You are here

Fason pou planifye pou yon ijans familyal

Pwodwi pa Massachusetts Law Reform Institute nan yon pote-kole avèk : ACLU of Massachusetts, Catholic Charities Archdiocese of Boston, Children’s Law Center of Massachusetts, Community Legal Services and Counseling Center, Greater Boston Legal Services, Harvard Imm
Revize Jiyè 2017

Tout fanmi dwe planifye kiyès ki pral pran swen pitit yo pandan yon ijans. Atik yo ki anba a gen enfòmasyon ki pral ede ou kreye yon plan ki gen konsèy espesyal pou fanmi imigran yo.

Planifikasyon jeneral

  • Pale an fanmi, sou plan ijans ou a. Fè timoun ou yo patisipe tou. Deside ki moun ki pral pran swen timoun yo, ki kote ou pral mete dokiman enpòtan yo, ki moun pou rele lè gen yon ijans.
  • Sanble dokiman enpòtan yo : pran dokiman enpòtan tankou batistè ak paspò yo. Mete yo yon bon kote fanmi ou konnen ki kote pou yo jwenn yo. Itilize lis dokiman enpòtan ki anba paj sa a.
  • Konnen dwa ou yo : Konstitisyon ameriken an bay tout moun Ozetazini sèten dwa. Chèche konnen kijan yo pwoteje ou. Chèche konnen dwa ou yo epi ale nan yon fòmasyon.
  • Mande èd imigrasyon : si imigrasyon se youn nan pi gwo pwoblèm ou yo, eseye jwenn konsèy sou imigrasyon. Pran yon lis sèvis legal gratis nan Massachusetts anba paj sa a.

family clipart

Plan pou swen pitit ou

Planifye pou konnen ki moun ki pral pran swen pitit ou yo si ou pa kapab. Pale ak pitit ou yo ak moun ou chwazi pou pran swen yo a, pou tout moun ka konnen plan an epi dakò ak li. Men kèk etap ou ka pran :

  • Ranpli yon paj enfòmasyon pou moun k ap bay swen an pou chak timoun : mete enfòmasyon sou timoun nan, tankou enfòmasyon sou lekòl li, enfòmasyon medikal, alèji ak medikaman, ak lòt detay ki enpòtan pou lavi kotidyen pitit ou a. Gade nan fèy enfòmasyon enpòtan timoun nan ki anba sit entènèt sa a.
  • Mete kontaj lekòl yo ajou : kontakte lekòl pitit ou a. Verifye si yo gen bon enfòmasyon pou kontakte kèk grenn moun ou fè konfyans pou vin chèche pitit ou a lekòl si ou pa kapab.
    • Di lekòl la ou pa vle yo mete enfòmasyon ou nan okenn anyè lekòl la pibliye. Sa ap ede pwoteje enfòmasyon ou yo.
  • Li t ap yon bon ide si ou chwazi yon moun pou pran swen pitit ou si ou pa kapab : Ou ka chwazi pami 2 fòm diferan pou bay yon lòt moun responsablite legal pou pitit ou. Ou pa bezwen ale nan tribinal. W ap jwenn toude fòm sa yo nan dosye sa a.
    • Deklarasyon sou sèman pou bay oun otorizasyon pou bay swen (Caregiver Authorization Affidavit) bay moun k ap bay swen an pouvwa ak responsablite pou pran desizyon sou edikasyon ak swen sante pitit ou.
    • Nominasyon ajan tanporè (Temporary Agency Appointment) pèmèt « ajan an, » oswa moun ou chwazi a, pou l pran nenpòt desizyon yon paran ka pran pou pitit ou a pou jiska 60 jou.
  • Anrejistre nesans pitit ou nan konsila etranje peyi ou : si youn nan paran yo pa sitwayen ameriken, li t ap yon bon ide si ou anrejistre nesans pitit ou nan konsila peyi ou. Si pitit ou a vle vwayaje oswa ale nan peyi ou, li te ka pi fasil si nesans li deja anrejistre nan konsila a.
  • Aplike pou paspò pou pitit ou : pifò gouvènman egzije pou toude paran yo bay pèmisyon pou yo ka fè paspò pou pitit yo a. Si se ou menm sèl ki gen lagad legal pitit ou a, ou pa bezwen pèmisyon lòt paran an.
  • Ekri yon lèt pou vwayaje (Travel letter): Si pitit ou a bezwen vwayaje deyò Etazini, li kapab bezwen yon lèt notarye ki ba li pèmisyon pou vwayaje ak yon moun majè ou fè konfyans, oswa lòt paran an. Li t ap yon bon ide si ou kontakte yon konpayi avyon oswa konsila peyi ou pou konnen egzakteman kijan pou ou fè sa.

