Pote pyès sa yo nan biwo taks la nan vwazinaj la, si ou genyen yo
- Pyès idantite oumenm avèk madanm/mari ou,
- kopi tax 2013 ou te ranpli,
- Kat Sosyal Sekirite, lèt verifikasyon Nimewo Sosyal Sekirite ou, oswa Nimewo ID Peyè Taks Endividyèl (Individual Taxpayer ID Numbers /ITIN) oumenm, pitit ou, ak mari/madanm ou.
Dokimantasyon sou revni. Sa genyen ladan li:
- Tout fòm W-2 (relve lajan w fè) pou travay ou te fè an 2014,
- Tout fòm 1099 ak tout fòm 1099G (Pèman Gouvènman). Sa montre lòt revni ou te resevwa an 2014,
- Tout fòm 1098 (pèman ekolaj).
Pote dokimantasyon pou bagay sa yo, si ou genyen yo
- Total depans pou swen timoun an 2014 - plis non, adrès, ak Nimewo Idantite Anployè ou (Employer Identification Number /EIN) oswa Nimewo Sekirite Sosyal moun ki okipe pitit ou,
- Lajan Sipò timoun oswa pansyon alimantè ou resevwa oswa peye,
- Depans pou adopsyon,
- Relve enterè sou prè etidyan (enterè total etidyan peye sou lajan prete),
- Lajan lwaye peye antotal an 2014 - mètkay/non ak adrès ajan lokatè,
- Relve konpayi ipotèk oswa fakti taks sou kay ou,
- Tout lèt oswa fòm ou resevwa nan men IRS.
Tout lòt revni, kankou:
- Bous lekòl avèk bous pou rechèch,
- Konpansasyon o bonis,
- Lajan w genyen nan lotri o jwèt.
Nòt
- Si ou ranpli taks ou elektronikman e ou marye wap ranpli ansanm, ou dwe mennen mari/madanm ou. Nou toulède dwe siyen fòm yo.
- Si ou vle ekonomize enpe nan lajan yo ranbouse w la, ou kapab di IRS pou mete enpe o tout lajan an labank oswa nan IRA pou ou. Pote nimewo kont ak idantite bank ou pou jiska 3 kont. Sa kapab kont kouran, epay, oswa IRA. Deside sou konbyen nan ranbousman w lan ou vle depoze nan chak kont. Si ou vle depoze ranbousman w lan nan yon kont kouran, pote yon chèk vyèj (anblan).