You are here

Kisa bank la genyen pou li fè avan li kapab eseye ekspilse w?

Pwodwi pa Massachusetts Law Reform Institute
Kreye Oktòb 2010
  • Avan bank la kòmanse yon ekspilsyon pou bòn kos li fèt pou li ba ou notis sou kontak pou enfòmasyon an ki dekri nan brochi sa a;
  • Bank la dwe notifye ou sou dwa ou pou ou genyen yon odyans nan tribunal avan ekspilsyon ou;
  • Bank la ta gen dwa voye lòt notis ba ou tou depan rezon an li deklare ki yon kos jis pou ekspilse w la. (Pa ekzanp, si bank la vle ekspilse ou pou lajan lwaye, li dwe notifye sou konbyen lajan lwaye ou dwe.)

Bank la kapab ekspilse ou selman si li ale nan tribunal

Tout mètkay, enkli bank, dwe ale nan tribunal pou ekspilse yon moun. Ekspilsyon se yon pwosesis ki pran tan e ki ba ou yon chans pou defann tèt ou e pou bay pozisyon pa ou. Se selman yon jij ki kapab pase lòd pou ekspilse ou.

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).