You are here

Kredi pou Taks Timoun

Revize Janvye 2015

Kisa Kredi pou Taks Timoun lan ye?

Kredi pou Taks Timoun nan se yon mwayen pou moun ki genyen timoun peye mwens taks ak jwenn IRS retounen lajan ba yo.

Konbyen lajan mwen kapab jwenn?

Ou kapab jwenn jiska $1,000 pa timoun.

Eske mwen kalifye pou Kredi pou Taks Timoun nan?

Pou w kalifye pou Kredi pou Taks Timoun nan, ou dwe te genyen yon timoun ki gen mwenske 17 an ki abite avèk ou pou pliske lamwatye ane 2014 la.

Pitit la kapab pwòp pitit ou oswa yon lòt timoun ki fanmiy ou, telke frè o sè, nyès, neve, bofis, belsè, oswa yon timoun adopte.

Mwen pa sitwayen Ameriken.  Eske m ankò kapab  jwenn Kredi pou Taks Timoun nan?

Si ou kalifye pou kredi a e ou pa sitwayen Ameriken, ou ankò kapab jwenn kredi sa yo si  oumenm avèk timoun nan nou toulède genyen Nimewo Sosyal Sekirite oswa Nimewo Idantite pou Peyè Taks valab (valid Social Security Numbers or Individual Taxpayer Identification Numbers /ITINs).

Lajan map jwenn nan eske lap konte kont asistans piblik mwen? 

Non.  Li pap konte kont asistans sosyal(welfare), SNAP/Koupon Alimantè, SSI, Asistans Medikal, oswa lojman piblik. Men sèten pwogram asistans kapab genyen regleman sou kantite tan ou kapab kenbe lajan an labank san w pa depanse li.

Eske mwen kapab jwen èd gratis pou m ranpli taks mwen epwi jwen lajan pou kredi sa yo?

Wi. Chèche sou kòd postal oswa sou non vil ou a yon biwo sèvis tax prè ou ki kapab ede ou ranpli papye yo gratis, oswa rele 1-800-829-1040.

E si mwen ranpli tax mwen anreta?

Ou dwe kapab jwenn kredi yo menmsi ou ranpli taks ou anreta, men nan sèten ka ou kapab genyen pou w peye yon penalite poutèt ou ranpli anreta.  Si ou pa kapab ranpli taks ou vè 15 Avril, 2014, pale ak yon moun ki fè taks pou konnen sa pou w fè. Ou kapab pale ak yonn gratis nan yon biwo sèvis taks gratis ki prè ou.

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).