Salè Minimòm

Pwodwi pa Lydia Edwards, Director of Legal Services Brazilian Immigrant Center, Massachusetts Law Reform Institute, Neighborhood Legal Services
Revize January 2021

Kisa salè minimòm nan ye nan Massachusetts?

Laplipa travayè

Salè minimòm nan se $13.50 lè pou laplipa travayè.

Ti Pèsonèl

Travay yo kapab peye “ti pèsonèl yo /service workers” $5.55 lè, men yo kab sèlman peye $5.55 lè, si $5.55 plis poubwa/tep bay $13.50. Al wè salè minimòm pou ti pèsonèl (service workers).

Travayè jaden

Anplwayè kapab peye travayè jaden $8 lè.

Eske salè minimòm lan aplikab pou tout travayè?

Non, gen moun ki fè sèten travay ki  pa ba yo dwa pou touche salè minimòm.Travay sa yo genyen ladan yo:

  • travay kontraktè endepandan;
  • travay agrikilti ak travay jaden;
  • travay moun nan sèten pwogran trening. Fòk se program lekòl administre, yon gwoup relijye, oswa yon òganizasyon charitab;
  • travay manm òd relijye;
  • sèvis pwofesyonèl;
  • ak travay vandè ki vann pwodwi andeyò biwo yo.Vandè sa yo pa vizite oswa rapòte yo nan biwo a chak jou.

Salè minimòm pou ti pèsonèl

Ti pèsonèl se moun ki touche tep osibyenke salè regilye. Si ou se ti pèsonèl, salè minimòm ou se ankò $13.50 lè. $13.50 a sòti nan toulede tep ak salè a. Si salè ou plis tep la pa fè $13.50 lè anplwayè w la dwe ogmante salè ou.

Anplwayè yo kapab peye ti pèsonèl yon “prim sèvis (service  rate)” ki $5.55 lè. Men ou dwe fè omwen $7.95 lè, anmwayèn, nan tep nan yon semèn.

Egzanp

Konpayi taxi Antoine lan peye li $5.55 lè. Gen semen li fè mwenske $7.95 lè nan tep. Anplwayè a dwe monte lè salè li nan semen sa yo pou asire yo li fè omwen $13.50 lè nan salè li plis tep.

Si ou fè mwenske $7.95 lè anmwayèn nan nenpòt semèn, anplwayè w la ankò dwe peye ou ase pou w rive fè $13.50 lè a.

Anplwayè w la dwe deside l pou li mete tout tep yo ansanm, epi divize yo pami travayè yo.

Men lajan tep dwe al jwenn ti pèsonèl yo sèlman, e non pa manajman.

E si m gen mwenske 16 zan, eske salè minimòm aplikab pou mwen?

Wi, salè minimòm aplikab pou tout travay travayè nan Massachusetts. Li pa depann de laj ou.

Eske yo dwe peye bebisitè avek menajè salè minimòm?

Wi! Menajè avek bebisitè se “travayè domestik”. Lòt travay kankou kwizinye, jounalye, oksilyè ak enfimyè adomisil se okipasyon travayè domestik tou.

Si ou se yon travayè domestik ou dwe touche salè minimòm.

Ou kapab yon “kontraktè endepandan" (independent contractor),  si ou

  • Sèlman travay peryodikman,
  • ou kontwole pwòp orè ou e
  • ou travay pou plizyè fanmiy oswa kay,.

 Lwa sou salè minimòm pa kouvri kontraktè endepandan.

E si mwen gen yon andikap, eske mwen gen dwa pou resevwa salè minimòm?

Wi! Travayè andikape gen dwa pou resevwa salè minimòm. Anplwayè w la kapab peye travayè mwenske salè minimòm sèlman sil genyen yon sètifika espesyal. Se Direktè Depatman Ditravay sèlman ki kapab bay anplwayè sètifika sa a.

Si mwen travay kòm aparanti oswa map aprann yon nouvo metye oswa okipasyon, eske anplwayè dwe peye mwen sale minimum?

Sa depann.

Anplwayè w kapab peye w mwenske salè minimòm pou you bout tan. Depatman Ditravay dwe apwouve aprantisaj anplwayè w la.  Direktè Depatman Ditravay la dwe bay anplwayè w la yon sètifika.

  • Anplwayè w la kapab peye apranti mwenske salè minimòm sèlman pou valè tan ki endike nan sètifika a.  
  • Pandanke ou se apranti a, anplwayè w la dwe peye ou omwen 80% salè minimòm nan.
  • Anplwayè la dwe kòmanse peye w salè minimòm nan ositoke peryòd tan an ekspire nan sètfika a.

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).