You are here

Seguro de desempleo

Pwodwi pa Massachusetts Law Reform Institute
Revize October 2010

Yon entwodiksyon sou Alokasyon Asirans Chomaj

Si ou pèdi travay ou, ou kapab touche alokasyon Asirans Chomaj oubyen Sosyal. Alokasyon sa yo ede kontinye peye bòdwo w pandan wap chèche yon nouvo travay. Alokasyon chomaj (sosyal) kapab ba ou asirans sante avèk trening pou travay tou, pandan wap chèche yon nouvo travay. Depatman Asistans Chomaj (Department of Unemployment Assistance (DUA)) Massachusetts la dirije pwogram nan.

Ou kapab touche alokasyon chomaj AC (UI) si yo lisansye w nan travay ou. Nan sèten ka, ou kab touche alokasyon (sosyal) menmsi yo ta revoke w oswa w ta kite (tou depan sikonstans la). Ou kapab touche alokasyon chomaj AC (UI) menmsi w te sèlman travay mwatye tan. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon nan seksyon ki vin answit yo.
Laplipa travayè nan Massachusetts kab touche alokasyon, men genyen ki pa kapab. Nan Travayè ki pa kab toucheAsirans Chomaj genyen:

  • Anploye legliz avèk sèten òganizasyon relijye;
  • Konsiltan endepandan oswa kontraktè endepandan (moun ki pa travay sou direksyon avèk kontwòl yon anplwayè;
  • Kèk etidyan nan travay ègonomik ak inivèsite a avèk etidyan enfimyè;
  • Ajan byen imobilye oswa koutye ki travay sèlman sou komisyon;
  • Ajan asirans ki travay sèlman sou komisyon;
  • Ofsyel eli avèk konseye politik.

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).