Pwodwi pa an AmeriCorps Project of Western Massachusetts Legal Services
Revize February 2010

Pou jwenn yon divòs, ou kapab depoze:

  • yon Plent pou Divòs (Complaint for Divorce), si se ou menm sèlman ki vle yon divòs, oswa
  • yon Demand Divòs Konjwen (Joint Petition for Divorce), si ou avèk mari ou vle aplike pou yon divòs’’no fòt’’ ansanm. Si ou avèk mari ou fè yon demand konjwen, nou genyen tou pou nou soumèt yon akò separasyon sètifye avèk yon afidavi kankou maryaj la kraze e li pa kapab kontinye (sa rele yon afidavi sou maraj kraze san remèd).
Pwodwi pa Massachusetts Law Reform Institute
Revize Out 2012

Aplike yon Plent pou Divòs si se ou menm sèlman ki vle yon divòs.

Eske m kapab aplike nan Massachusetts

Ou kapab aplike pou divòs nan Massachusetts si:

  • Ou te fè yon ane rete nan eta a, oswa
  • Ou te abite ansanm nan Massachusetts kòm koup (mari/madanm) e sak te pase a pou koze divòs la ("rezon pou divòs la’’) te rive nan Massachusetts.

Si nenpòt nan de bagay sa yo vrè, konsa ou kapab aplike pou divòs nan Massachusetts, menmsi mari/madanm ou abite nan yon lòt eta, oswa ou pa konnen kibò li rete.

Nan ki tribunal pou m aplike?

Genyen yon Tribinal Lafanmi avèk Omologasyon nan chak kominote nan Massachusetta. Ou kapab aplike pou divòs nan Tribinal Lafanmi avèk Omologasyon nan kominote kote ou rete a, oswa Tribinal Lafanmi ak Omologasyon kote mari ou rete a. Sepandan, si mari ou ankò rete nan dènye kominote kote nou te rete ansanm nan, ou dwe aplike pou divòs nan kominote sa a (Probate and Family Court in that county).

Konbyen tan lap pran?

Tribinal la gen yon systèm rezo pou tout kalite ka, enkli divòs. Nan systèm rezo a, divòs plase nan rezo 14 mwa a. Sa vle di ka divòs dwe ale nan jijman, rezoud, oswa rejte nan 14 mwa.

Konbyen sa koute pou depoze yon plent pou divòs?

Tribinal Lafanmi avèk Omologasyon an fè peye pou depoze ak trete sèten dokiman. Tcheke Echel Pèman Inifòm Depatman Tribinal Lafanmi avèk Omologasyon an (Probate and Family Court Department Uniform Fee Schedule) pou ou konnen konbyen lap koute. Depwi nan 9 Jiyè 2012 frè Plent pou Divòs te $220 ($200 frè aplikasyon + $15 taks + $5 pou sitasyon). Genyen frè pou asistan cherif oswa ajan polis tou pou fè delivre papye yo bay mari/madanm ou.

Ka
Frè Aplikasyon
Taks
Sitasyon
Asistan Cherif
oswa Ajan Polis
Divòs $200 $15 $5 Varye

E si mwen pa genyen mwayen pou m peye frè tribunal yo?

Ou pa bezwen peye frè sa yo si:

  • ou resevwa okenn asistans piblik (èd sosyal, koupon pou manje, etc. oswa
  • revni ou mwenske 125% nivo povrete federal la (federal poverty level oswa
  • ou kapab montre si pou w peye frè sa yo lap difisil pou w peye lwaye w oswa hipotèk kay ou oswa achte manje avèk rad.

Si w pa kapab peye frè sa yo, itilize Fòm Afidavi pou Endijans lan (Affidavit of Indigency form) pou mande tribunal la pou l kite w aplike san w pa peye frè yo. Yo rele sa “ekzansyon frè” (“fee waiver”). Fòm sa a mande tribunal la tou pou bay leta lòd pou peye asistan cherif la oswa ajan polis la pou delivre papye tribunal yo.

Wap bezwen ekri revni ou (konbyen lajan ou resevwa chak mwa) nan Afidavi a. Ekri tout frè yo ou bezwen èd avèk yo a: frè pou aplikasyon, frè asistan cherif oswa ajan polis pou delivre papye yo, ak tout lòt frè w bezwen yo kouvri. Fòm afidavi a genyen espas kote ou kapab ekri enfòmasyon sa a. Tribinal la kapab mande w dokiman pou montre poukisa ou bezwen yo peye frè yo pou ou.

Eske m kapab kenbe adrès mwen sekrè?

Wi. Ou kapab gade adrès ou sekrè pou mari ou si ou bezwen fè sa pou w kenbe sirte ou. Soumèt yon rekèt (motion) pou mande tribunal la pou "kache"/sere ("impound"/ hide) adrès ou. Ekri nan fòm rekèt (motion form) la poukisa ou pap genyen sirte si mari w dekouvri kote ou rete. Gade yon echantiyon Rekèt pou Kache Adrès ak Afidavi ki atache avèk li (Motion to Impound Address and attached Affidavit).