Ki moun ki pral pran swen pitit mwen si gen yon ijans ?

Reflechi sou kesyon sa yo lè w ap chwazi yon moun pou pran swen pitit ou a :

  1. Èske moun nan gen omwen 18 lane ? Se sèlman moun ki majè k ap ka yon moun ki ka bay swen
  2. Èske se yon moun ki responsab ?
  3. Èske moun nan kapab epi li dakò pou pran swen pitit mwen an ?
  4. Èske moun nan konn nan pwoblèm deja ak Depatman Sèvis Timoun ak Fanmi [Department of Children and Families (DCF)] ?
  5. Èske moun nan gen yon dosye kriminèl ?

Apre ou chwazi moun k ap bay swen an, w ap bezwen deside ki kalite aranjman legal ou pral gen ak li. Ou gen plizyè opsyon.

Opsyon enfòmèl la

Ou ka toujou fè yon plan enfòmèl avèk fanmi ak zanmi ou yo, men sa gen dwa pa pi bon opsyon an paske li pa bay moun k ap bay swen an dwa legal. Plan ou an ka gen ladan l : pale ak moun ou vle pran swen pitit ou a oswa ekri kisa ou vle yo fè si ta gen yon ijans. Yon plan enfòmèl pi fasil, men lekòl oswa doktè pitit ou a gen dwa dakò ak plan sa a epi moun k ap bay swen an ka bezwen ale nan tribinal pou ede pitit ou a.

Deklarasyon sou sèman pou bay moun k ap swen an otorizasyon (Caregiver Affidavit Authorization)

Yon deklarasyon sou sèman pou bay moun k ap swen an otorizasyon se yon bon opsyon si pi gwo sousi ou se edikasyon ak sante pitit ou a. Anpil lekòl ak doktè deja abitye ak fòm sa yo.

Deklarasyon sou sèman an di ki moun ou vle pou bay swen epi pou pitit ou a al viv ak li. Li bay moun k ap bay swen an dwa pou pran desizyon sou sante ak edikasyon pitit ou a pou jiska 2 zan.

Ou pa abandone okenn nan dwa ou yo lè ou siyen li. Ou ka anile otorizasyon an ki nenpòt lè.

Deklarasyon sou sèman pou chwazi moun k ap swen an bezwen siyati yon sèl paran.

W ap bezwen 2 temwen pou siyen fòm nan ak ou. Epi ou dwe siyen li devan yon notè.

Moun k ap bay swen an dwe siyen deklarasyon sou sèman an tou. Moun k ap bay swen an ap siyen fòm nan epi itilize li pou tout tan timoun nan ap viv ak li.

Deklarasyon sou sèman pou bay moun k ap swen an otorizasyon an ki anba paj sa a diferan ak sa ou ka jwenn nan tribinal la. Fòm sa a gen espas pou w ajoute yon lòt moun k ap bay swen si sa ou chwazi a pa disponib.

Bay moun k ap bay swen an fòm orijinal la epi kenbe yon kopi ak dokiman enpòtan w yo.

Ou pa oblije mete tout timoun ou yo nan yon sèl fòm. Ou ka ranpli yon fòm pou chak timoun. Chak timoun bezwen gen pwòp fòm yo si yo gen moun k ap bay swen diferan.

Deklarasyon sou sèman yo pou bay moun k ap swen an otorizasyon se dokiman ki itil pou nenpòt fanmi.

Nominasyon ajan tanporè yo itil si moun k ap bay swen an bezwen pran desisyon sou finans oswa pwopriyete pitit ou a.

Nominasyon ajan tanporè (Temporary Agent Appointment)

Nominasyon ajan tanporè a bay yon moun k ap bay swen plis pouvwa pase deklarasyon sou sèman pou bay moun k ap swen an otorizasyon an. Yon nominasyon ajan tanporè bay moun k ap bay swen an pouvwa ak responsablite pou pran plis desizyon pase desizyon sou swen sante ak edikasyon pitit ou a. Yon ajan tanporè ka pran desizyon sou pwopriyete ak finans pitit ou a tou. Moun ou chwazi pou li Ajan an ka gen nenpòt pouvwa ou genyen.  Men Ajan an pa ka bay pèmisyon pou pitit ou a marye oswa pou yo adopte li.

Otorizasyon a di ou bay ajan an pouvwa pou pran desizyon nan lavi pitit ou a pou jiska 60 jou apre ou siyen fòm nan devan yon notè. Ou gen dwa pou anile otorizasyon an ki nenpòt lè. Apre 60 jou, ou ka renouvle otorizasyon an, men ou dwe ranpli yon nouvo fòm.

