Pwodwi pa Massachusetts Law Reform Institute
Revize 2010

Aplike yon Plent pou Sipò si ou pa bezwen yon lòd pou gadyen men ou bezwen sipò oswa asirans sante pou oumenm oswa pitit ou epwi ou rete marye.

Nan ki tribinal m kapab aplike?

Genyen yon Tribinal Lafanmi avèk Omologasyon nan chak komin nan Massachusetts.

Si wap sèlman mande sipò pou timoun. Ou dwe fè aplikasyon w lan nan komin kote timoun nan rete a. Ou kapab fè yon plent pou sipò nan kominote kote ou rete a oswa nan Tribinal Lafanmi avèk Omologasyon nan kominote kote mari w rete a.

Konbyen sa koute pou soumèt yon ka?

Tribinal Lafanmi avèk Omologasyon an fè peye frè pou soumèt avèk pou trete sèten dokiman. Depwi nan dat 1ye Jiyè 2009, moun pa peye frè pou depoze plent pou Sipò, genyen yon frè 5 dola pou yon sitasyon. Asistan cherif avèk ajan polis dòdinè fè peye 35-45 dola pou delivre papye yo bay mari oswa madanm ou.

Ka
Frè pou soumèt
Taks
Sitasyon
Frè Asistan Cherif
oswa Ajan Polis
Sipò $0 $0 $5 $35-$45

E si mwen pa genyen mwayen pou m peye frè tribunal yo?

Ou pa bezwen peye frè sa yo si:

  • ou resevwa okenn asistans piblik (èd sosyal, koupon pou manje, etc. oswa
  • revni ou mwenske 125% nivo povrete federal la (federal poverty level oswa
  • ou kapab montre si pou w peye frè sa yo lap difisil pou w peye lwaye w oswa hipotèk kay ou oswa achte manje avèk rad.

Si w pa kapab peye frè sa yo, itilize Fòm Afidavi pou Endijans lan (Affidavit of Indigency form) pou mande tribunal la pou l kite w aplike san w pa peye frè yo. Yo rele sa “ekzansyon frè” (“fee waiver”). Fòm sa a mande tribunal la tou pou bay leta lòd pou peye asistan cherif la oswa ajan polis la pou delivre papye tribunal yo.

Wap bezwen ekri revni ou (konbyen lajan ou resevwa chak mwa) nan Afidavi a. Ekri tout frè yo ou bezwen èd avèk yo a: frè pou aplikasyon, frè asistan cherif oswa ajan polis pou delivre papye yo, ak tout lòt frè w bezwen yo kouvri. Fòm afidavi a genyen espas kote ou kapab ekri enfòmasyon sa a. Tribinal la kapab mande w dokiman pou montre poukisa ou bezwen yo peye frè yo pou ou.

Eske m kapab kenbe adrès mwen sekrè? 

Wi. Ou kapab gade adrès ou sekrè pou mari ou si ou bezwen fè sa pou w kenbe sirte ou. Soumèt yon rekèt (motion) pou mande tribunal la pou “kache”/sere ("impound"/ hide) adrès ou. Ekri nan fòm rekèt (motion form) la poukisa ou pap genyen sirte si mari w dekouvri kote ou rete. Gade yon echantiyon Rekèt pou Kache Adrès ak Afidavi ki atache avèk li (Motion to Impound Address and attached Affidavit).

Depoze yon Plent pou Sipò

  1. Jwenn yon Fòm Plent pou Sipò (Complaint for Support form) avèk enstriksyon (instructions) li nan sit entènèt Tribinal Lafanmi avèk Omologasyon an (Probate and Family court website) oswa nenpòt Tribinal Lafanmi avèk Omologasyon nan Massachusetts. Non konplè fòm sa a se ‘’Plent pou Sipò daprè G.L. c. 209 §32F.’’ Si w bezwen sipò pou timoun wap bezwen yon kopi Fèy Kalkil pou Mach Aswiv pou Sipò Timoun nan (Child Support Guidelines Worksheet).
  2. Ranpli Plent pou Sipò a
    • Si wap mande sipò pou timoun, ranpli Fèy Kalkil Mach Aswiv pou Sipò Timoun nan
  3. Depoze Plent la.Ou kapab depoze yon plent pou sipò nan Tribinal Lafanmi avèk Omologasyon nan kominote nan ou rete a oswa mari/madanm ou rete a.

    Lè ou depoze Plent la:

