkeswa sa Missy te ekonomize nan 3yèm mwa a (Jen) konte kòm “resous”. Missy gen $300 ki rete nan EITC li a nan 3yèm mwa a (Jen). Li pa genyen okenn lòt resous, konsa tout atou li yo ansanm bay $300. Missy kapab genyen jiska $2,500 e ankò resevwa TAFDC a. EITC Missy a pa chanje TAFDC ditou.
Ekzanp 2
Fanmiy Jared genyen TAFDC. Jared resevwa $4,000 nan EITC nan 15 Me. Jared deside pou l ekonomize $4,000 EITC pou l achte yon machin.
EITC Jared la pa konte kont TAFDC li a pou 1mye mwa a (Me) oswa 2yèm mwa a (Jen) aprè li resevwa EITC a.
Kòmanse nan twazyèm mwa a, EITC Jared ekonomize a konte kòm “resous”. Nan kòmansman 3yèm mwa a (Jiyè), Jared ankò genyen $4,000 nan EITC. Sa se pliske " limit resous" $ 2,500 pou TAFDC. Yo estope TAFDC Jared la paske li depase limit resous la.
Remak: Yo trete machin kòm yon kalite resous espesyal
Genyen règ espesyal pou konte valè yon machin kòm resous. Premye $5,000 a “valè ekite” a (konbyen nan valè machin lan ki pou ou e nonpa pou bank la) pa konte kòm resous. Premye $10,000 “valè li sou mache a” (konbyen machin lan vann nan) pa konte kòm resous tou.
Si wap ekonomize EITC/EIC ou pou achte machin, pale avèk yon konseye nan sèvis legal (legal services advocate).
4. Eske EITC/EIC mwen konte kont benefis SNAP/Koupon Alimantè mwen?
SNAP/Koupon Alimantè rele benefis SNAP koulye a.
Si w depanse tout EITC federal oswa EIC eta a nan premye de mwa yo aprè ou touche li, benefis SNAP ou pap chanje.
Si ou economize anyen nan EITC federal la oswa EIC eta a, e ou ankò genyen lajan EITC/EIC ki rete nan twazyèm mwa a aprè ou te touche l, DTA kapab konte lajan EITC/EIC ou ekonomize a kòm “resous.”
Pou laplipa moun, resous yo pa pwoblèm pou zafè benefis SNAP yo. Lajan EITC/EIC ou pap petèt benefis SNAP ou.
Men si ou tonbe ant de gwoup moun, ou pa genyen yon limit nan resous ou pou w touche benefis SNAP:
- Si yon moun nan kay la pa kapab resevwa benefis SNAP paske li vyole yon regleman travay (work rule) pou Koupon Alimantè oswa yon regleman sou rapò pou SNAP/Koupon Alimantè, ou genyen yon limit resous $2,000. Ou pa kapab genyen pliske $2,000 kòm resous (ekonomi ak sèten byen) e pou w ankò genyen benefis SNAP.
- Si w genyen laj 60 tan o plis, oswa ou andikape, e revni ou pliske $1,962/mwa pou 1 moun oswa $2,655/mwa pou de moun, ou genyen yon limit $3,250 kòm resous. Al wè tablo 2 a pou pi gwo fanmiy (Look at Chart 2 for larger households).
Si w tonbe nan youn nan 2 gwoup sa yo, ou kapab bezwen depanse pweske tout EITC/EIC ou nan 2 premye mwa yo aprè ou touche l. Si ou genyen okenn EITC/EIC ou te economize nan kòmansman 3yèm mwa a, lap konte kòm resous pou benefis SNAP. Si resous total ou depase limit resous ou, ou kab pa kapab resevwa benefis SNAP jiskaske resous ou desann nan limit resous la oswa piba ankò.
Ekzanp 1
Jack ak Jill resevwa benefis SNAP ansanm nan yon alokasyon.
Jack ak Jill pa vyole okenn regleman koupon alimantè.
Jack ak Jill yo toulède depase 60 yo. Revni yo mwenske $2,655/mwa konsa yo pa genyen "limit nan resous".
An Avril, yo touche $4,000 nan EITC. Benefis SNAP yo pap chanje. Yo kapab economize EITC/EIC mezi tan yo vle. Yap kontinye resevwa SNAP.
Ekzanp 2
Beverly gen 65 an e revni li se $2,000 chak mwa. Li resevwa benefis SNAP paske lwaye li wo anpil. Kòm Beverly aje e revni li pase $1,962/mwa, resous li konte pou SNAP/Koupon alimantè. Li genyen yon limit $3,250 pou resous.
Beverly touche $3,500 nan EITC nan Mwa Me. Pèman an pa konte nan 1mye mwa a (Me) oswa 2yèm mwa a (Jen).
Nan kòmansman 3yèm mwa a (Jiyè), Beverly ankò genyen $3,500 EITC a. Apati twazyèm mwa a EITC Beverly a konte kòm yon resous counts as an asset. $3,500 EITC Beverly genyen nan kòmansman 3yèm mwa a pliske $3,250 limit resous la, konsa Koupon Alimantè/SNAP li yo ap koupe. Li kapab aplike ankò pou Koupon Alimantè/SNAP ankò aprè resous li yo desann nan $3,250 o mwens.