Si ou konnen ki kote lòt paran an ye epi li kapab ak vle pran swen pitit ou a, toude paran yo dwe siyen nominasyon ajan tanporè a. Si lòt paran an pa ka pran swen pitit ou a, ou pa bezwen ranpli fòm sa a.

W ap bezwen 2 temwen pou siyen fòm nan ak ou.

Ajan an dwe siyen deklarasyon sou sèman an tou.

Ou ka ajoute yon dezyèm moun nan fòm nan, an ka moun ou chwazi kòm ajan tanporè a pa disponib.

Ou ka itilize fòm nominasyon ajan tanporè a ki anba paj sa a. Fòm sa a se pou fanmi ki pè depatman imigrasyon ka separe yo ak pitit yo Si ou bezwen yon otorizasyon pou yon rezon diferan tankou w ap fè operasyon epi ou p ap disponib pou detwa semèn, gade Nome yon ajan tanporè nan seksyon Timoun ak Fanmi MassLegalHelp la.

Bay ajan an fòm orijinal la epi kenbe yon kopi ak dokiman enpòtan w yo.

Ou pa oblije mete tout timoun ou yo nan yon sèl fòm. Ou ka ranpli yon fòm pou chak timoun. Chak timoun bezwen gen pwòp fòm yo si yo gen moun k ap bay swen oswa paran.

Gad legal (Guardianship)

Yon responsab legal gen tout dwa yon paran genyen pou pran desizyon pou pitit ou. Se sèlman yon tribinal ki ka pran desizyon pou fè yon moun vin yon responsab legal, oswa anile yon gad legal. Yon moun ou chwazi pou li yon moun k ap bay swen ka bezwen vin yon responsab legal pi devan si li bezwen pran swen pitit ou a pandan lontan. Si ou gen plan pou pitit ou a rete Ozetazini nèt, ak moun k ap bay swen an, li te ka yon bon ide pou w prepare dokiman gad legal yo pou w ka depoze yo si w bezwen fè sa.

Si yon moun vin responsab legal pitit ou a, li gen dwa pou l pran desizyon pou pitit ou a nan plas ou. Si ou vle anile gad legal la, w ap oblije al mande yon jij pou anile li epi responsab legal la ka konteste demand la. Reflechi byen avan ou deside fè yon moun gad legal pitit ou. Ou pral abandone dwa ou kòm yon paran. Gade Guardians and Other Caregivers (Responsab legal ak lòt moun k ap bay swen).

Konsèy pou viktim vyolans domestik

Si ou se yon viktim vyolans domestik, moun ki te abize w la ka eseye pou l pran pitit ou a. Ou ka bezwen sanble dokiman ki montre poukisa yo pa te dwe bay abizè ou a timoun nan. Moun k ap bay swen ou chwazi a ka bezwen ale nan tribinal si moun ki abize w la ap eseye gen gad pitit ou a. Pale ak konseye vyolans domestik ou a si ou gen youn oswa kontkate yon pwogram vyolans domestik pou jwenn plis enfòmasyon ou ak fè plan pou sekirite. Jwenn yon lis òganizasyon pou vyolans domestik sou sit entènèt Jane Doe a.

Gade Konnen dwa ou yo ak fason pou jwenn èd legal.

Fòm ou ka itilize

  • Lis dokiman enpòtan.
  • Paj enfòmasyon enpòtan timoun nan - ranpli youn pou chak timoun.
  • Egzanp Fòm otorizasyon pou moun k ap bay swen ak nòt (Sample Caregiver Authorization with alternate caregiver Form with notes) - eksplike kijan pou w ranpli fòm nan - sa a se sèlman pou fanmi ki pè pou depatman imigrasyon pa separe yo ak pitit yo
  • Fòm otorizasyon pou moun k ap bay swen nan lang Kreyòl Ayisyen ak angle (Caregiver Authorization with alternate caregiver Form in Haitian Creole and English) - sa a se sèlman pou fanmi ki pè pou depatman imigrasyon pa separe yo ak pitit yo.
  • Egzanp fòm nominasyon ajan tanporè a ak nòt (Sample Temporary Agent Appointment with alternate agent Form with notes) pou eksplike kijan pou w ranpli fòm nan. Fòm sa a se sèlman pou fanmi ki pè pou depatman imigrasyon pa separe yo ak pitit yo.
  • Fòm nominasyon ajan tanporè nan lang Kreyòl Ayisyen ak angle (Temporary Agent Appointment with alternate agent Form in Haitian Creole and English)- pou fanmi ki pè pou depatman imigrasyon pa separe yo ak pitit yo.