    • Ranpli yon fòm Afidavi Endijans (Affidavit of Indigency form) si ou pa kapab peye pou yon sitasyon oswa frè pou delivre papye yo. Si ou kapab tcheke nenpòt kare A oswa B nan fòm lan, tcheke li. Grefye ap apouve fòm lan vize li epwi ba ou yon kopi. Sa vle di tribinal la ap kouvri frè yo.
    • Soumèt yon rekèt (motion) pou “kache” ("impound") adrès ou si w bezwen gade adrès ou sekrè pou mari ou pou w rete an sirte. Ekri nan fòm rekèt la poukisa ou pap genyen sirte si mari ou dekouvri kote ou rete. Wè echantiyon mosyon pou Kenbe Adrès ou Sekrè avèk Afidavi ki atache avèk li a (Motion to Impound Address and attached Affidavit).
    • Soumèt yon rekèt pou lòd tanporè (motion for temporary orders). si ou bezwen pou tribinal la pase lòd pou yon bagay imedyatman (kankou sipò timoun).  Fè rekèt la lè ou prezante plent la avèk afidavi endijans la. Mande grefye a pou ba ou yon dat pou yon odyans. Ekri dat la sou fòm rekèt la. Gen yon plas nan fòm lan pou sa. Ou kapab soumèt fòm lan plita tou anka bezwen.
  4. Delivre papye yo. Grefye a ap ba ou yon Sitasyon pou Relasyon Domestik. Se yon papye ofisyel ki di mari w kilè pou li soumèt Repons li nan ka w la. Tribinal la kapab deside sou ka w la sèlman aprè mari w resevwa Sitasyon. Pote oswa voye sitasyon an avèk yon kopi tout papye ou soumèt yo bay cherif (sheriff) la, oswa ajan polis (constable) la pou delivre yo bay mari w. Si tribinal la apouve Afidavi Endijans (Affidavit of Indigency) la, asire w pou ou bay cherif la oswa ajan polis la yon kopi pou leta kapab peye frè yo. Lè cherif la oswa ajan polis la bay mari ou papye yo, sa rele “sitasyon pou tribinal” ("service of process)".
  5. Tann pou cherif la oswa ajan polis la retounen sitasyon an avèk ‘’Pwèv Delivrezon’’ (‘’Proof of Service’’) yo ba ou. Aprè cherif la oswa ajan polis la delivre papye yo, lap retounen sitasyon orijinal yo ba ou. Cherif la oswa ajan polis la ranpli, siyen, e date seksyon ki rele ‘’Pwèv delivrezon’’ nan sitasyon an. Asire w pou w di cherif oswa ajan polis la pou voye sitasyon avèk “pwèv delivrezon’’an retounen ba ou.
  6. Fè yon‘’delivrezon anretou”/ Make a «’’return of service’’. Retounen Sitasyon Relasyon Domestik original siyen an bay tribunal la. Sa rele ”delivrezon anretou”. Sonje pou w fè yon kopi sitasyon orijinal siyen an pou achiv ou.

Sak pase aprè mwen retounen sitasyon an bay Tribinal la?

Lè ou retounen sitasyon an bay tribunal la, grefye a ap tcheke ka w la pou wè si w te deja genyen yon dat pou w konparèt. Si ou te soumèt yon rekèt pou Lòd Tanporè, wap deja genyen yon dat. Si mari w soumèt yon repons pou plent ou a avan w te retounen sitasyon an bay tribinal la, wap deja genyen yon dat pou w konparèt.

Si w pat gen dat pou w konparèt, grefye a ap ba ou yon dat pou ‘’Odyans sou Jesyon Ka’’ (Case Management Conference). Odyans sou Jesyon ka a ap fèt omwen nan 30 jou aprè ou soumèt pwèv pou delivrezon sitasyon an.

Kisa ki fèt nan yon Odyans pou Jesyon Ka?

Nan yon odyans pou jesyon ka jij la ap pale avèk ou sou ka w la. Jij la kapab tande ka a epwi li rann yon desizyon pou sipòte li si:

  • mari pat soumèt yon Repons, oswa
  • oumenm avèk mari ou te ‘’ rezoud’’ ka a epwi jij la apouve li. ’’Rezoud’’ vle di nou toulède dakò alekri sou bagay yo ki dwe deside yo ansipò avèk ka a, kankou kantite sipò pou ou, sipò pou timoun yo, ak ki kalite asirans sante ou oswa timoun yo ta dwe genyen e kilès ki dwe peye pou li.

Si tribunal la pa rann yon Jijman Sipò nan Odyans pou Jesyon ka a, lap ba ou yon nouvo dat pou w konparèt. Pwochen dat la kapab pou yon odyans avan jijman oswa jijman.

Ale nan jijman – Jwenn yon jijman sipò

Ap gen yon odyans final, yo rele jijman tou. Nan jijman sa a jij la ap deside sou ka pou sipò w la. Oumenm ak mari w kapab rezoud ka a avèk yon akò ekri ou siyen eke w mande jij la pou li apouve, menm pandan jijman an. Jij la ap rann yon Jijman Sipò. Si jijman an pran yon jou omwen, jij la dwe rann desizyon an nan 30 jou aprè jijman an.

Jijman yo final. Yo pap kapab chanje plita amwenke genyen yon ‘’chanjman konsiderab’’ nan sitiyasyon ou oswa mari ou. Si genyen yon chanjman konsiderab, e ou bezwen yon chanjman nan jijman an, ou kapab depoze yon Plent pou Modifikasyon(chanjman).

Pwodwi pa Massachusetts Law Reform Institute
Revize 2010

Eske M kapab aplike pou sipò oswa gadyen (titèl) san m pa divòse?

Wi. Ou kapab vle rete marye, men ou bezwen sipò avèk asirans sante. Ou kapab bezwen gadyen timoun ou yo tou, pandanke ou marye, epwi ou kapab bezwen sipò avèk asirans sante pou yo.

Pou jwenn sipò pandanke ou rete marye, ou kapab depoze:

  • yon Plent pou Sipò (Complaint for Support) si ou pa bezwen yon lòd pou gadyen men ou bezwen sipò oswa asirans sante pou oumenm oswa pitit ou epwi ou rete marye; oswa
  • yon Plent pou Sipò Separe (Complaint for Separate Support) si ou rete marye e ou bezwen
    • yon lòd pou gadyen avèk
    • sipò oswa asirans sante pou pitit ou avèk/oswa
    • sipò oswa asirans sante pou oumenm.

Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).