You are here

Enfòmasyon pou viktim abi e ki genyen seksyon 8 otorizasyon kay

Pwodwi pa Greater Boston Legal Services
Kreye October, 2007
  • Eske w te yon viktim vyolans domestik, vyolans non mennaj, oubyen moun kap swiv ou pou fè w mal?
  • Eske w genyen seksyon 8 otorizasyon kay ?
  • Chèche konnen kòman nouvo lwa a ka pwoteje w pou yo pa mete w deyò e kont diskriminasyon kay.

Ki sa nouvo lwa ye?

Nouvo lwa rele Violence Against Women Act (Ak vyolans kont fanm), oubyen VAWA.

VAWA pwoteje moun ki viktim vyolans domestik ki genyen project-based section 8 housing (seksyon 8 otorizasyon kay). Si w menm ou nenpòt manb fanmi w sibi abi domestik, VAWA ka pwoteje w pou yo pa mete w deyò e pwoteje w tou kont diskriminasyon kay.

Gen moun kap travay sou dosye sa pou pase yon lwa pou pwoteje tout lokatè nan Massachusetts, tou. Pou plis enfòmasyon, kontakte Greater Boston Legal Services nan nimewo sa 617-371-1234.

Kòman m fè konnen ke mwen genyen project-based section 8 houising (seksyon 8 otorizasyon kay)?

(Project-based Section 8 housing) pwogram seksyon 8 otorizasyon kay se yon pwogram federal ki ede moun ki genyen revni ba peye mèt kay yo. Pandan w genyen kontra ant ou menm e mèt kay la, ou genyen kontra tou ak ajans kay la ( tèlke otorite kay). Ajans kay la peye yon posyon nan kay la pou ou e li "administre" otorizasyon tikè a.

Si w vle soti oswa ou bezwen soti nan kay ou ye a, ou ka itilize otorizasyon tikè ya pou peye nouvo mèt kay la. Donk, kèlkeswa kote w fè ou ka transfere otorizasyon an ak ou tou.

Kòman VAWA pwoteje - m?

VAWA vle di ke yon mèt kay pa ka refize lwe w kay paske w se yon viktim abi oubyen ou te yon viktim abi.

VAWA vle di tou ke yo pa ka mete w deyò nan yon apatman akoz moun ki abize w la oswa akoz aksyon moun ki abize w la.

Si ou ap viv nan menm kay ak moun ki abize w la, mèt kay la ka mete moun kap abize w la deyò pou ak abi yo, men ou menm ki se viktim nan kapab rete nan kay la. Ak abi yo vle di vyolans domestik, menas, vyolans nan mennaj oswa moun kap swiv ou pou yo fe w mal.

Eske yo ka mete- m deyò si m viole kontra?

Anba VAWA, yon mèt kay pa ka mete w deyò lefè ke ou viole kontra akoz ou se yon viktim abi.

Epi tou li pa la mete deyò pou aktivite kriminèl ki gen rapò ak vyolans domestik, vyolans nan mennaj, oubyen pou moun kap swiv ou pou yo fè mal.

Men, yon mèt kay kapab mete w deyò pou yon bagay grav oubyen si w ap plede viole kontra pou bagay ki pa geyen okenn rapò ak abi domestik.

Kilè yon mèt kay ka mete-m deyò?

Ak seksyo 8 otorizasyon tikè a, yon met kay bezwen genyen yon" bon rezon" pou li mete w deyò. VAWA di ke aksyon aabise w la oubyen menas vyolans, oubyen pouswit pou li fè w mal pa ka konsidere kom " bon rezon" pou yo mete w deyò.

Mèt kay la ka mete w deyò si li kapab pwove ke lòt lokatè yo oubyen lòt moun aktyèlman e gwo danje e ke sekirite oswa lòt etap pa ka abòde pwoblèm nan. Si mèt kay la ka pwove sa, yo ka mete w deyò menm si ou se yon viktim abi domestik.

Men si pa gen ankenn prèv de danje a, mèt kay la pa ka mete w deyò oubyen pa ka penalize e nan okenn fason.

Epi tou, mèt kay la pa ka pi ekzijan nan règleman li anvè w ke règleman li itilize pou lòt lokatè ki pa viktim abi.

Eske - m ka pedi otorizasyon tike kay mwen?

Non. Yo pa kapab pran Seksyon 8 otorizasyon tikè kay oswa tèmine -l akoz aksyon moun kap abize w la, oubyen moun kap menase w la, oubyen akoz aktivite kriminèl ki gen rapò dirèkteman ak abi.

