You are here

Want to share what you like about MassLegalHelp with us?

 

¿Qué es el seguro de desempleo?

Revize December 2013

Alokasyon Asirans Chomaj se lajan pèman pou travayè ki pèdi travay yo. Alokasyon chomaj kapab genyen ladan li asirans santé avèk trening pou travay, pandan wap chèche yon nouvo travay. Se pa tout travayè ki kapab touche alokasyon chomaj, men gen anpil ki kapab. Si ou pèdi travay ou, ou kapab touche alokasyon chomaj pandan wap chèche yon nouvo travay.

Nan Massachusetts, Depatman Asistans Chomaj la (Division of Unemployment Assistance (DUA)) dirije Pwogram Asirans Chomaj la. Chak ane anplwayè yo peye taks sou kantite travayè yo anploye, lisansye oswa ki kite pou lòt rezon e touche asirans chomaj. Lajan nan taks sa yo peye pou pwogram asirans chomaj la. Gouvènman Etazini an bay eta a lajan tou pou pwogram lan.

Si ou pa anfòt lè w pèdi travay ou, DUA ap peye w yon pati nan lajan sa a kòm alokasyon asirans chomaj. Si DUA deside pou peye ou asirans chomaj, yap peye w chak semèn jiskaske w jwenn yon travay oswa jiska trant semèn. Pafwa gouvènman etazini kapab ajoute plis tan sou peryòd trant semèn sa a, konsa wap kab touche pou pliske trant semèn. Alokasyon chomaj la se apeprè mwatye sa w te konn touche pa semèn lè w tap travay. Koulye a, plis ou kab touche se $ 629 dola pa semèn. Si w genyen timoun depandan, ou kapab resevwa plis lajan. Ou kapab jwenn enfòmasyon kouran sou alokasyon chomaj nan sit entènèt DUA a Apèsi sou Alokasyon Chomaj (Overview of Unemployment Benefits).

Kisa alokasyon Asirans Chomaj ye?

Alokasyon Asirans Chomaj genyen ladan li:

  • pèman lajan,
  • pwolonjman alokasyon lajan pandan trening pou travay, avèk
  • èd avèk aisrans sante.

Depatman Asistans Chomaj (Division of Unemployment Assistance (DUA)) Massachusetts la fè pèman sa yo chak semèn jiska trant semèn. Asirans Chomaj la fè payment sa yo pou ede w peye bòdwo w pandan wap chèche yon nouvo travay. (DAC) (DUA) baze li sou kantite lajan w te fè apeprè nan yon ane avan w te sispann travay pou li kalkile ki valè lajan pou li peye ou. Li itilize enfòmasyon sa a pou deside valè alokasyon chomaj pou ba ou.

Si ou ale nan yon pwogram trening pou travay pou ede w jwenn yon nouvo, DAC (DUA) kapab peye ou jiska 26 semèn deplis. DUA dwe apwouve pwogran trening lan.

DAC (DUA) ede ou avèk asirans sante tou.

Pou kontakte DAC (DUA) pou plis enfòmasyon sou trening, rele 617-626-6800 oswa 877-626-6800, oswa ale nan Sit entènèt trening DUA a (DUA Eduation and Training website). Pou plis enfòmasyon sou alokasyon medical, rele Pwogram Sekirite Medikal la nan 800-908-8801, oswa ale nan sit entènèt. DUA a ÈD AVÈK Asirans Sante (Help with Health Insurance).

Ekstansyon federal pou alokasyon Asirans Chomaj

Pafwa ekonomi an tonbe tèlman ba li lakòz anpil moun pa kapab jwenn travay. Gouvènman an rekonèt li dòdinè pi di pou laplipa moun jwenn travay. Konsa, gouvènman Etazini bay “ekstansyon federal” pou moun ki anchomaj. Ekstansyon federal yo ajoute plis semèn sou longè tan an ou kab kontinye touche sosyal. Dènye ekstansyon federal la te nan 22 Jilè 2010.

