Defann dwa ou

Pwodwi pa Lydia Edwards, Director of Legal Services Brazilian Immigrant Center, Massachusetts Law Reform Institute, Neighborhood Legal Services
Revize Jen 2015

Konsève pwòp dosye w sou lè ou travay yo ak salè yo peye w yo

Gade tras lè travay ou ak salè w yo. Sa ap ede w rann kont si anplawyè w la ap obsève lwa a. Si anplwayè w la pa obeyi lwa a, yon bon dosye ap fè l pi fasil pou pwoteje dwa legal ou.

Si ou genyen yon chèk salè ou, sere tout souch chèk yo oubyen fè fotokopi chèk yo.

Si yo peye ou lajan nan men, kenbe yon relve. Ekri dat ak lè ou travay yo ak data ak montan yo te peye ou yo. Ou kapab fè yon tablo pou gade tras enfòmasyon sa a.

 

Dat travay la

Lè  travay yo

Valè yo peye

Dat yo te peye

Nòt pou ou

4/29/2013

4.25

 

 

 

4/30/2013

5.25

 

 

 

5/1/2013

6.5

 

 

 

5/2/2013

2

 

 

 

5/3/2013

10.25

$170.23

5/10/2013

28.25  èdtan nan semèn lan apati  29\4

5/6/2013

9

 

 

 

5/7/2013

8

 

 

 

5/8/2013

7

 

 

 

5/9/2013

11

 

 

 

5/10/2013

8

$267.80

5/17/2013

43èdtan lan semèn nan apati  6\5( 3zè siplemantè)

Aji pou fè respekte dwa ou

Si anplwayè w la pa peye ou tout lè yo e alè, aji toutsuit. Ou ap gen pi bon chans pou w reyisi.

Si posib:

Pa aji sèl

Eseye mete w avèk lòt travayè yo, konsa anplwayè w la pap kapab pwente sou yon sèl travayè. Òganize nou an gwoup ap montre fòs ak sipò pou kesyon an. Kòm yon gwoup, ou kapab pwoteje tou kont revanj pa Lwa sou Relasyon Nasyonal nan Travay (National Labor Relations Act).

Panse pou w itilize yon avoka

Yon avoka kapab diskite dwa ou yo avèk anplwayè w la. Avoka yo rele kalite konvèsasyon sa yo “negosyasyon”.

Avoka w la kapab asiyen anplwayè w la tou. Si ou gen ka a, Tribinal la ap òdone anplwayè w la pou peye jiska 3 fwa lavalè salè ou pat touche yo, frè, ak onorè avoka. Ou kab tande avoka oubyen jij la ap pale sou lòd pou “repare domaj.”

Depoze yon plènt avèk Komisè Gouvènman an

Si anplwayè w la vyole lwa a, ou kapab depoze yon plènt pou vyolasyon lwa sou salè nan Biwo Komisè Gouvènman Massachusetts la (Massachusett Office of the Attorney General), 617-727-3465. Biwo Komisè Gouvènman ou kapab mande pou anplwayè a pou peye ou oubyen mennen li nan tribinal.  

Òganize kominote w la

Ou kapab òganize w avèk kòlèg travay ou yo, gwoup kominotè, oubyen inyon pou fè presyon sou anplwayè w la. Kòm lwa yo pa kouvri tout pwoblèm yo e pwosedi legal yo kapab lan, ou kapab pafwa jwenn rezilta pi rapid e pibon lè w itilize medya, bòykòt klyan, pikèt grèv, ak presyon lidè kominote yo.

Òganize yon inyon

Anplwaye inyon kapab negosye yon kontra inyon ki ofri travayè pi bon kondisyon pase lwa jeneral sou travay ak anplwaman an.

Evite travay “anba tab” ("under the table”)

Travay anba tab kapab fè ou pèdi chans ou pouw genyen avantaj ak sèvis, tankou:

  • Prè labank, prè pou peye kolèj, ipotèk, ak kat kredi
  • Asirans sante pou moun ki an chomaj
  • Pansyon sekirite sosyal ak avantaj pou andikape
  • Patwonaj pou fanmi imigre
  • Asirans chomaj
  • Konpansasyon pou travayè

Anplwayè w la dwe rapòte salè ou bay IRS, dedwi taks sou revni ou sou salè bri, ak peye taks anplwayè yo. Ou dwe fè deklarasyon sou taks ou avèk IRS la chak ane. Deklarasyon enpo ou se yon prèv legal pou revni ou.

Ou kapab eseye mande anplwayè w la pou rapòte tout revni ou e pou li dedwi taks ou yo. Ou kapab soumèt pwòp dosye sale ou bay IRS tou lèw ou rele 1-800-829-1040 pou w mande yon fòm "W-2 sibtitye (substitute W-2 form)".

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).