Si ou menm ak moun kap abize w la pataje seksyon 8 otorizasyon tikè kay la ansanm, e byen moun ki abize w la yo kapab retire li nan seksyon 8 otorizasyon tike a. Ou dwe wè travayè seksyon 8 ou a nan otorite kay la pou mande li retire non moun kap abize w la nan kontra. Tout otan ke w kalifye pou otorizasyon tikè kay ka, ou pap pedi li paske w se yon viktim abi oswa ou te yon viktim abi.

Eske -m ka itilize otorizasyon tikè -m si m'ap soti nan kay -m ye a?

Wi. Ou kapab soti nan kay ou ye a e tèmine kontra si w panse ke rete nan kay la kapab yon danje pou ou, ou pou manb fanmi w.

Si w ap soti pou rezon sekirite, ou pa bezwen bay mèt kay la yon notis 30 jou pou kite kay la. Ou Kapab jwenn yon nouvo otorizasyon tikè kay e itilize li pou jwenn yon yon lòt kote pou rete nan Massachusetts oswa nan yon lot vil nan Etazini.

Koman mwen ka reklame dwa-m anba VAWA?

Met kay la oswa ajans kay la ke jere otorizasyon tike kay la kapab mande prev ke ou de yon viktim abi.

Si w vle pwoteksyon ke VAWA bay, ou dwe pwove mèt kay la oswa ajans kay la ke w se yon viktim abi.

Kòman-m ka pwove ke-m se yon viktim abi?

Mèt kay la oswa ajans kay la dwe aksepte younn nan dokiman sa yo kom prèv ke w se yon viktim abi:

  • Yon fòm ke HUD apwove e rekomande. SÈTIFIKASYON VYOLANS FAMILYAL, VYOLANS SOU MENNAJ, OSWA ASÈLMAN. Ajans kay la dwe ba ou yon kopi nan fòm sa.

    Oubyen

  • Yon deklarasyon ekri e ke moun ki bay sèvis pou viktim yo siyen li, yon pwofesyonèl medikal, oswa yon avoka ki konfime ke ak sa se yon ak vyolans domestik, vyolans nan mennaj, oswa y'ap swiv ou pou yo fè w mal. Ou dwe siyen deklarasyon an tou.

    Oubyen

  • Yon rapò polis ki di ke w se te yon viktim vyolans domestik, vyolans nan mennaj, oswa y'ap swiv ou pou yo fè mal.

    Oubyen

  • Yon prosè vebal ki soti nan tribinal( pa ekzanp, yon restriksyon, yon afidavi ki soti nan yon tribinal, oubyen yon lod ki soti nan tribinal pou fanmi w e validasyon) ki di ke w se te viktim vyolans domestik, vyolans nan mennaj, oswa moun k'ap swiv ou pou fè w mal.

Konbyen tan m' ka pran pou -m bay prèv la?

Si mè kay la oswa ajans kay la mande ou pou bay prèv ke w se yon viktim abi, ou dwe ba li-l nan yon periòd de 14 jou( wikenn pa konte nan 14 jou sa)

Eske enfòmation mwen bay mèt kay ooswa ajans kay la yo kenbe li sekrè?

Wi. Mèt kay la e ajans kay la dwe kenbe kèlkeswa enfòmasyon ou bay sou vyolans kont ou an sekrè.

Men pafwa mè kay la oswa ajans kay la kapab itilize enfòmasyon sa.Yo ka itilize enfòmasyon sa sèlman nan sitiyasyon sa yo:

  • Si ou bay mèt kay la oswa ajans kay la pèmisyon pou yo pataje enfòmasyon an.
  • Si met kay la bezwen li pou li mete deyò ( pa ekzanp moun ki abize w la).
  • Si tribinal la pase lòd pou met kay la revele enfomasyon an.

Ki kote -m ka ale pou èd?

Si ou panse ke yo mete w deyòoswa diskrimine w enjisteman paske ou se yon viktim vyolans domestik, vyolans nan mennaj, oswa moun kap swiv ou pou fè w mal, rele ofis sèvis legal lokal ou a.

Si ou bezwen asistans sekirite ijans oswa konsèy, rele safelink nan 1-877-785-2020 oswa rele refij vyolans domestik ou a.

Safelink se yon linn telefonn dirèk 24 sou 24 atravè tout eta ki opere pa Casa Myrna Vasquez, Inc, nan Boston. Rele pou entèvansyon kriz, sipò,e pou aksè refij ijans.

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).