Lè w resevwa yon Demann pou Parèt ak Plent Pwosè Rezime, depoze Repons ou an san pèdi tan.
Itilize Repons lan pou w :
- Defann dwa ou yo,
- Esplike bay jij la poukisa pwopriyetè ou pa ta dwe mete w deyò, epi
- Di jij la kisa pwopriyetè a te fè ki pa t bon.
Enprime livre sa a epi swiv enstriksyon yo pou w ka fin redije Repons ou an.
Oubyen itilize zouti gratis fòmilè Repons anliy ki fèt pa Massachusetts Defense for Eviction (MADE): GBLS.org/MADE
Eseye pou w jwenn èd jiridik
Livre sa a pa ranplase yon avoka.
Eseye pran yon avoka. Gade MassLegalHelp.org/find-legal-aid
Gen kèk biwo Sèvis Jiridik nan eta Massachusetts ki gen klinik ki ka ede w ak Repons ou an. Kontakte pwogram sèvis jiridik la ki bò lakay ou pou w ka aprann plis konsènan klinik sa yo.
Gen kèk tribinal ki gen pwogram Avoka pou yon Jou. Pwogram sa a ofri konsèy jiridik gratis nan jou pwosè w la.