Revoke

Revize Jen 2013

Kilè yo kapab revoke mwen?

Anplwaye jwenn travay men yo pa genyen kontra. Si ou genyen kontra, li kapab pa genyen yon dat final. Si ou pat genyen yon akò patwon an sou kilè pou w sispann travay, li kapab revoke ou pou preske nenpòt rezon. Li pa souvan bezwen ba ou okenn avètisman.

Sèten travayè gen kontra. Si kontra a di yo sèlman kapab revoke yo pou sèten rezon, e patwon an revoke ou pou yon lòt rezon, li vyole lalwa a.

Enpòtan

Patwon w lan pa kapab revoke ou paske wap pwoteje dwa ou nan travay la. Sèten moun jwenn revokasyon yo paske patwon an panse yo konnen yon bagay ki ilegal nan travay la. Yo rele sa “revanj (retaliation)”. Li ilegal pou patwon ou a pran revanj sou ou paske ou pale oswa ou ekri sou yon pwoblèm. Wè Pwoteje Dwa ou.

Li ilegal pou patwon ou a revoke w poutèt laj ou, andikap, orijin nasyonal ou, ras, koulè, relijyon, zansèt ou, jenetik, sèks, oswa oryantasyon seksyèl ou, oubyen paske ou te enplike nan plènt kont diskriminasyon.

Eske patwon m nan dwe dim alavans li pral revoke mwen?

Pwobableman non.

Men, si patwon w lan genyen pliske 100 travayè, li dwe ba ou pliske 60 jou avètisman avan yo bay okenn chomaj anmas oswa yo fèmen konpayi an.

Kilè yo dwe peye mwen si m revoke oswa lage nan chomaj?

Si yo revoke ou oswa lage ou nan chomaj, patwon ou lan dwa peye tout salè ou nan dènye jou travay ou. Li dwe peye ou pou tout vakans ou pat pran oswa konje maladi ou te genyen.

Eske mwen kapab touche sosyal (asirans chomaj) si yo revoke mwen?

Pou plis ènfòmasyon sou touche sosyal (benefis asirans sosyal) wè Eske mwen kapab touche sosyal (asirans chomaj) si yo revoke m?

Ki kote pou w ale pou èd?

Si ou panse yo te diskrimine kont ou nan travay la, kontakte Komisyon Kont diskriminasyon Nan  Massachusetts (The Massachusetts Commission Against Discrimination (MCAD), nan (617) 994-6000.

Si yo te revoke ou paske wap pwoteje dwa ou, kontakte Divizyon pou Travay Ekitab Komisè Gouvènman an (The Fair Labor Division of the Attorney General’s Office), nan (617) 727-3465.

Wè Afich Antirevanj avèk lòt materyèl sou Dwa yo nan Milye Travay yo (Anti-Retaliation poster and other Workplace Rights material) nan Divizyon pou Travay Ekitab nan Biwo Komisè Gouvènman an.

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).