Konbye lajan mwen kapab jwenn?

Dòdinè, ou kapab jwenn mwatye sa w te konn touche chak semèn lè w tap travay la. Plis ou kapab genyen se $629 pa semèn. Kantite sa a kapab chanje nan 1mye Oktòb chak ane.

Si ou genyen pitit, e ou peye pliske 50% sipò pou yo, ou kapab genyen jiska $25 pa semèn pou chak timoun nan fanmi w ki

  • genyen mwenske 18 tan, oswa
  • mwenske 24 an e etidyan plentan oswa
  • pa kapab travay akòz andikap mantal oswa fizik (pa genyen nan limit laj).

Ki lòt alokasyon m kapab genyen?

Alokasyon Chomaj Pwolonje pou Trening (Alokasyon Seksyon 30)

Ou kapab genyen jiska 26 semèn alokasyon chomaj deplis pandan ou nan yon pwogran trening pou travay. DUA dwe apwouve pwogram trening sa a. Sa rele pafwa yon “Seksyon 30” oswa Pwogram Òpòtinite pou Trening (Training Opportunity Program, TOP).

Ou dwe aplike pou yon pwogram trening ositoke w kapab. Pou w kapab jwenn 26 semèn alokasyon ekstra a, DUA atann li pou w aplike pou alokasyon trening nan espas 15 semèn. Sa vle di ou dwe aplike pou trening mwenske 15 semèn aprè jou ou premye aplike pou alokasyon chomaj. Men toutotan ou aplike pandan yon ane, DUA ap aksepte plizyè rezon pou aplike anreta-aprè 15 semèn yo.

Nan sèten ka, DUA kapab di “non” pou yon aplikasyon pou Asirans Chomaj e answit chanje desizyon an plita e apwouve li. Nan ka sa a, ou dwe aplike pou alokasyon pou trening pa pliske 15 semèn aprè dat DUA apwouve aplikasyon w lan. Ankò, mensi ou genyen yon bon rezon ki lakòz ou aplike ta pou alokasyon an, ou dwe ankò aplike nan espas yon ane aprè w fè premye aplikasyon w lan pou Asirans Chomaj.

Nòt:

Ou genyen jiska yon ane pou w aplike nan DUA:

  • Nan moman ekonomik difsil,
  • Si ou kite yon endistri ki nan deklen, oswa
  • Izin ou tap travay la fèmen nèt,

Lè gouvènman federal la bay Massachusetts fon ekstra pou pwolonje alokasyon Asirans Chomaj, ou kab touche 26 semèn ekstra a pou alokasyon Asirans Chomaj pou Opòtinite pou Pwogram Trening nan. Men ou dwe aplike pou alokasyon pou pwogran trening lan nan yon ane aprè ou premye aplike pou Asirans Chomaj la. Aktyelman, moun kap touche alokasyon Asirans Chomaj genyen yon ane pou aplike nan DUA pou alokasyon pou trening pou travay.

Si ou pat genyen enfòmasyon sou rekizit 15 semèn nan oswa yo te ba ou fo enfòmasyon, ou kapab aplike plita.

Èd ak peye trening

Pafwa ou kapab jwenn finans federal pou trening pou travay nan Sant lokal pou Karyè Yon Estòp (local One Stop Career Center). Ou bezwen ale nan Sant “ One Stop Career Center” a pou enfòme ou sou fon sa yo. Ale nan entènèt nan jwenn pwogram trening (find training programs) ki prè ou.

Èd pou peye kolèj (Fon Pell)

Ou kapab jwenn yon Fon Pell (Pell Grant) pou ede w peye kolèj. Apati Jwen 2010, travayè anchomaj kapab jwenn èd espesyal avèk Fon Pell (Pell Grants). Gouvènman Etazini an bay enfòmasyon sou Fon Pell (Pell Grants) avèk lòt pwogram èd finansye.

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).