Kisa m kapab fè si gen movèz kondisyon nan apatman mwen an ?
Nan eta Massachusetts, kòd sanitè leta a bay lokatè dwa pou yo jwenn yon lòjman ki nan bon kondisyon. Li enpòtan pou dokimante ki pwoblèm ki genyen, kidonk fè foto epi mete pwopriyetè w la okouran de pwoblèm yo.
Pran Aksyon
Itilize MADE: Up To Code pou fè yon rapò sou move kondisyon yo epi pou pran aksyon pou asire w ke reparasyon yo fèt.
Pou plis enfòmasyon, gade Bad Conditions: Getting a Landlord to Make Repairs.
Kisa m kapab fè si m resevwa yon avi ki di ke kòb lwaye mwen an pral monte ?
Si w ap viv nan yon kay prive ki pa sibvansyone, pwopriyetè w la gen dwa mande kantite kòb li vle pou lwaye a. Ou pa oblije aksepte ogmantasyon an. Si yo ba w yon avi ki di kòb lwaye a pral monte, eseye negosye yon ogmantasyon ki pa kreye twòp difikilte pou w. Ou kapab mete tèt ou ansanm ak lòt lokatè pou n ka negosye ansanm. Si w gen yon kontra afèmaj, yon pwopriyetè pa gen dwa monte kòb lwaye a pandan kontra afèmaj ou a anvigè.
Pran Aksyon
Aprann plis konsènan dwa w yo.
Èske pwopriyetè mwen an kapab mete m deyò si m te fè yon demann èd lwaye ?
Si l ap mete w deyò paske w pa t peye lwaye a epi ou fè yon demann pou nenpòt kalite èd lwaye, tribinal la oblije estope pwosè w la jiskaske ajans èd lokasyon an swa apwouve swa refize demann ou an. Tribinal la pa kapab mande yon degèpisman pandan ke pwosè w la sou pòz.
Pran Aksyon
Pou èd ak lokasyon, rele 2-1-1 oswa chache ajans lòjman an nan kominote.
Pou plis enfòmasyon, gade Kijan pou aplike pou Asistans pou Peman Lojman Ijans.
Kisa m dwe fè si pwopriyetè mwen an fèmen m deyò apatman mwen an ?
Pwopriyetè w ap vyole lalwa si yo retire zafè ou yo nan apatman an, chanje seri yo, koupe dlo, kouran, oubyen gaz la, oswa anpeche w itilize apatman an nan nenpòt ki fason. Aprann plis konsènan dwa w yo.
Pran Aksyon
Si pwopriyetè w fèmen w deyò kay la oswa si l fèmen chofaj la, rele tribinal la imedyatman.
Kisa m kapab fè si pwopriyetè mwen an ban m yon “Avi pou Kite” ?
Ou pa oblije sòti nan kay la. Yon Avi pou Kite deklare ke w dwe kite apatman w lan anvan yon dat byen detèminen, men w pa oblije kite kay la anvan dat ki ekri sou avi a reyèlman. Apre dat sa fin pase, si pwopriyetè w la vle mete w deyò, li oblije ale nan tribinal avè w. Li ilegal pou yon pwopriyetè mete w deyò nan kay la san ke l pa ale nan tribinal avè w anvan.
Si mèt kay ou ap mete w deyò paske w pa t peye kòb lwaye a, mèt kay la dwe voye yon fòmilè espesyal ba w ansanm ak Avi pou Kite a. Se fòmilè sa a ki di w ki èd ou ka jwenn pou frennen yon pwosesis degèpisman. Si mèt kay ou pa ba w fòmilè sa a, li pa gen dwa depoze okenn pwosè tribinal pou yon degèpisman pou kòb lwaye ki pa peye. Ou gen dwa kapab jwenn èd pou kanpe degèpisman an.
Pran Aksyon
Jwenn èd jiridik nan zòn ou an.
Pou plis enfòmasyon, gade Receiving Proper Notice.
Kisa m kapab fè si mwen jwenn yon "Asinyasyon ak Plent" nan men pwopriyetè mwen an ?
Pa inyore l. Ou pa oblije sòti nan kay la. Yon Asinyasyon ak Plent vle di pwopriyetè w la ap eseye mennen w nan tribinal la pou mete w deyò nan kay la.
Yon fwa w resevwa yon Avi pou Parèt ak yon Plent, se pou w ranpli fòmilè sa a. Apre sa, depoze l ak tribinal la epi voye yon kopi bay pwopriyetè w oswa avoka pwopriyetè w la. Se fòmilè sa a ki pral ede w asire w ke tribinal la okouran de dosye a selon pwendevi pa w.
Pran Aksyon
Jwenn èd jiridik nan zòn ou an.
Pou plis enfòmasyon, gade Protecting Yourself in an Eviction Case.
Kisa m ka fè si y ap ban m presyon pou m siyen yon akò ?
Si pwopriyetè w la pwopoze pou w fè yon akò ak li andeyò tribinal la oswa nan yon medyasyon tribinal, chache èd jiridik. Ou pa oblije siyen anyen. Pran yon konsèy jiridik anvan ou siyen nenpòt akò avèk mèt kay ou oswa avoka li a. Avoka yon pwopriyetè reprezante mèt kay la, pa ou menm.
Pran Aksyon
Jwenn èd jiridik nan zòn ou an.
Pou plis enfòmasyon, gade Negotiating a Settlement of Your Case.
Kisa m kapab fè si dosye degèpisman mwen an ap trete nan yon Tribinal Distri ?
Si pwosè w la nan yon Tribinal Distri, ou gen dwa transfere pwosè w la nan yon Tribinal Lòjman kote w ka jwenn plis èd ak pwosè w la.
Pran Aksyon
Ranpli fòmilè transfè a epi depoze l nan tribinal la.
Pou plis enfòmasyon, gade Protecting Yourself in an Eviction Case.
Kisa m kapab fè si m rive nan yon pwosè tribinal epi m pa gen yon avoka ?
Anpil Tribinal Lòjman gen avoka gratis ak parajiridik ki kapab ede w. Ou kapab mande pou pale avèk yo nan tou anvan seyans rezolisyon konfli a, oswa nan nenpòt moman pandan pwosesis la.
Pran Aksyon
Mande yon avoka nan menm moman ou fin pale ak yon pèsonèl tribinal la.
Pou plis enfòmasyon, gade Protecting Yourself in an Eviction Case.