You are here

¿Puedo recibir mi seguro por desempleo si renuncié a mi empleo?

Revize December 2012

Si ou kite travay ou epwi ou vle touche asirans chomaj (sosyal), ou dwe genyen yon bon rezon pou w kite. Genyen de kalite rezon Depatman Asistans Chomaj (Department of Unemployment Assistance (DUA) aksepte:

  1. Rezon serye an relasyon ak anployè a, ki rele"Bon kòz atribyab ak anplwayè a”, oswa
  2. Rezon pèsonel serye oswa enpòtan, ki rele "rezon pèsonel obligatwa

Si ou te kite travay la pou yonn nan rezon sa yo, konsa ou pat anfòt. Sepan, ou bezwen montre ou te eseye rezoud pwoblèm nan avan w te kite. Oswa ou bezwen montre pa gen anyen ou te kapab fè pou w ta jwenn yon rezilta. Ou pa bezwen montre anyen si ou te bezwen kite poutèt vyolans domestik oswa asèlman seksyel. Ou kapab touche alokasyon chomaj si w te sèlman kite travay ou pou rezon konsa yo:

Ekzanp rezon nan relasyon ak travay

  • Kondisyon travay malsen oswa danjre, enkli kondisyon travay oswa ekipman danjre
  • Yon transfè nan yon travay enkonvenab (yon diferan jan travay ki pa apwopriye pou ou)
  • Anployè a chanje travay la, kankou koupe lè ou (konsa ou pa travay plen tan ankò), peye w mwens lajan pase anvan, peye w salè minimòm. Chanjman an dwe pèmanan, pa jis pou yon bout tan.
  • Diskriminasyon ilegal, oswa asèlman, enkli seksyel, rasyal, oswa lòt asèlman irezonab

Rezon konsa rele “bòn kòz atribyab ak anplwayè a”

Ekzanp rezon pèsonel

  • Pwòp sante w kap bese
  • Regleman inyon yo
  • Mank transpòtasyon, nan ka trè limite
  • Kite pou okipe yon moun fanmi an ki malad
  • Vyolans domestik
  • Ou kite pou w regle yon pwoblèm inatandi e ijan avèk aranjman pou swen timoun.
  • Rezon konsa rele “rezon ijan, pèsonel oswa obligatwa” pou w kite travay la:

Nòt:

Nan pweske tout ka yo, ou dwe eseye rezoud pwoblèm yo avèk anployè a avan w kite travay la. Menmsi ou genyen yon bon kòz pou w kite, ou dwe montre kite travay la se te dènye chwa ou.

Si w kite travay ou pou rezon pèsonel, ou dwe mande yon konje pou w kapab okipe afè pèsonel ou e konsève travay ou. Ou kab pa kapab rezoud pwoblèm nan oswa jwenn konje a men li enpòtan pou w eseye.

Si w bezwen kite poutèt vyolans domestik oswa asèlman seksyel, ou pa oblije montre anyen. Rezon sa yo ase. Ou pa genyen pou w montre ou eseye tousa ou te kapab pou w te kenbe travay ou.

Example

Yo te transfere ou nan travay denwi. Ou pa genyen gadri e pa genyen lòt relèv ki disponib. Ou kapab montre ou te eseye rezoud pwoblèm nan. DUA ap konsidere aksyon ou konn poze ak aksyon anplwayè konn poze pou konnen si w ta kapab jwenn alokasyon chomaj.

Eske se volontèman ou te kite travay ou?

Pafwa travayè konn pa vle kite travay yo men yo santi yo oblije kite. Nan sitiyasyon sa a li kapab ankò posib pou yo touche sosyal (alokasyon chomaj).

Ou kapab touche alokasyon chomaj (sosyal) si:

  • ou kite travay ou paske ou te kwè yo ta pral revoke ou; oswa.
  • ou kite aprè patwon w ba w lechwa pou w kite oswa yo revoke w.

Ou kap bezwen montre ou te eseye rezoud tout pwoblèm ou te genyen ak travay la oswa anplwayè w avan ou te kite.

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).