You are here

Konsèy pou pwoteje benefis koupon alimantè SNAP ou

Pwodwi pa Greater Boston Legal Services and Massachusetts Law Reform Institute
Kreye Me 2015

Eske DTA estope benefis SNAP ou yo menmlè ou te voye papye DTA te mande yo?

Eske DTA ap mande ou dokiman ou pa genyen oswa ou pa konnen kòman pou w jwenn yo?

Kèk bagay ou kapab fè pou w retounen jwenn benefis SNAP ou yo se:

Rele liy pou asistans DTA a nan (877-382-2363)

Kòman mwen kapab rive pale an pèsòn ak yon anplwaye DTA?

Ou pa bezwen rantre enfòmasyon pèsonèl ou pou w rive jwenn yon anplwaye. Lè w rele Liy pou Asistans lan:

  • Chwazi lang ou a. Peze 1 an po Anglè, 2 a pou panyòl, eksetera.
  • Peze 1 pou yon "klyan oswa ansyen klyan, oubyen si w fèk aplike pou benefis"
  • Peza 1  "pou w rele pou yon entèvyou." Peze 1 pou w jwenn yon anplwaye, menmsi ou pa bezwen yon entèvyou.

remak:

Si ou pa fè jan li di anlè a, sistèm  telefòn DTA a kapab mande pou w fè 4 bagay: antre nimewo kat  EBT a; NSS; ane ou fèt; ak kòd postal. Ou pa bezwen fè sa pou w rive jwenn yon anplwaye. Ou sèlman bezwen fè sa pou w jwenn enfòmasyon otomatize ka w la.

E si mwen pa kapab rantre nan Liy Asistans DTA a?

  • Kontinye eseye. DTA di pi move lè pou w rele se nan granm maten ak nan lendi yo.
  • Kenbe nòt sou kantite fwa ou rele yo — e  rapòte efò ou yo bay otorite eli yo (report your efforts to State elected officials)!
  • Si yo fèmen ka SNAP ou a, rele Direktè Biwo a. Al wè Lis Kontak Direktè DTA yo (DTA Directors Contact List). Kenbe nòt sou kout telefòn ou yo e rapòte sa bay Direktè Biwo a ak Otorite eli Eta a (State elected officials)!

Kisa mwen dwe mande si m jwenn yon anplwaye DTA?

  • Di DTA ki dokiman ou voye e kilè. Mande anplwaye a pou l gade nan Istwa Dokiman (Document History) nan sistèm konpitè DTA a pou wè si yo genyen tousa ou te voye yo. Pou yon echantiyon nan ekran an, al wè Kòman pou w konnen si DTA te gade dokiman ou te voye yo  (How to tell if DTA has looked at documents you sent in).
  • Mande anplwaye a "Eske ou genyen tou sa ou bezwen pou reouvri ka mwen an.
  • Si anplwaye a di genyen dokiman ki manke, mande "Ki dokiman ki manke e nan ki dat ka mwen an te fèmen?"
    • Si li mwenske 30 jou depi ka w la te fèmen:
      • Fakse dokiman ki manke yo bay 617-887-8765 oswa
      • Poste  dokiman ki manke yo bay DTA, P.O. Box 4406, Taunton, MA 02780.
      • Rele Liy pou Asistans lan 1-3 jou aprè ou voye dokiman yo e mande si yo te resevwa dokiman yo e si yo ap travay sou yo.
      • Si DTA resevwa dokiman 30 jou delè ka w la te fèmen an, yo dwe reouvri ka w la.  
        Yo kapab pa ba ou tout benefis SNAP ou rate yo si yo panse se fòt ou ki te kreye dele a. Si sa fèt, ou kapab ale alapèl kont desizyon an —  al wè Fè alapèl kont desizyon pou koupe benefis SNAP ou.
    • Si li genyen pliske 30 jou depi ka w la te fèmen, al wè Aplike pou benefis SNAP ankò, avèk Ale alapèl kont desizyon pou koupe benefis SNAP ou.

