Kisa règ vaksinasyon an ye?
Pou w jwenn TAFDC ou bezwen montre DTA
- Kanè vaksen pitit ou, ki rele imunizasyon tou, ajou, oswa
- Ou genyen rezon medikal o relijye ki fè ou pa bay pitit ou vaksen.
Kòman règ vaksinasyon an fonksyone?
DTA dwe enfòme w sou règ vaksinasyon an:
- Lè ou premye aplike,
- Lè yon timoun fèt, ak
- Lè yon timoun vin gen 2 an.
Nan pwen sa a ou genyen 60 jou pou w bay DTA pwèv:
- Vaksinasyon pitit ou a ajou,
- Ou genyen randevou ak doktè pou fè vaksinasyon yo, oswa
- Ou genyen rezon medical oswa relijye pou w pa vaksine pitit ou a.
Kisa m kapab itilize kòm pwèv?
Pwèv la genyen youn nan sa yo ladan l:
- Yon fòm vaksinasyon moun sant medikal pitit ou a ranpli.
- Yon lèt sant medikal pitit ou a ki endike vaksen pitit ou a ajou.
- Yon kopi MassHealth o lòt fakti asirans ki montre pitit la te wè doktè pou tcheke l anbòn sante.
- Pwèv pitit ou a nan yon pwogram Head Start oswa yon gadri lisansye. Si DTA peye pou Head Start oswa gadri a, DTA deja genyen pwèv vaksinasyon an.
- Pwèv pitit ou a enskri lekòl.
- Yon lèt sant medikal pitit ou a avèk dat randevou pou li vaksinen an. Wap bezwen bay DTA yon lèt doktè ositoke pitit la genyen randevou a.
Si pitit ou a genyen mwenske 2 zan, DTA kapab mande ou pou w montre pitit la ankò ajou sou vaksen yo aprè li vin gen 2 zan.
E si m pa kapab bay DTA pwèv vaksinasyon yo?
Si ou pa bay DTA pwèv yo bezwen yo:
- Wap pèdi pòsyon alokasyon TAFDC pa w la – apeprè $100/mwa.
- Wap kapab pèdi dediksyon sou revni w sou salè ou ak lòt sèvis sipò DTA tèlke transpòtasyon oswa, gadri.
Si pitit ou a apwen sou vaksen yo, DTA kapab ede w jwenn pwèv ou bezwen yo. Di DTA si ou bezwen èd pou w jwenn yon lèt sant la oswa lekòl la.
E si m pa kapab fè vaksinen pitit mwen an?
Si ou pa kapab fè vaksinen pitit ou a pou rezon medical o relijye, ou kapab genyen, " rezon valab " pou w pa obeyi règ la. Ou kapab genyen rezon valab si:
- Vaksen yo kont kwayans relijye ou.
- Yon nòt ekri doktè a di pitit ou a pa dwe vaksinen pou rezon medikal.
- Ou diskite vaksen yo ak doktè a e ou kwè yap riske sante pitit ou a.
Si ou genyen yon rezon valab, ou pap pèdi TAFDC ou menmsi pitit ou a pa vaksinen.
Pou w montre rezon valab, ou dwe bay DTA youn nan sa yo:
- Yon atestasyon ekri ou ki di vaksinasyon kont kwayans relijye ou.
- Yon lèt doktè ki di pitit ou a pa dwe pran vaksinen pou rezon medikal.
- Yon atestasyon ekri ou ki di w te diskite vaksen yo avèk doktè pitit ou a e ou kwè vaksen yo se yon risk pou sante pitit ou a.
E si m bezwen èd pou m fè vaksinen pitit mwen?
MassHealth peye pou tout vaksen ki obligatwa, ak tout konsiltasyon ak lòt sèvis medikal. Si ou bezwen èd pou w jwenn yon doktè, rele nimewo Sèvis pou Klyan MassHealth la nan 1-800-841- 2900. Ou kapab rele sant medikal lokal ou a nan vwazinaj la oswa klinik pedyatrik lopital la pou èd avèk enfòmasyon.
E si mwen pèdi TAFDC mwen akòz règ vaksinasyon an?
Ou kapab ale alapèl e mande yon odyans kont desizyon sa a (you can appeal the decision and ask for a hearing) si yap redwi alokasyon ou.
Jwenn èd legal
Ou kapab rive jwenn èd legal nan biwo èd legal lokal ou a (your local legal aid office).