You are here

Want to share what you like about MassLegalHelp with us?

 

COVID-19 ak MassHealth ak Asirans Sante

Revize 24 mas 2020

Si w pa gen asirans sante, pa bay tèt ou pwoblèm, ou kapab an mezi pou jwenn pwoteksyon gratis oswa pou yon pri ki ba nan MassHealth oswa Health Connector.

Pandan ijans sante piblik sa a, si ou gen MassHealth, pwoteksyon ou ap fini sèlman si ou demenaje deyò eta a oswa ou mande pou yo koupe avantaj ou yo. Yo p ap koupe li pou okenn lòt rezon jiska omwen 30 jou apre ijans sante piblik la fini.

Biwo MassHealth ak Health Connector yo fèmen pou vizit fas-a-fas, men yo toujou ap travay sou entènèt ak nan telefòn

MassHealth

  • Tout biwo Enskripsyon MassHealth yo ap fèmen pou vizit san randevou jiskaske yo deklare Ijans la fini.
  • Manm MassHealth ki bezwen sipò oswa ki gen kesyon yo dwe kontakte Sant Sèvis Kliyantèl la nan (800) 841-2900. Si ou soud, ou tande di, oswa ou gen difikilte pou pale, rele TTY: (800) 497-4648.
  • Ou ka aplike pou MassHealth sou entènèt.
  • Si w ap aplike epi ou gen kesyon oswa ou bezwen sipò, kontakte Sant Sèvis Kliyantèl la nan
    (800) 841-2900;
    TTY: (800) 497-4648.

Health Connector

  • Tout sant san randevou yo fèmen jiska nouvèl òd. Ou ka aplike pou avantaj sou entènèt.
  • Si ou bezwen èd pou enskri pou asirans, rele sèvis kliyantèl nan 1-877-623-6765.
    Si ou soud, ou tande di, oswa ou gen difikilte pou pale, rele TTY : 1-877-623-7773.
  • Si ou te eseye aplike sou entènèt epi ou resevwa yon mesaj ki di ou dwe gen yon « Evènman ki Kalifye » ak « Peryòd Enskripsyon Espesyal » pou enskri nan yon plan, rele Sèvis Kliyantèl. Esplike yo ou bezwen itilize Peryòd Enskripsyon Espesyal la ki aplike pou tout moun, apati kounye a jiska 25 avril 2020.
  • Pou fè yon peman :

Epi tou, ou ka jwenn pwoteksyon nan MassHealth oswa Health Connector nan men Navigatè oswa Konseye Aplikasyon Sètifye lokal yo. Al gade Enrollment Assister Search (Rechèch Konseye nan Enskripsyon) pou yon lis òganizasyon ki ka ede ou, epi rele yo davans.

Èd nan yon lang ki pa anglè

  • Liy Telefòn MassHealth ak Health Connector yo gen yon opsyon nan lang panyòl. Pou lòt lang yo, peze « 0 » apre chak mesaj otomatize. Epi rete sou liy nan jiskaske yon moun reponn, di non lang ou a an anglè « Haitian Creole » epi tann pou yo al chèchè yon entèprèt nan telefòn pou ou.
  • Genyen lang chak òganizasyon ofri nan lis Navigatè ak Konseye Sètifye lokal yo. Òganizasyon sa yo ka ede ou ak lòt lang tou. Yo gendwa itilize entèprèt nan telefòn.

Règ espesyal MassHealth pandan ijans la.

Èske mwen pral pèdi avantaj MassHealth mwen yo pandan epidemi COVID-19 la ?

Non, ou gen pwoteksyon ak asirans MassHealth ou a pandan tout ijans nasyonal eripsyon COVID-19 la. Depi 18 mas 2020, MassHealth pa pral koupe asirans okenn manm oswa moun yo te apwouve pou pwoteksyon pandan ijans nasyonal eripsyon COVID-19 la. Epi asirans ou ap dire pou omwen yon mwa apre peryòd ijans la fini.

Mwen te resevwa yon lèt ki di asirans mwen pral fini nan jou k ap vini yo. Kijan pou mwen fè pou m kenbe asirans mwen pandan eripsyon sa a ?

Si asirans ou pwolonje jiska 18 mas 2020 oswa pi ta, pwoteksyon ou ap garanti. Li p ap fini pandan ijans COVID-19 la. Epi ou pral gen pwoteksyon pou yon mwa apre ijans la fini. Ou p ap bezwen voye plis dokiman pou w kenbe asirans ou. Si ou gen kesyon konsènan asirans ou, kontakte Sant Sèvis Kliyantèl MassHealth la. (800) 841-2900, TTY: (800) 497-4648.

Preskripsyon

Si ou gen MassHealth, ou ka jwenn medikaman pou dire w 90 jou pou pifò preskripsyon ou yo. Ou ka renouvle yo bonè yo tou depi ou gen omwen 1 renouvèlman ki rete nan preskripsyon ou a.

Kisa pou mwen fè si mwen pa gen okenn asirans epi mwen bezwen ale lopital ?

Si ou pa gen asirans epi ou kalifye pou MassHealth, lopital yo ka bay pifò moun pwoteksyon tanporè tousuit, menm si ou pa ranpli yon aplikasyon konplè.

Telefòn ak Telemedsin

MassHealth rann li pi fasil pou pwofesyonèl swen sante yo ititlize telefòn ak telemedsin (swen sante a distans) pou w pa bezwen kite kay ou pou w ka wè ak yon doktè. Rele biwo doktè ou a pou mande enfòmasyon sou kijan pou w pwograme yon randevou nan telefòn oswa telemedsin.

Kesyon Moun Poze Souvan Konsènan MassHealth ak COVID-19

MassHealth gen yon lis Kesyon Moun Poze Souvan ak repons yo sou sitwèb li a. Yo genyen enfòmasyon pratik sou pwoteksyon, telemedsin, fason pou deklare salè ou pèdi, ak lòt kesyon ou kapab genyen.

Pwoteksyon pou tès ak tretman Kowonaviris

Tout kalite MassHealth, tankou MassHealth Limited (Medicaid pou ijans) garanti depans pou fè tès epi jwenn tretman pou COVID-19 gratis pou manm yo.

Tout plan Health Connector yo garanti depans pou fè tès epi jwenn tretman pou COVID-19 gratis pou manm yo.

Health Safety Net kouvri depans pou fè tès ak pou jwenn tretman pou COVID-19 yo bay nan lopital ak nan sant sante kominotè yo gratis pou pasyan yo.

Pifò sant medikal ap pran prekosyon pou pwoteje travayè ak pasyan yo.

Rele avan!

Pa bliye aplike pou lòt avantaj yo tou

Jwenn resous pou lòt fason ijans sante piblik la ka afekte ou nan Mass.gov/covid-19.

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).