Remak:

Si ou pa genyen kopi notis DTA voye yo, ouvri yon “My Account Page” (set up a "My Account Page") pou ou wè notis yo.

E si m pa kapab jwenn enfòmasyon anplwayè a DTA vle a?

DTA ap voye lèt bay klyan SNAP pou mande enfòmasyon sou travay avèk ansyen travay yo. DTA jwenn enfòmasyon sa a nan sistèm konpitè Depatment Reveni (DOR).

  • Lèt sa yo mande pou souch chèk, oswa yon lèt travay la ki montre kilè out e sispann travay. Al wè Echantiyon Notis Verifikasyon Travay DTA "DOR la (Sample DTA "DOR Employer Verification Notice").
  • Genyen anpil fòt nan enfòmasyon DOR yo.  DTA kapab mande enfòmasyon sou plas kote ou pat janm travay, sale ou te deja rapòte bay DTA, ansyen salè oswa revni ki pa konte – kankou travay ègonomik, revni etidyan lekòl segondè, oswa alokasyon pou yon trening. Rele yon (ADVOCATE)* asistan pou ede ou!
  • Si ou pa kapab jwenn enfòmasyon sou travay la DTA vle a, ou kapab:
    • Ranpli yon fòm yo rele "Rekèt pou Enfòmasyon Travay (Request for Employment Information").  Ranpli fòm nan epi voye li tounen bay DTA.
    • Ekri yon "Deklarasyon-Oumenm (Self-Declaration)" pou w di DTA ou pat janm travay nan djòb sa a yo endike nan lèt la, oswa ou pa travay la ankò. Yon pwòp-deklarasyon ou se yon deklarasyon ou siyen avèk enfòmasyon sou yon bagay.

E si DTA di yo bezwen lòt dokiman mwen pa genyen?

Enpòtan

Regleman SNAP yo di anplwaye yo dwe ede ou jwenn verifikasyon yo si ou bezwen èd. DTA  pa koupe SNAP ou si w siyen fòm sa yo e voye yo pou w mande èd.

Rele Direktè youn nan Biwo DTA lokal ou a

Kilè mwen dwe rele Direktè a?

  • Rele Direktè a si ka w la fèmen e ou pa kapab rantre nan Liy telefòn pou Assistans, oswa ou pa jwenn èd ou bezwen an. Direktè a ka kapab fè reouvri ka w la oswa eksplike ou sa kap pase.

Kisa m dwe di?

  • Di Direktè a sak pase nan ka SNAP ou a e mande èd. Eksplike li ou deja eseye Liy pou Asistans DTA a.

Kibò m kapab jwenn nimewo telefòn Direktè a ?

Al wè Lis kontak Direktè DTA yo (DTA Directors Contact List) pou w jwenn Nimewo telefòn  Direktè a. Ou kapab eseye telefòn prensipal la pou biwo DTA lokal ou a e mande pou direktè a.

Rele Biwo Depatman Agrikilti E.U. New England nan (USDA)

Poukisa m dwe rele Biwo USDA New England nan?

Gouvènman federal la peye SNAP pou benefis yo. USDA se branch gouvènman federal la  ki administre DTA ak SNAP. USDA vle pou w resevwa benefis SNAP ou sipoze jwenn yo. Yo vle konnen si moun nan Massachusetts gen pwoblèm ak DTA. Ou kapab rele Biwo Rejyonal USDA a nan Boston nan: 617-565-6370.

Kisa mwen dwe di?

  • Mande pou w pale avèk yon moun ki kapab ede w avèk benefis SNAP Massachusetts ou yo. Di li ou vle pote yon plent kont DTA ki koupe benefis ou.
  • Eksplike sak te pase nan ka SNAP ou a e mande èd pou rezoud ka w la. Eksplike yo ou eseye kontakte DTA men sa pa rezoud pwoblèm.

Rele  lejislatè Massachusetts ou yo, Senatè ou ak Depite ou

Poukisa pou m rele lejislatè m yo?

