You are here

Reciba capacitación y hasta 26 semanas adicionales de desempleo $$

Pwodwi pa Greater Boston Legal Services
Revize Janvye 2020

Depatman Asistan Chomaj la (DUA an anglè) ap ede travayè ki nan chomaj yo ki bezwen fòmasyon pou yo ka jwenn travay.

Ikòn kalandriye a se yon koutwazi graphicadvocacy.org

DUA ka peye jiska 26 semèn siplemantè pandan w ap pran fòmasyon nan yon pwogram DUA’s Training Opportunities Program (TOP) [Pwogram Opòtinite pou Fòmasyon (TOP an anglè) DUA a] apwouve.

Poukisa m ta dwe enterese nan TOP ?

  1. Fòmasyon ka ede w jwenn yon pibon djòb.
  2. Pandan w ap pran fòmasyon an :
    • Ou pa oblije ap chache travay jan DUA konn mande a oswa chache yon nouvo travay.
    • Y ap kontinye ba w avantaj regilye yo.
    • Lè avantaj regilye w yo fini, yo ka pwolonje avantaj chomaj ou yo pou jiska 26 semèn.

Ki kalite fòmasyon TOP apwouve ?

TOP apwouve fòmasyon nan lekòl pwofesyonèl, nan inivèsite, pwogram aprantisaj oswa fòmasyon de baz pou amelyore kapasite w. Fòmasyon de baz yo ka Anglè pou Moun Ki Pale Lòt Lang ( ESOL an anglè), ekivalans diplòm lekòl segondè oswa pwogram Edikasyon de Baz pou Adilt (ABE an anglè).  Pwogram fòmasyon an dwe :

  1. Fòmasyon pwofesyonèl oswa fòmasyon de baz pou amelyore kapasite.
  2. Plen tan
  3. Li dwe gen yon to 70% pou l fè moun nan jwenn travay, konsa elèv la gen plis chans pou l jwenn travay.
  4. Pwogram nan ka dire 2 lane oswa si w te gentan kòmanse l, ou ka fini l nan entèval 2 lane.

Si DUA pa apwouve pwogram ou an, men li satisfè 4 ekzijans sa yo, mande Depatman TOP la pou l apwouve pwogram ou an.

Remake

Ou ka pran 3 lane pou w fini si klas yo konbine ESOL, ekivalans diplòm lekòl segondè oswa ABE ak fòmasyon pwofesyonèl. Ou ka pran ESOL la poukont li. Si w bezwen ekivalans diplòm lekòl segondè oswa ABE w ap bezwen tou pou w pran fòmasyon pwofesyonèl.

Plen tan vle di omwens :

  • 20 èdtan fòmasyon nan klas pa semèn oswa
  • 12 kredi pa semès nan inivèsite.
  • Ou ka fè mwens pase plen tan si :
    • Klas la gen anpil travay pou w fè lè w pa nan klas la oswa
    • Ou gen yon andikap ki rann fòmasyon a plen tan an difisil pou ou

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).