Lè anplwayè a pran lajan sou pèman, sa se yon “dediksyon”. Sèten moun rele “retrè” sou pèman ou. Anplwayè yo dwe bay ou fich pèman chak fwa yo peye ou. Fich pèman dwe montre tout dediksyon yo fè sou pèman ou. Yo sèlman pèt anplwayè a pou l dedwi sèten bagay.
- Anplwayè w la kapab dedwi sèten lajan, kankou taks ak lajan tribinal òdone pou pran, kankou sipò pou timoun.
- Li kapab pran sèten dediksyon ou dakò pou yo eke ou vle yo pran, kankou IRA oswa plan asirans sante.
Dediksyon anplwayè w dwe pran nan chèk salè
- Taks eta a ak federal yo,
- Kontribisyon nan Sekirite Sosyal (FICA),
- Dediksyon tribinal òdone fè sou salè oswa lòd tribinal pase pou tire lajan sou salè oswa revni kòm sipò pou timoun.
Dediksyon ou kapab mande
- Pèman pou “Credit union”,
- Prim asirans,
- Lojman ak Manje. Genyen règ espesifik sou ki valè anplwayè a kapab pran e kilè,
- Kontribisyon pou pansyon,
- Kontribisyon inyon oswa frè sèvis ajans,
- Kontribisyon pou charite,
- Vakans, sante, ak kontribisyon pou fè yon byenèt.
Ki lòt dediksyon anplwayè m nan kapab pran sou chèk mwen?
Sèl dediksyon anplwayè w la kapab pran sou pèman ou se dediksyon li dwe fè ak dediksyon ou dakò ak yo. Anplwayè a dwe genyen konsantman ou alekri. Anplwayè w la pa kapab deside l pou li fè lòt dediksyon sou pèman ou pou okenn lòt rezon.
Pafwa anplwayè retire lajan sou salè ou pou ranbouse lajan ki manke, oswa pou domaj materyèl.
Men sa pa legal.
Lajan Manke
Si anplwayè ou a kwè se ou menm ki lakòz lajan ki manke a, li dwe pwouve ou komèt yon krim. Si yo vle ou peye lajan ki manke, yo dwe mennen ou nan tribinal e pwouve ou te pran lajan. Anplwayè a pa kapab senpleman peye ou mwens.
Domaj materyèl
Anplwayè a pa kapab tire pri sou salè pou okenn domaj materyèl ou koze;
Li pa kapab dedwi lajan sou ou pou
- depresyasyon ak depresyason kankou tip domaj materyèl.
- domaj materyèl ou koze sou pwopriyete li, ni
- domaj ou koze kont pwopriyete yon lòt moun.
Si anplwayè a santi ou fè eksprè pou w koze dega materyèl la li kapab mande pèmisyon ou pou l pran lajan dega a sou ou. Si anplwayè a santi ou te fè eksprè koze dega materyèl, li kapab mande pèmisyon ou pou l pran valè lajan dega a sou salè w, oubyen li kapab mennen ou nan tribunal. Li kapab sèlman pran valè lajan domaj la sou salè ou, si ou ba li yon akò ekri. Ou pa oblije dakò.
Depans Pwofesyonèl
Anplwayè w la pa kapab dedwi lajan zouti, ekipman, materyèl netwayaj, gaz, asirans oswa lòt depans pwofesyonèl li nan salè ou.Tou sa se “depans biznis òdinè” anplwayè ou dwe peye. Yo pa pèmèt li pou l fè ou peye pou yo.
E si mwen anreta, oswa anplwayè mwen peye m anplis?
Pafwa chèk ou kapab pa tout kantite ou atann ou pou li ye a. Li mwens pase sal konn ye. Li sanble kankou anplwayè a ap chaje ou pou reta oswa pèman anplis. Men anplwayè ou dwe sèlman peye ou pou travay ou fè.
Reta
Anplwayè ou dwe sèlman peye ou pou lè ou travay. Si ou sèlman travay 9:00 è dimaten-5:00 è aprè midi oswa 40 è pa semèn anplwayè a dwe peye ou pou tout 40 è a.
Si ou vini nan travay la prè 9:00 anplwayè ou a dwe peye ou sèlman pou lè ou travay aktyèl ou te travay la. Kidonk, si ou vini a 9:30, anplwayè ou a ap peye ou sèlman pou 7.5 lè ou fè pou jou sa.
Pèman anplis
Anplwayè ou a kapab fè yon fòt e peye ou twòp lajan. Anplwayè ou a gen pou l peye ou sèlman pou lè ou te travay.
Si anplwayè w la te peye ou twòp lajan li kapab dedwi li sou lòt chèk ou alavni. Men li ankò dwe peye ou yon salè minimòm pou chak chèk. Kidonk, li pa kapab dedwi lajan deplis la sou chèk ou si lap desann li pi ba pase salè minimòm nan.
Si mwen prete lajan nan men patwon m nan, èske li kapab pran lajan an sou chèk mwen?
Non. Si ou prete lajan nan men patwon lan, li bezwen pèmisyon ou alekri pou li kapab tire li sou chèk pèman ou.
Eske anplwayè m an dwe fè m peye pou inifòm mwen?
Non. Si anplwayè w la di w ou dwe pote inifòm, li dwe peye pou li. Si inifòm nan dwe lave osèk (dry-clean), ou byen lave nan kèk fason espesyal anplwayè w la dwe ranbouse w pou frè lesiv la.
Si ou kapab lave inifòm yo avèk pwòp rad ou, e li pa oblije w okenn trètman espesyal, anplwayè w la pa dwe ranbouse frè lesiv la.
E kisa m kapab fè si anplwayè m nan retire sou lajan mwen ilegalman?
Si anplwayè ou a retire sou lajan ou ilegalman, ou kapab al pote plènt nan biwo Komisè Gouvènman an. Si ou pa sèten sou okènn prensip yo nan travay ou a, rele Liy Wouj pou Travay Ekitab Komisè Gouvènman an (Fair Labor Division Hotline) nan 617-727-3465.