Lapalita lejislatè yo eseye ede elektè yo lè yo genyen pwoblèm. Ou se yon elektè si ou rete nan zòn lejislatè a reprezante a. Di pèsonèl biwo lejislatè a sak pase nan ka SNAP ou a, e mande èd pou ranjè li. Eksplike yo ou eseye kontakte DTA dirèkteman e sa pa rezoud pwoblèmm nan.

Kòman mwen kapab konnen kilès lejislatè m yo ye ak nimewo telefòn yo?

Aplike pou benefis SNAP ankò

Poukisa mwen dwe aplike ankò?

Monte alapèl kont desizyon pou koupe benefis SNAP ou yo

Poukisa pou m fè apèl?

Ou kapab retounen jwenn benefis SNAP ou apati dat yo te koupe benefis yo.

Ou kapab retounen jwenn benefis ou si w montre DTA te fè yon erè lè yo te koupe benefis yo, oswa si ou pote dokiman ki manke yo nan odyans la.  

Eske m dwe fè apèl e fè yon nouvo aplikasyon pou benefis SNAP?

Wi. Ou dwe aplike ankò menmsi wap fè apèl paske apèl la ap petèt pran lontan.

Kòman pou m fè yon apèl?

  • Ranpli  "Fòm Rekèt pou apèl” DTA a  ("Request for Appeal" form). Fakse li bay: 617-348-5311. Oswa poste li bay DTA, P.O. Box 4017, Taunton, MA 02780.
  • Aprè ou jwenn apèl ou a, DTA ap voye yon lèt ba ou avèk dat odyans la. Odyans la kapab fèt anpèsòn nan biwo lokal la oswa nan telefòn. Si ou vle yon odyans nan telefòn o si ou genyen kesyon sou si odyans la te fikse, rele Seksyon Odyans la nan 617-348-5321.

Mande yon òganizasyon lokal pou ede ranje ka w la

  • Ou kapab bay yon òganizasyon yon konsantman ekri pou yo kapab rele DTA pou konnen sak genyen. "Konsantman Ekri pou aksede Enfòmasyon sou DTA Klyan an ("Written Consent to Access DTA Client Case Information") oswa yon deklarasyon parèy ekri alamen. Asire pou yo fakse li bay Sant pou Dokiman DTA a avan yo rele DTA.

Fòm ak Echantiyon ou kapab itilize

A. Non, nimewo telefòn ak liy dirèk Direktè Biwo Lokal DTA (DTA Local Office Director Names, phone numbers and direct lines)
B. Kòman ou kapab di si DTA te gade dokiman ou te voye yo (How to tell if DTA has looked at documents you sent in)
C. Echantiyon DTA pou "Notis pou Verifikasyon Anplwayè DOR” (Sample DTA "DOR Employer Verification Notice")
D.  Fòm "Rekèt pou Enfòmasyon sou Travay (DTA "Request for Employment Information" form) - ou kapab pèmèt DTA pou l kontakte anplwayè yo dirèkteman pou tout enfòmasyon
E. Konsantman Volontè pou Bay Enfòmasyon (Voluntary Consent to Release Information)
F. Echantiyon fòm pou “ Pwòp Deklarasyon” (Sample "Self Declaration" form) – yon pwòp deklarasyon kapab ekri alamen tou sou nenpòt moso papye
G. Echantiyon fòm pou mande DTA pou ede w jwenn prèv (Sample form to ask DTA to help you get proof) - mande DTA èd pou w jwenn verifikasyon yo di ou bezwen yo
H. Fòm DTA pou Rekèt pou Apèl (DTA Request for Appeal form)
I. Fòm Konsantman Ekri pou Aksede Enfòmasyon sou ka klyan DTA (DTA Written Consent to Access DTA Client Case Information form) – pèmèt òganizasyon kominotè pale avèk DTA sou ka w la, e wè enfòmasyon sou ka w la. Ou kapab ekri pwòp lèt ou tou ki pèmèt lòt moun ede ou

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).