Laplipa travayè nan Massachusetts kouvri pou chomaj. Pou w resevwa asirans chomaj, sa depan dòdinè sou twa bagay:
- Konbyen lajan ou te te fè nan travay ou?
- Poukisa ou te kite travay ou?
- Eske w prè e kapab pran yon lòt travay?
Konbyen lajan ou te fè nan travay ou ane dènyè a?
Pou w resevwa Asirans Chomaj AC (UI), ou ta dwe fè omwen $3,500 nan ane dènyè a, e ou ta dwe travay omwen 15 semèn nan ane dènyè a (nan laplipa ka yo). Depatman Asistans Chomaj (Department of Unemployment Assistance (DUA) konsidere konbyen ou te fè pandan tan yo rele yon “peryòd baz” la. Pandan peryòd baz la, ou dwe fè omwen $3500. Ou kapab jwenn peryòd baz ou a si w gade nan tablo anba a. Pafwa peryòd baz yo nan lis an ba a, montre kankou w pa kapab jwenn asirans chomaj. Pafwa DUA itilize yon “ peryòd baz altène” ki bay yon meyè ide sou revni pli resan ou. Ou kab jwenn plis sou peryòd baz ak peryòd baz altène yo nan sit entènèt DUA a Konprann Peryòd Baz Ak Alokasyon Anyel ou (Understanding Your Base Period & Benefit Year)
Si ou aplike pou benefis an: |
Ou dwe te fè omwen $3,000 nan period baz ou |
Janvye, Fevriye, Mas, 2010 |
Nan 1ye Oktòb, 2008 al nan 30 Septanm, 2009 |
Avril, Me, or Jen, 2010 |
Nan 1ye Janvye, 2009 al nan 31 Desanmb 2009 |
Jiyè, Out, Septanm 2010 |
Nan 1ye Avril, 2009 al nan 31 Mas 2010 |
Oktob, Novanm, Desanmb 2010 |
Nan 1ye Jiyè 2009 al nan 30 Jen 2010 |
Poukisa ou te kite travay ou?
Se pa tout moun ki pèdi travay yo ki kapab resevwa (Sosyal) Asirans Chomaj. Pou ou resevwa alokasyon Asirans Chomaj (Sosyal) AC (UI) ou dwe ta vle kenbe travay ou oswa w te eseye pou w kenbe li. Oswa ou pat genyen okenn kontwòl sou zafè pèdi travay la.
Ekzanp
Konpayi ou te travay pou li a fèmen. Se pa ou ki lakòz ou pa gen travay.Ou ta dwe kapab resevwa alokasyon chomaj AC (UI)
Si ou te kite, ou kab ankò resevwa Alokasyon Chomaj. Wap bezwen montre ou te genyen yon bon rezon pou w kite travay la eke ou te pran mezi rezonab pou w eseye kenbe travay ou.
Si yo te revoke ou paske w pat kapab fè travay ou, ou kapab resevwa Asirans Chomaj. Wap bezwen montre ou pat fè espre vyole okenn regleman travay la.
Eske w prè e kapab travay e eske wap chèche yon nouvo travay?
DAC (DUA) bay alokasyon chomaj sèlman pou moun ki prè e ki kapab travay. Pou w touche alokasyon, ou dwe chèche travay. Pou w kontinye touche alokasyon, ou dwe di DAC (DUA) kòman ou chèche travay. Ou dwe “sètifye” rechèch travay ou chak semèn (every week). Ou kab sètifye rechèch travay ou nan konpitè “sètifikasyon entènèt" ("webcert") oswa nan telefòn “telesètifikasyon” (“telecert.”)
Vyolans Domestik
Si w kite oswa pèdi travay ou akòz vyolans domestik, ou kab petèt resevwa alokasyon chomaj. Ou kapab bezwen eksplike DAC (DUA) kòman ou menm avèk pitit ou se victim vyolans domestik, eke ou pèdi oswa kite travay ou akòz vyolans domestik.
Ou pa oblije pale anployè a sou vyolans domestik la.
Si ou menm oswa pitit ou te soufri nan vyolans domestik eke ou andanje la koulye a, rele 911. Si ou nan yon danje dirèk, ou kapab rele “SafeLink” nan 1-877-785-2020, oswa Casa Myrna Vasquez 1-800-992-2600 pou èd avèk tout kalite pwoblèm.