Eske m ta dwe ale nan tribunal?
Chak ka diferan. Gen anpil bagay pou w panse avan w deside pou w ale nan tribunal.
Ou dwe rasanble enfòmasyon, pran konsèy legal, e pale sou sa avèk moun ou fè konfyans. Se ou menm sèlman ki konnen sa ki pi bon pou ou.
Raple ou sa:
Se pa ou sèl ki gen dwa pou al nan tribinal. Mari ou tou kapab aplike pou divòs oswa sipò separe.
Si w genyen pitit, rapò ou ak mari w pa fini lè w separe oswa divòse. Wap genyen pwobableman pou w kontinye pale avèk mari ou sou sipò, vizit, avèk lòt kesyon sou elve timoun yo. Ou pap genyen pou w pale avèk li si ou genyen yon lòd pou pwoteksyon ou, Lòd pwotektè 209A, ki di “pad kontak.”
Konsèy
Subi yon separasyon, o divòs se yon bagay ki kab dir anpil emosyonèlman. Konsèy kapab ede w nan pwosesis la. Doktè ou kapab refere w bay yon konseye oswa yon terapis, oubyen ou kapab mande nan sant medical lokal la oswa chèche nan liv telefòn Paj Jòn yo.
Konsèy kapab ede epou (mari/madanm) jwenn kòman pou trete yon divòs oswa yon separasyon.
Laplipa entèsesè (advocates) nan vyolans domestik di se yon move lide pou w ale nan konsèy avèk moun ki te abize w la si wap eseye separe avèk moun sa a.