Want to share what you like about MassLegalHelp with us?

 

Ale nan tribinal la

Fin ranpli fòmilè tribinal ou yo

Konplete Repons ou. Itilize fòmilè Repons ki nan Livre 3 : Repons oswa zouti Repons gratis anliy de Massachusetts Defense for Eviction (MADE) : GBLS.org/MADE

Fini ak Dekouvèt ou. Fòmilè Dekouvèt la pèmèt ou mande enfòmasyon ak dokiman nan men pwopriyetè ou pou ede w genyen pwosè a. Itilize fòmilè ki nan Livre 4 : Dekouvèt oswa itilize MADE pou ede w fin ranpli yon fòmilè Dekouvèt : GBLS.org/MADE

Prepare pou dat pwosè w nan tribinal

Anvan ou ale nan premye odyans ou nan tribinal la :

  • Itilize Lis Verifikasyon sa pou Pòte nan Tribinal la ki nan livre sa a pou ede w òganize tout bagay ou bezwen vin avèk yo. Youn nan bagay ki pi enpòtan pou w fè se pou w vini ak tout bagay ki ekri sou lis verifikasyon sa a.
  • Pale de sa ki pi enpòtan pou w. Ou menm ak pwopriyetè ou a gen dwa antre nan yon medyasyon pou n eseye regle pwosè nou an. Itilize Livre 10 : Negosye yon Règleman de Pwosè w pou ede w panse sou ki tèm ou vle enkli nan yon akò. Apre sa a, w ap pre pou w di medyatè a kisa w bezwen. Pa egzanp, ou gen dwa aksepte pou w peye yon pati nan kòb lwaye ke w dwe a si pwopriyetè ou fè reparasyon ki nesesè yo, epi selman si kondisyon ke w gen dwa rete lakay ou toujou.

Ale nan tribinal la

Si w pa asiste odyans pwosè w nan tribinal la, ou pral pèdi pwosè w la. Jij la gen dwa egzije w pou w sòti nan kay la rapid. Ou gen dwa gen obligasyon pou w sòti nan kay la mwens ke 2 semèn apre dat odyans lan nan tribinal la.

Menm si w fè yon akò ak pwopriyetè ou anvan dat premye odyans ou nan tribinal la, fòk ou ale nan tribinal la kanmèm. Ou ta sipoze asire w ke akò a "aksepte pa tribinal la."    

Lè w ale nan tribinal la ou gen dwa santi w pè pou w pale pou tèt pa w. Men plis ou prepare, plis w ap gen kapasite pou w di medyatè a oswa jij la sa w bezwen.     

Menm si medyatè a oswa pwopriyetè a gen yon ide sou kòman pou l rezoud pwosè w la, ou pa oblije dakò avè l. Ou ka toujou pale ak yon jij.

  • Pa aksepte pou w sòti nan kay la si w pa gen yon lòt kote pou w viv.
  • Pa aksepte pou w peye yon montan lajan ki plis pase sa w ka bay.

Si w pa fè yon akò ak pwopriyetè ou a, asire w ke w pran yon kòpi ki siyen pa toulede pati yo. Konsève akò a nan yon lokal ki sekirize.

Si w pa rive jwenn yon antant ak pwopriyetè a, ou ka pale ak yon jij. Ou gen dwa ka konvenk jij la pou kite w rete lakay ou. An menm tan tou, jij la ka egzije pwopriyetè ou a pou l :

  • Fè travay reparasyon yo.
  • Redwi kòb lwaye ou pa t peye a poutèt movèz kondisyon ki genyen nan apatman ou.
  • Kite w rete lakay ou pou plis tan, pandan w ap fè yon demann pou w jwenn èd ak kòb lwaye a.
  • Kite w rete lakay ou pou plis tan, pandan w chache yon lòt kote pou w rete.
  • Peye w lajan, si w pwouve ke pwopriyetè ou a te vyole kèk lwa byen detèminen.

Lè se tou pa w pou w pale ak jij la, di sa w gen pou di a nan yon fason ki senp epi bref.

  • Fokis sèlman sou enfòmasyon ke w te mete nan Repons ou.
  • Montre jij la dokiman ou te pòte avè w yo.
  • Rele temwen ki ka temwanye sou evènman oswa konvèsasyon ki enpòtan pou pwosè w la.
  • Se pou w klè konsènan bagay w ap mande jij la pou l òdone yo.

Èske w te rate dat odyans lan ?

Si w te rate dat odyans degèpisman w lan, depoze fòmilè yo ki nan Livre 6 : Sipresyon yon Defo. Depoze fòmilè yo san pèdi tan. Ou gen dwa toujou gen yon òpòtinite pou w ka di jij la poukisa yo pa ta dwe mete w deyò lakay ou.

Pa abandonnen menm si ou pèdi pwosè w la

  • Fè yon Apèl
    Si w panse ke jij la oswa jiri a te pran yon move desizyon pandan odyans lan, ou gen dwa fè yon apèl pou pwosè w. Gade Livre 7, 7A, ak 7B : Apèl.
  • Ranvwa
    Si w te pèdi pwosè a men ou bezwen plis tan pou w demenaje, ou ka mande tribinal la pou retade oswa "ranvwaye" degèpisman an. Gade Livre 8 : Ranvwa.

BON CHANS !

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).