You are here

¿Qué hago si no puedo recibir mi seguro por desempleo?

Revize December 2012

Si Depatman Asistans Chomaj (Division of Unemployment Assistance (DUA)) di ou pa kapab touché sosyal, ou kapab mande li pou rekonsidere ka w la. Sa rele apèl kont yon refi. Si w vle fè apel ou dwe aplike pou yon odyans leplitoke posib.

Genyen yon limit 10 jou pou aplike pou yon odyans. Ou kapab aplike ta nan sèten ka (men papliske 30 jou), si ou genyen yon “bòn kòz”, pa ekzanp ou trè malad, oswa ou te yon victim vyolans domestik oswa lòt rezon serye.

Si DUA pat voye enfòmasyon an ba ou nan lang prensipal ou, ou kapab fè apel ta tou.

Lè ou fè apel, ou menm avèk anployè a pral nan yon odyans. Ositoke ou resevwa notis la pou odyans la, chèche yon entèsesè avèk eksperyans nan system asirans chomaj. Ou kapab fè appel la pou kont ou, men si ou pèdi pwogram sèvis legal (your local legal services program) ou yo pap kapab ede ou. Nimewo telefòn sèvis legal yo nan deyè do papye notis pou odyans la. Nan odyans la, ou kapab di yon ofisye odyans DUA a poukisa ou panse ou dwe resevwa alokasyon. Wap bezwen pote tout evidans ou genyen nan odyans la.

Eske anployè m nan kapab anpeche m resevwa benefis?

Si DAC (DUA) akòde ou alokasyon, anployè w la kapab fè apel kont desizyon an pou anpeche w resevwa li. Nan apel la, anployè w la ap eksplike poukisa ou pa dwe jwenn alokasyon an. Lap pote evidans, kankou dokiman avèk dosye sou aksyon w yo nan travay la, pou montre se fòt ou ki te fè w pèdi travay ou.

Anployè w la kapab pa vle ou genyen benefis paske se taks yo ki peye pou asirans chomaj la. Si ou resevwa alokasyon asirans chomaj, taks anployè w la kapab ogmante. Konsa anployè w la genyen rezon pou li eseye anpeche ou resevwa alokasyon.

Konbyen tan sa pran pou jwenn dat pou yon odyans?

DAC (DUA) di ou dwe genyen yon odyans nan 30 jou aprè ou aplike pou apèl la.  Men nan laplipa zòn yo Massachusetts ou dwe tann pi lontan.

Verifye sa avèk depatman odyans la nan zòn ou a. Nimewo prensipal depatman odyans DAC (DUA) yo se:

     Boston: 1-617-626-5200

     Lawrence:1-978-738-4400

     Brockton:1-508-894-4777

     Springfield:1-413-452-4700

Ki kalite evidans m ta dwe pote?

Ou ta dwe pote tout enfòmasyon ou genyen sou rezon ou te kite travay ou a. Pa ekzanp, si w te kite paske ou te malad, ou kapab pote nòt oswa bòdwo doktè ou. Si ou genyen okenn temwen ki kapab ede w, oswa nenpòt papye ou vle montre DAC (DUA), alò wap bezwen pote yo nan odyans la. Ofisye pou odyans DUA a ap itlize enfòmasyon ou menm avèk anployè w la prezante nan odyans ou a. Dòdinè yo pa pèmèt ofisye odyans yo pou kontakte temwen oswa fè plis envestigasyon sou ka w la aprè odyans la.

E si m pèdi odyans la?

Ou kapab fè apel odyans la pou kont ou menmsi ou pa genyen yon avoka. Oswa biwo èd legal lokal ou a (local legal service office) kapab ede ou.

Si ou pèdi odyans la e w pa genyen yon avoka pou ede w fè apel pou kont ou:

  1. Ou kapab fè apel devan Komite pou Revizyon an (Board of Review). Ou genyen 30 jou pou fè apel devan Komite Revizyon an. DAC (DUA) ap poste enstriksyon yo ba ou avèk desizyon sou odyans ou a. Le ou fè apel devan Komite Revizyon an, ou kapab voye yon lèt o lòt enfòmasyon pou montre poukisa w santi ou ta dwe genyen odyans la. Dòdinè yo pap ba ou yon nouvo odyans, men Komite Revizyon an ap gade papye w yo avèk ka w la ankò.
  2. Si ou pa genyen ka w la devan Komite Revizyon an, ou kapab answit fè apel devan yon Tribinal Distrik. Ou dwe fè apel la nan 30 jou aprè notis Komite a.

Si ou rate dat limit pou apel ou a. Ou kapab ekri yon lèt bay Judi Cicatiello, Direktè Depatman Asistans Chomaj la, 19 Staniford Street, Boston, MA 02114 pou mande ajans la pou rekonsidere desizyon li. Lèt ou a dwe endike poukisa ou rate appel la e poukisa ou dwe resevwa alokasyon.

Eske m ta ankò dwe sètifye elijibilite m pou Asirans Chomaj si map fè apel kont yon desizyon DAC (DUA)?

Wi. Toutotan wap resevwa alokasyon chomaj ou dwe sètifye ou ankò elijib chak semèn (each week). Sa pa chanje lè wap fè apel kont yon refi. Ou dwe ankò sètifye elijibilite ou chak semèm lè wap fè apel kont yon refi. Ou dwe montre w ankò ap chèche yon nouvo travay. Ou kab sètifye nan telefòn (phone) 617-626-6338 oswa itilize Sètifikasyon entènet Asirans Chomaj pou travayè (Webcert).

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).