Kisa TAFDC ye?
TAFDC se "Èd Tanporè pou Fanmiy ak Timoun Depandan (Aid to Families with Dependent Children)." Se yon alokasyon lajan kash pou fanmiy ki gen timoun. Nan alokasyon an yo bay lajan yon fwa pa an pou achte rad pou chak timoun nan fanmiy lan. Se menm bagay avèk "wèlfè."
Mwen se yon granparan kap elve granpitit mwen. Eske mwen kapab resevwa TAFDC pou granpitit mwen?
Wi. Ou kapab resevwa alokasyon TAFDC pou yon granpitit wap eleve. Granpitit la dwe rete ansanm avèk ou e li dwe
- genyen mwenske 18 tan, oswa
- genyen 18 tan, ankò nan lekòl segondè, men ap gradye avan li genyen 19 van.
Eske m bezwen pou m gadyen oswa mwen gen chaj legal granpitit mwen an pou m kapab resevwa alokasyon?
An jeneral ou pa bezwen gadyen oswa genyen chaj legal pou w resevwa TAFDC pou granpitit ou si paran timoun yo pa rete ansanm avèk ou. Ou jis bezwen montre ou se fanmiy ak timoun nan. Ou kapab fanmiy san oswa pa alyans, menmsi maryaj la kraze.
Ou kapab pwouve relasyon an avèk batistè, dosye lekòl, dosye medikal, oswa lòt kalite dokiman.
Eske mwen kapab jwenn TAFDC pou granpitit mwen sèlman?
Wi. Ou kapab chwazi si w vle jwenn alokasyon pou granpitit ou sèlman, oswa pou oumenm tou.
Si w chwazi pou resevwa alokasyon pou granpitit ou sèlman:
- DTA ap konte revni oswa resous ou – bagay ou posede– lè ya deside konbyen lajan TAFDC oumenm ak granpitit ou a kapab jwenn.
- Sèten nan règ TAFDC yo, kankou règ sou travay (work rules) and limit tan (time limits), pa aplikab.
Eske m kapab jwenn alokasyon TAFDC pou mwen menmsi m bezwen yo?
Wi, si revni w ba ase. Si ou chwazi pou w jwenn alokasyon pou oumenm:
- DTA ap konte revni ou avèk resous ou – bagay ou posede– lè yo deside ki valè alokasyon TAFDC ou menm avèk granpitit ou kapab jwenn.
- Tou depandan laj ou ak sante w, ou kapab genyen yon obligasyon pou travay (work requirement) tou. Tan limit (time limits) TAFDC a ap aplikab tou.
Eske m kapab jwenn gadri pou granpitit mwen an pou lè mwen travay yo?
Si wap resevwa TAFDC pou oumenm, ou kapab jwen you koupon pou lè ou travay yo oswa ou ale nan yon pwogram edikatif oswa trening.
Si ou resevwa TAFDC pou granpitit ou a sèlman, travayè wèlfè a kapab di ou pa kapab resevwa koupon pou granpitit ou a. Men ou kab rive jwenn youn avèk èd yon asistan nan Sèvis Legal. Rele Pwogram Sèvis Legal yo (Legal Services program) pou w mande sa.
E SNAP/ Kopon Alimantè?
Ou kapab jwenn SNAP/ Koupon Alimantè pou granpitit ou, men sèlman si ou pran yo pou oumenm tou. DTA ap konte revni ou lè yo deside ki valè SNAP oumenm ak granpitit ou a ap jwenn.
E pou Mass Health?
Si oumenm ak/ oswa granpitit ou a ap resevwa alokasyon TAFDC, wap jwenn Mass Health tou.