Ou kapab aplike pou alokasyon anpèson, oswa nan telefòn. Pou w aplike anpèsòn, ou kapab ale nan yonn nan 15 biwo san randevou Depatman Asistans Chomaj (DUA) nan Massachusetts yo. Sant Asirans Chomaj San Randevou (Uneployment Insurance Walk-In Centers).
Pou ou aplike nan telefòn, rele 1-617-626-6800 oswa 1-877-626-6800. Ou kapab aplike nan telefòn, Lendi al nan Vandredi, nan 8:30 dimaten al nan 4:30 apremidi. Ou pakab aplike nan entènèt, fwa sa a.
Aprè ou aplike, DUA ap poste desizyon yo ba ou. Lèt sa ap di ou si DUA deside pou peye ou alokasyon o non. Kenbe lèt sa a! Si DUA di ou pa kapab touche alokasyon, wap bezwen enfòmasyon nan lèt sa a pou w mande pou yo gade ka w la avèk plis atansyon. Wè E si mwen pa kapab resevwa Asirans Chomaj?