5. Eske lajan tax mwen (pa EITC/EIC) konte kont TAFDC mwen?
DTA konte lajan taks ou ki pa EITC/EIC (tax refund that is not EITC/EIC) kòm “resous.” Yon resous lajan labank oswa kèk pwopriyete ou genyen. Yon "resous limit" se vale resous ou kapab genyen avan TAFDC ou koupe. Limit resous la pou TAFDC se $2,500. Si ou touche yon lajan taks ki pa EITC/EIC e konte tout resous ou, ou vinn genyen pliske $2,500, yap estope TAFDC ou. Ou kapab aplike ankò plita pou TAFDC, aprè resous ou desann nan $2,500 o mwens.
Example 1
Tim ak fanmiy liresevwa TAFDC. Tim resevwa $2,500 nan lajan taks ki pa yon pèman EITC. e $2,500 a konte imedyatman kòm resous. Tim pa genyen okenn lot resous (lajan nan bank oswa lòt pwopriyete). Lipa depase limit resous $2,500 dola a, konsa lajan taks la pap chanje TAFDC a.
Example 2
Lilly ak pitit li yo resevwa TAFDC. Lilly touche yon taks ki pa lajan EITC. Lajan taks Lilly a se $2,00. Lilly deja genyen 600 nan bank lè resevwa lajan taks la. Lè li jwenn lajan li vinn genyen 2,600. Sa pliske resous limit la pou TAFDC a, konsa benefis TAFDC lilly a estope. Lilly kapab aplike plita ankò pou AFDCdepwi resous li yo desann nan $2,500 o mwens.
6. Mwen resevwa yon lajan taks ki pa yon pèman EITC/EIC. Eske lap afekte benefis Koupon Alimantè/SNAP mwen?
Koulye a Koupon Alimantè rele benefis SNAP.
DTA konte lajan taks ou ki pa lajan EITC/EIC (tax refund that is not EITC/EIC money) kòm yon “resouss.” Yon resous se lajan ekonomi nan bank oswa kèk pwopriyete ou genyen. Yon ‘resous limit’ se kantite resous ou kapab genyen avan SNAP ou estope.
Pou laplipa moun ki resevwa benefis SNAP resous pa pwoblèm. Lajan taks ou pap chanje benefis SNAP ou.
Ou sèlman dwe enkyete w pou resous limit la pou SNAP si ou tonbe ant de gwoup moun:
- Si yon moun nan kay la pa kapab resevwa benefis SNAP paske li vyole yon regleman travay (work rule) pou Koupon Alimantè oswa yon regleman sou rapò pou SNAP/Koupon Alimantè, ou genyen yon limit resous $2,000. Ou pa kapab genyen pliske $2,000 kòm resous (ekonomi ak sèten byen) e pou w ankò genyen benefis SNAP.
- Si w genyen laj 60 tan o plis, oswa ou andikape, e revni ou pliske $1,962/mwa pou 1 moun oswa $2,655/mwa pou de moun, ou genyen yon limit $3,250 kòm resous. Al wè tablo 2 a pou pi gwo fanmiy (Look at Chart 2 for larger households).
Si ou tonbe nan de gwoup sa yo e ou resevwa yon lajan taks ki pa lajan (EITC/EIC tax refund that is not EITC/EIC money), yap konte lajan taks la kòm resous imedyatman. Si resous la depase limit ou, SNAP/Koupon Alimantè ou kapab estope jiskaske resous ou yo desann anko piba limit la.
Ekzanp 1
Julie ak sè li Samantha abite ansanm e yo resevwa SNAP nan menm alokasyon an. Yo pa tonbe nan okenn nan de gwoup yo ki genyen yon resous limit.
Julie resevwa yon $3,000 lajan takas e Samantha touche yon $2,000 lajan taks. Lajan sa yo pa lajan EITC.
Lajan ranbousman sa yo konte imedyatman kòm resous. Men Julie ak sè li a pa genyen resous limit pou SNAP. Konsa lajan ranbousman yo pa afekte benefis SNAP yo.
Ekzanp 2
Simon ak Jazz resevwa SNAP/Koupon Alimantè, men ekskli nan alokasyon SNAP/Koupon Alimantè Vyolasyon Entansyonel Pwogram (IPV). Sa vle di yo genyen yon resous limit $2,000.
Jazz resevwa yon $2,200 lajan taks. Lajan pa yon pèman EITC. Ranbousman lajan sa a konte kòm resous imedyatman e li fè Simon ak Jazz depase resous limit $2,000 a. Benefis SNAP/Koupon Alimantè yo estope. Ya kapab rekòmanse resevwa SNAP/Koupon Alimantè ankò lè resous yo tonbe nan $2,000 o mwens ankò.
TAFDC |
Koupon Alimantè/SNAP |
|
EITC/EIC |
Depanse nan 2 premye mwa – no diferans |
depanse nan 2 premye mwa – no diferans |
Lajan Taks |
konte kòm yon resous |
Konte kòm resou |