Daprè Learnfare, tout pitit ou nan laj 6 zan al nan 16 zan ki resevwa TAFDC dwe ale lekòl oswa nan lekòl adomisil. Si pitit ou gen twòp absans san ekskiz, wap pèdi pòsyon lajan pitit ou a nan TAFDC: apeprè $100/mwa pa timoun.
Kòman Learnfare la fonksyone?
Depatman Asistans Tanporè a (DTA) swiv prezans timoun ki genyen mwenske 16 zan daj nan lekòl yo.
Nan kòmansman ane eskolè a, DTA voye yon fòm Idantifikasyon Lekòl pou chak timoun. Fòm nan mande pou lekòl timoun nan. Ou dwe voye fòm nan retounen bay DTA. Si ou pa voye li tounen, DTA ap fèmen ka TAFDC w la.
DTA swiv prezans lekòl pitit ou a. Si pitit ou a nan lekòl piblik, lekòl la rapòte prezans la dirèkteman bay DTA. Ou pa bezwen voye okenn fòm prezans bay DTA.
Si pitit ou a nan lekòl prive, pawasyal oswa lekòl altènatif, oswa lekòl adomisil, DTA ap voye yon fòm pou prezans ba ou. Ou dwe fè lekòl la ranpli fòm nan. Aprè sa, ou fèt pou w voye fòm nan bay DTA.
Si pitit ou manke twòp lekòl san bòn rezon, DTA ap mete li a nan pwobasyon "Learnfare". DTA rele absans lekòl san ekskiz valab "absans inekskizab." Li plis sou sa DTA panse ki bon rezon pou absans (Read more about what DTA thinks are good reasons to be absent). Si pitit ou gen plike 8 absans inekskizab nan yon 45-jou trimès lekòl, DTA ap mete pitit ou a nan pwobasyon Learnfare. DTA ap voye yon notis ekri ba ou sil mete pitit ou nan pwobasyon Learnfare.
Kisa pwobasyon Learnfare ye?
Osito pitit ou nan pwobasyon,
- DTA swiv absans inekskizab chak mwa. Chak mwa, DTA ap voye yon fòm Rapò Prezans lekòl li ba ou. Ou bezwen mande lekòl pitit ou a pou ranpli fòm e siyen li. Oud we voye fòm lan bay DTA.
- Si pitit ou a genyen pliske 3 absans inekskizab nan yon mwa pandan li nan pwobasyon, DTA ap estope pòsyon benefis pitit ou a nan TAFDC pou yon mwa. Pòsyon pa pitit ou apeprè $100 pa mwa. Lè pitit ou a genyen mwenske 4 absans inekskizazb yon mwa, benefifis ap rekòmanse ankò.
- Si pitit ou a pèdi benefis pou 3 mwa yonn aprè lòt, DTA ap voye ou nan Depatman Timoun ak Fanmiy / "Department of Children and Families" (DCF). DCF kapab kontakte ou pou ba ou èd. Sa pa atribye ak abi e neglijans (abuse and neglect referral).
- Pitit ou a rete nan pwobasyon Learnfare jiska li genyen 6 mwa lekòl yonn aprè lòt avèk 10 omwens absans inekskizab. DTA ap voye yon notis ekri ba ou ositoke pwobasyon Learnfare la estope.
Remak
Si lajan TAFDC desann paske pitit ou pèdi pòsyon pa li a:
- O pa dwe pèdi kouvèti asirans MassHealth ni pou ou oswa pitit ou.
- SNAP/Koupon Alimantè ou pap ogmante.
Ki yon bon rezon ki genyen pou absans
Bon rezon pou absans se “absans ekskize.” Absans ekskize gen lan yo:
- Maladi – si pitit ou manke mwenske 5 jou lekòl konsekitif, DTA ap aksepte yon accept a written jistifikasyon ekri nan men ou;
- Pou pliske 5 jou, ou bezwen yon nòt doktè oswa lopital.
- Absans akòz enkapasite pitit ou, jan DTA defi li;
- Fèt relijye;
- Lanmò yon manm pwòch fanmiy lan. Wap genyen pou bay DTA pwèv kankou yon sètifika desè oswa yon atik jounal; avèk
- “Sitiyasyon kriz” director DTA oswa moun li deziye apwouve DTA.
Si pitit ou a gen yon “absans ekskize” lekòl la li pap konte nan 8 jou yo nan 45 jou trimè lekòl la. Yo pa dwe konte yon absans ekskize kont pitit ou a.
Eske tout timoun dwe swiv règ “Learnfare” la?
Si ou menm oswa gadyen pitit nan dizabilite pitit ou a kapab pa enyen pou l swiv règ Learnfare la. Ya kapab “ekzante” pitit ou a si sèlman ou konfòm ak règ pou enkapasite estrik yo (strict disability rules).
Learnfare aplikab pou tout lòt timoun nan TAFDC depi nan laj 6 an oswa nan 1mye grad, jiskaske yo gen 16 an.
Timoun ki genyen inkapasite dwe swiv règ Learnfare.
Learnfare aplikab tou pou timoun ki te ekspilse oswa sispann nan lekòl, menmsi yo pa genyen aksè ak edikasyon altènatif.
E si m pa dakò avèk desizyon DTA pou koupe benefis pitit mwen an akòz Learnfare?
Si ou gen yon notis ki di pitit ou a nan pwobasyon oswa ap pèdi TAFDC paske li genyen absans inekskizab, ou capab konteste li.
Dekouvri sa lekòl ou a rapòte bay DTA. Asire w enfòmasyon yo korèk. Si yo fo, bay DTA enfòmasyon korèk yo.
Si pitit ou a gen yon rezon valab pou l te manke lekòl, bay DTA pwèv la.
Si oumenm ak pitit ou a te sanzabri oswa tap sove kont abi, DTA dwe apwouve eksplikasyon sa a paske pitit ou a te nan yon “sitiyasyon kriz”. Kriz se bon rezon pou ekskize absans.
Ou gen dwa pou w ale alapèl kont benefis yo refize w oswa yo desann.
Si w gen yon notis ekri ki di DTA ap redwi benefis ou akòz Learnfare, ou kapab mande yon odyans (ask for a hearing).
Ou kapab mande yon odyans tou si w gen yon notis ki di pitit ou a nan pwobasyon Learnfare.
Pòte tout pwèv ki kapab ede w pwouve ka w la nan odyans la.
Ou gen dwa pou:
- Wè dosye ka w la, enkli dosye lekòl.
- Fè kopi nenpòt dokiman ki nan dosye DTA ou, e
- Mande lekòl la kopi tout dosye sou edikasyon pitit ou.
E si pitit mwen bezwen èd nan lekòl li?
Move dosye absans nan lekòl kapab yon siy difikilte nan aprann oswa lòt pwoblèm.
Nan sèten ka, pitit ou a kapab benefisye nan sèvis edikasyon espesyal.
Ou gen dwa pou w mande pwofesè pitit la oswa konseye a pou enfòmasyon sou sèvis ki kapab ede pitit ou a.