Ou pa bezwen avoka pou w aplike pou divòs, sipò separe, gadyen o sipò timoun). Ou kapab soumèt pwòp aplikasyon ou. Nan Massachusetts, ou gen dwa reprezante tèt ou nan nenpòt ka legal, enkli divòs, ak sipò separe.
Ka kankou divòs avèk gadyen timoun kapab trè konplike. Genyen anpil risk. Li trè enpòtan pou w genyen yon avoka pou ede w, espesyalman si mari w se yon moun ki vyolan, abizè oswa kontwolè..
Lap pli fasil si w kapab genyen yon avoka, olye pou w ta reprezante tèt ou. Yon avoka kapab ede w deside ki tip ka ou vle soumèt, e ede w prezante li. Yon avoka kab travay avèk ou sou yon akò avèk lòt paran an. Si pa genyen akò, yon avoka kapab ede w avèk jijman an. Si mari w la te abize w, o li pa dakò avèk ou sou jan divòs la o separasyon an dwe fèt, oubyen si genyen kesyon konplike nan divòs la oubyen separasyon an, li pibon pou w genyen yon avoka pou reprezante ou.
Kòman m kab jwenn yon avoka?
Si wap resevwa èd piblik, oswa si revni w ba, rele biwo sèvis legal lokal ou a pou wè si w kab jwenn sèvis legal gratis. Biwo sèvis legal la kab petèt ede ou, o voye w bay yon avoka prive ki kapab fè ka w la gratis (“pro bono”).
Si sèvis legal yo pa kapab reprezante ou gratis, ou kab eseye jwenn yon avoka prive (find a private lawyer) kap chaje sou yon “echèl pèyman varye” (daprè mwayen ou). Echèl pèyman an pli wo pou moun ki genyen plis lajan e pli ba pou moun ki gen mwens lajan. Di avoka a depwi nan kòmansman si w ta pè pou w pa ta gen mwayen pou peye li.
Avoka yo souvan fè depose yon avalwa. Sa vle di ou peye yon lajan alavans. Pandan yap travay, yo peye tèt yo nan lajan ou te ba yo a. Lè lajan an fini, yo ba ou yon bòdro ki di w kòman lajan avalwa a te depanse. Konsa yo mande yon lòt avalwa. Eseye jwenn yon avoka kap dakò pou fè ka w la san avalwa oswa yon avalwa (“retainer”) tou piti.
Avoka prive chaje w sou lè. Lap koute w mwens si avoka a pa gen pou l pase anpil tan nan rasanble enfòmasyon.Nenpòt lè w kab jwenn enfòmasyon oswa dokiman avoka a bezwen yo, ou economize lajan. Kenbe pwòp dokiman pa ou. Prepare w pou miting, oswa konvèsasyon nan telefòn avèk avoka ou. Si avoka w di ou lap bezwen sèten enfòmasyon, mete yo prè pou li. Tout mezi sa yo ap ede ou kenbe depans yo ba.
Nan sèten ka, tribunal la konn pase lòd pou mari ou peye frè avoka w la. Li: Fè Rekèt pou yon Lòd pou Mari w Ede Peye Avoka w la (Requesting an Order for Your Spouse to Help Pay for Your Attorney).
Si ou pa jwenn avoka oswa ou chwazi pou w reprezante tèt ou, ou kapab ankò jwenn kèk èd. Genyen kèk sant pou fanm avèk pwogram sèvis legal ki ofri klinik divòs “fè li oumenm” ("do it yourself") pou gide w nan fè pwòp divòs ou (Family Law Advocacy for Low and Moderate Income Litigants). Genyen yon chapit tou ki eksplike andetay kòman pou w jwenn yon divòs. Bibliyotèk local ou a oswa bibliyotèk legal kominote (local library oswa county law library) w la genyen yon seksyon sou lwa pou fanmi, kote ou kapab jwenn kèk nan liv sa yo.