Pwobableman non.
Li vrèman difisil pou vin yon kontraktè endependan nan Massachussets. Ou dwe reponn yon kritè ki gen twa volè. Toulètwa dwe vrè. Si youn nan 3 pati yo pa satisfè, ou se yon anplwaye.
- 1e pati. Ou lib pou w kontwole pwòp travay ou e kòman pou w fè travay la; epi
- 2e pati. Ou ap
- Travay pou yon biznis ki nòmalman fè kalite travay ou ap fè a, oubyen
- Ou pap travay nan okenn biznis nan lokalite a; epi
- 3èpati. Ou regilyèman travay endepandamman, nan fè kalite travay wap fè pou biznis la.
Ou pa yon kontraktè endepandan si anplwayè w la sipèvize travay ou, e ou oblije swiv direksyon sou jan pou w fè travay ou.
Si ou pa yon kontraktè endepandan, anplwayè w la dwe peye tout zouti ou bezwen pou travay la: gaz, asirans, reparasyon ak lòt depans pou biznis la.
Genyen anplwayè ki rele anplwaye yo” kontraktè endepandan” pou yo ekonomize lajan. Si anplwayè w la di ou travay endepandamman, li kab di ou ou bezwen peye pou zouti ou itilize yo ak lòt depans biznis la li ta dwe peye. Li kapab menm chaje ou “frè/ shift fees” pou dwa pou travay.
Nan Masschusetts ou kapab yon anplwaye menm si ou travay yon sèl jou pou yon anplwayè.
Si anplwayè w la ap fè ou peye pou bagay ou pa ta dwe peye pou yo, rele Liy Wouj pou Travay Ekitab Komisè Gouvènman an (Fair Labor Hotline) nan 617-727-3465.