Si mèt kay la fèmen w deyò oswa l koupe chofaj ou, sa se yon ijans. Rele tribinal la imedyatman.
Chache konn ki tribinal ki sèvi kominote w la. Al gade nan Housing Court Locations (Kote tribinal pou zafè kay yo ye)
Fèmti tanporè tribinal akòz COVID-19
Kisa m dwe fè si mèt kay la ap eseye mete m deyò epi koupe chofaj kote m rete a?
Mèt kay ou a dwe jwenn pèmisyon yon tribinal anvan l mete w deyò ak fè w soti nan kay la. Si mèt kay la pa gen pèmisyon yon tribinal, li ilegal pou mèt kay ou a :
- Mete afè w deyò nan apatman w lan,
- Chanje kadna a, sa yo rele « fèmen w deyò »
- Koupe sèvis piblik ou yo, sa yo rele « koupe sèvis piblik, » oswa
- Entèfere yon mwayen oswa on lòt nan fason w ap itilize apatman an.
Si mèt kay la fè nenpòt nan bagay sa yo, ou gen dwa epi ou ka pran mezi pou w anpeche l fè bagay sa yo.
Yon tribinal ka pran sanksyon kont mèt kay la pou aksyon ilegal sa yo, tankou fè l peye w, omwens, 3 mwa lwaye, plis nenpòt frè tribinal ak frè avoka.
Fèmen moun deyò ka legal
Kèkfwa fèmen moun deyò legal. Si ko-lokatè w la oswa moun ki rete nan menm apatman avè w la te di mèt kay la li bezwen yo pwoteje l kont ou oswa si yon moun nan kay ou a gen yon enjonksyon 209A (desizyon tribinal) ki mande pou w rete lwen l, li kapab legal pou yo fèmen w deyò.
E Si mèt kay la fèmen m deyò oswa koupe sèvis piblik mwen yo
Ou ka bezwen pran youn oswa plizyè nan mezi ki anba yo. Ou pa bezwen fè yo nan lòd sa a.
Kontakte mèt kay la
Di l, « sa w fè a ilegal. M ap rele lapolis oswa m ap rele tribinal la si w pa kite m tounen oswa si w pa ouvè sèvis piblik mwen yo imedyatman. »
Rele lapolis
Si w pa kapab rezoud pwoblèm lan dirèkteman avèk mèt kay la, rele lapolis la epi rapòte sa mèt kay la fè a.
- Yon ofisye polis ka fè yon ti dyalòg ak mèt kay la epi sa ka ase pou konvenk li pou l sispann aktivite ilegal la.
- Anpil polis ap di mèt kay la, fèmen deyò a san yon desizyon tribinal se yon bagay ki kont lalwa epi mèt kay la ap oblije kite w tounen nan kay la.
- Si yon ofisye polis di w yo pa ka mele nan koze sa a paske dispit ou a se yon koz « sivil » se pa yon koz « kriminèl, » montre l feyè sa a epi mande l pou l rele yon sipèvizè pou konfime lwa a.
Rele Tribinal la
Si mèt kay la refize kite w tounen nan kay la oswa refize ouvri sèvis piblik yo, rele tribinal la imedyatman! Di grefye a ou « gen yon ijans. » Eksplike sa mèt kay la fè a. Mande grefye a yon desizyon ki pou mande mèt kay la pou l sispann aktivite ilegal la. Tribinal ka pran desizyon pou mèt kay la kite w tounen nan apatman w lan epi ouvè sèvis piblik ou yo.
Pou èd
Eastern Region Legal Intake Helpline
617-603-1700
Greater Boston Legal Services
617-603-1807
MetroWest Legal Services
508-620-1830
South Coastal Counties Legal Services
1-800-244-9023
Northeast Legal Aid
978-458-1465, 1-800-336-2262
Community Legal Aid
855-252-5342
Otè yo: Molly Lovell - Northeast Legal Aid, Annette Duke and Andrea Park - Massachusetts Law Reform Institute