Daprè nouvo lwa a, bank la dwe ba ou yon notis ekri nan 30 jou aprè yo sezi yon kay pou di ou:
- non, adrès avèk nimewo telefòn bank la
- non, adrès avèk nimewo telefòn moun ki anchaj reparasyon avèk administrasyon bilding lan;
- adrès kote pou ou voye lajan lwaye a.
Notis sa a dwe :
- poste kote tout moun nan bilding lan ap wè li, epwi;
- voye li ba ou, epwi;
- glise li anba pòt ou