Si mwen pa gen yon kat vèt, yon pèmi pou m travay, papye travay oubyen otorizasyon pou m travay eske lalwa sou salè yo pwoteje m?
Wi! Lalwa sou salè yo kouvri tout travayè. Stati imigrasyon ou pa fè yon diferans. Si anplwayè a angaje ou pou w travay, li dwe swiv lalwa sou salè yo.
Si anplwayè mwen an dwe m lajan èske m ka jwenn li?
Ou kapab jwenn lajan anplwayè w la dwe ou. Rele Liy Wouj Pou Travay Ekitab Komisè Gouvènman Massachusetts (Fair Labor Hotline) la nan 617-727-3465.
Kisa mwen ka fè si anplwayè mwen an ap vyole lwa a?
Si anplawyè w la vyole lwa a, rele liy Wouj pou Travay Ekitab, Komisè Gouvènman Massachusetts (Fair Labor Hotline) la nan 617-727-3465.
Èske Komisè Gouvènman Massachusetts la pataje enfòmasyon avèk sèvis imigrasyon an?
Pa pè pote plènt kont anplwayè w la. Biwo Komisè gouvènman Massachusetts la pap pataje enfòmasyon avèk Sèvis Imigrasyon ak Natiralizasyon Ameriken an (ICE). Yo pa gen lyen avèk ICE. Komisè Gouvènman an vle tande travayè san papye yo ki genyen plènt.
Eske Mwen dwe ale nan Depatman Ditravay oubyen nan Biwo Komisè Gouvènman?
Ou genyen de resous mèveye si ou pa touche daprè lalwa,
- Biwo Komisè Gouvènman an (Attorney General’s office) avèk
- Depatman Ditravay (Department of Labor).
Komisè Gouvènman (Attorney General)
Lè w depoze yon plènt nan biwo Komisè Gouvman an, anplwayè ou la ap vinn konnen ou fè yon plènt. Sa pa vle di anplwayè a gen dwa nan okenn fason pou l pran revanj kont ou.
Li ilegal pou nenpòt anplwayè pran revanj kont yon anplwaye poutèt li pote plènt nan Depatman Ditravay oswa Komisè Gouvènman an.
Depatman Ditravay (Department of Labor)
Depatman Ditravay ap fè respekte salè minimòm federal la ak lwa sou lè siplemantè yo. Anpil moun prefere ale nan Depatman Ditravay DD (DOL) paske DD (DOL) pa di anplwayè w la ou te pote plènt. Plènt ou a “anonim”. Ou kapab santi w pi konfòtab pou w travay pou anplwayè w la sil pa konnen ou te pote plènt. Anpil moun ap rapòte vyolasyon pandanke yo kontinye travay pou anplwayè yo a.
Eske map jwenn salè minimòm jeneral oswa salè minimòm eta a lè mwen ale nan Depatman Ditravay?
Si DDT (DOL) deside yo dwe salè minimòm ak lè siplemantè, yap fè anplwayè peye salè minimòm $9 lè Massachusetts la.
Kilès ki kapab ale nan Depatman Ditravay?
Tout moun, ki santi yo pa peye yo korèkteman, kapab rele Depatman Ditravay. Sepandan, Depatman DiTravay pa kapab ede tout travayè. Depatman Ditravay la dòdinè, kapab envestige pou travayè ki travay pou konpayi ki
- genyen 50 anplwayè o plis oswa
- ki genyen biwo oswa fè biznis nan pliske yon eta.