E si yo revoke mwen?
Si yo revoke w, ou kapab touche Asirans Chomaj. Sepandan si anplayè a genyen règ ki te ekitab, règ ou te konnen, eke w fè espre ou vyole règ yo, ou pa kapab touche Alokasyon. Epwitou, si w fè bagay espre pou lakòz pwoblèm serye pou anplayè w la, ou pa kapab resevwa alokasyon chomaj. Anplwayè w la kab pa vle w resevwa alokasyon paske se li ki peye taks asirans chomaj la. Si ou jwenn alokasyon chomaj, anplwayè la kapab genyen pou peye plis taks. Konsa anployè w la kapab eseye pwouve ou te fè espre ou vyole yon prensip oswa règ ekitab. Oubyen, anployè kapab eseye pwouve ou te aji kont volonte li.
Pou pwouve ou te vyole yon règ rezonab
Anployè w la dwe montre:
- Yo te enfòme ou sou règ oswa pwosedi a;
- Ou konnen w tap vyole regleman lè w te aji a;
- Règ la rezonab; e
- Li trete tout anploye ki vyole règl menm jan an.
Pou li montre ou te aji kont sa li atann o kont enterè li
Anployè w la a dwe montre:
- Ou konnen konpòtman w lan te yon sipriz pou anplwayè a oswa
- Ou konnen jan ou te aji koze domaj pou biznis la e pwi
- Ou tap esye koze domaj pou biznis la
Si yo te revoke w paske ou pat kapab fè travay la, ou ankò kab resevwa alokasyon chomaj.
Antouka, lè yo lisansye ou, DUA ap pale avèk ou ak anplwayè a pou konnen si w kapab jwenn alokasyon. Asire w pou bay DUA son klòch pa w la.