Kite Travay ou

Revize Jen 2013

Ou kapab vle kite travay ou pou plizyè rezon. Petèt ou vle yon pibon travay. Petèt ou pa renmen travay ou genyen koulye a. Li souvan pi fasil pou w jwenn yon lòt travay lè w te deja genyen yon travay.  Eseye antann ou avèk patwon w nan avan ou kite. Pale avèk patwon an sou pwoblèm ou nan travay la. Si ou kapab montre ou te eseye pou w kenbe travay la, li kab posib pou w genyen sosyal (Asirans Chomaj). 

Avan ou kite travay ou

  1. Chèche yon nouvo travay;
  2. Pale avèk patwon w lan e wè si w kapab rezoud pwoblèm si w kapab rezoud pwoblèm yo nan  travay la;
  3. Asire ou kapab sipòte pèdi salè w la ; epi  
  4. Asire w pou kite yon fason poli. 

Kilè mwen dwe jwenn dènye chèk pèman mwen?

 Si ou kite travay ou anplwayè a pa oblije peye ou nan dènye jou w la. Olyedesa, yo dwe peye ou nan peryòd pèman regilye ou. Nan chèk pèman sa a ou dwe resevwa pèman pou tout vakans oswa jou maladi ou pat itilize.

Kilè mwen kapab kite travay mwen?  Eske mwen dwe avèti yo?

Ou kapab kite travay ou kèlkeswa lè w vle. Sepandan li pibon pou w kite yon travay anbontèm ak anplwayè a e avèk kòlèg travayè yo. Yon jou ou kapab bezwen yon rekòmandasyon nan men anplwayè sa a.  Si w kite bridsoukou oswa yon jan negativ, anplwayè la kapab di lòt konpayi yo sa.

Dòdinè yo konsidere li apwopriye pou bay anplwayè a “de semen avètisman” pou di l ou vle kite. Lè ou di anplwayè ou vle kite travay la de semèn alavans, wap bali tan pou ranpli pozisyon w lan. 

Si mwen kite travay mwen, eske mwen kapab jwenn sosyal?

Petèt. Si w kite travay la paske w panse ou pat genyen lòt chwa e ou te eseye pou w kenbe travay ou avan w te kite l, li kab posib pou w kolekte sosyal. Pou plis enfòmasyon sou sosyal\benefis asirans chomaj, wè Eske mwen kapab jwenn Sosyal (Asirans Chomaj) si m kite travay mwen?.

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).