Depoze yon Plent pou Divòs

  1. Chwazi yon "motif"/(rezon legal) pou divòs ou. Yon motif pou jwenn yon divos rele “Maryaj Kraze san Reparasyon”. Anpil moun rele li “no fòt”. Li vle di mari / madanm ou avèk oumenm pa antann nou e ou pa vle rete marye ankò. Pou li pli senp: maryaj la kraze e li pa kapab repare.
  2. Jwenn fòm korèk la avèk enstriksyon yo pou kalite divòs ou bezwen an.
    1. Si rezon ou pou divòs la se "Maryaj Kraze san Reparasyon" (“no fòt), pran fòm Plent pou Divòs daprè G.L.c.208, Seksyon 1B a (Complaint for Divorce under G.L. c. 208, Section 1B), ak enstriksyon yo (instructions)  nan sit entènèt tribinal Lafanmi avèk Omologasyon an (Probate and Family court website) oswa nenpòt tribunal lafanmiy avèk omologasyon nan Massachusetts.
    2. Si rezon pou divòs la pa maryaj kraze ireparab daprè G.L.c.208, Seksyon IB, ou bezwen fòm Plent pou Divòs la (Complaint for Divorce) avèk enstriksyon (instructions) nan sit entènèt tribunal Lafanmiy avèk Omologasyon an (Probate and Family court website) oswa nenpòt tribinal lafanmi avèk omologasyon nan Massachusetts.
    3. Si oumenm avèk mari w vle mande yon divòs “no fòt” ansanm , wè fòm pou Soumèt yon Rekèt Konjwen pou Divòs.
    4. Si ou bezwen sipò pou timoun wap bezwen yon kopi fèy kalkil gid pou Sipò Timoun nan (Child Support Guidelines Worksheet).
  3. Itilize echantiyon Plent pou Divòs daprè G.L.c.208, Section 1B oswa yon echantiyon Plent pou Divòs pou ede w ranpli fòm ou bezwen an. (gade sou echantiyon an?)
  4. Tcheke Echel Pèman Inifòm Depatman Tribinal Lafanmiy ak Omologasyon an (Probate and Family Court Department Uniform Fee Schedule) pou konnen konbyen lap koute. Depwi nan 9 Jiyè 2012 frè pou Plent pou Divòs te $220 ($200 frè aplikasyon + $15 taks + $5 pou sitasyon). Genyen frè tou, apeprè $35-$45 pou peye asistan cherif oswa ajan polis la pou delivre papye yo bay mari/madanm ou.
  5. Pran yon kopi sètifye sètifika maryaj ou.
  6. Si oumenm avèk mari ou genyen pitit ansanm,
    1. Ranpli yon fòm Afidavi pou Swen avèk Gadyen
    2. Si ou bezwen sipò pou timoun, ranpli Fèy Kalkil Gid pou Sipò Timoun nan
  7. Ranpli yon Sètifika pou Divòs Absoli oswa fòm Enfòmasyon pou Anilasyon Estatistik
  8. Depoze Plent la. Pote Rekèt pou Divòs ou a, yon kopi sètifye sètifika maryaj ou, avèk Setifika Divòs Absoli ou a oswa fòm Enfòmasyon pou Anilasyon an nan biwo grefye a nan Tribinal Lafanmi avèk Omologasyon an.  Mande grefye a pou soumèt li.  Si ou te ranpli Afidavi pou Swen avèk Gadyen an oswa fèykalkil Gid pou Sipò Timoun lan, bay grefye a yo tou pou li soumèt.  Si mari/madanm ou ankò rete nan dènye kominote kote nou te abite ansanm nan, ou dwe aplike pou divòs nan Tribinal Lafanmi avèk Omologasyon nan kominote sa a (Probate and Family Court in that county). Si mari/madanm ou kite kominote sa a, ou kapab nan ka sa a aplike nan kominote kote ou rete a oswa nan kominote kote mari/madanm ou rete koulye a. Lè w soumèt plent la avèk lòt dokiman:
    1. Ranpli yon fòm Afidavi Endijans (Affidavit of Indigency form) si w pa kapab peye pou yon sitasyon oswa frè pou depoze plent la avèk delivre papye yo. Si ou kapab tcheke nenpòt kare A oswa B a nan fòm lan, tcheke li. Grefye ap apwouve fòm lan, vize li, epwi ba ou yon kopi. Sa vle di tribinal la ap kouvri frè yo.
    2. Soumèt yon rekèt (motion) pou mande tribunal la pou “kache”/sere  ("impound"/ hide) adrès ou. Ekri nan fòm rekèt (motion form) la poukisa ou pap genyen sirte si mari w dekouvri kote ou rete. Gade yon echantiyon Rekèt pou Kache Adrès ak Afidavi ki atache avèk li a (Motion to Impound Address and attached Affidavit).
    3. Soumèt yon rekèt pou lòd tanporè (motion for temporary orders) si w bezwen pou tribinal la pase lòd pou yon bagay imedyatman (kankou sipò oswa gadyen timoun, oswa pou mari w kite ou rete nan kay la). Fè rekèt la lè w prezante plent la ak Afidavi Endijans la (Affidavit of Indigency). Mande grefye a pou yon dat odyans sou rekèt la. Ekri dat la sou fòm rekèt la. Gen yon plas nan fòm lan pou mete dat la. Ou kapab soumèt fòm nan plita tou anka bezwen.  Li plis sou sa nan Chapit 7 sou Gadyen (Custody) avèk Chapit 8 sou Vizit (Visitation).
  9. Delivre papye yo. Grefye a ap ba ou yon Sitasyon. Se yon papye ofisyel ki di mari w kilè li dwe soumèt Repons li nan ka w la. Tribinal la ap sèlman kapab deside sou ka w la aprè mari w resevwa Sitasyon an. Pote oswa voye sitasyon an avèk yon kopi tout papye ou soumèt yo bay cherif la (sheriff), oswa ajan polis (constable) la pou delivre yo bay mari w. Si tribinal la apwouve Afidavi Endijans la (Affidavit of Indigency ), itilize yon asistan cherif pou delivre papye yo. Asire w pou ou bay asistan cherif la yon kopi Afidavi endijans la pou leta kapab peye frè li yo. Lè cherif la bay mari ou papye yo, sa rele "site li pou konparèt nan tribinal" ("service of process").
  10. Tann pou cherif la oswa ajan polis la retounen sitasyon avèk ‘’Pwèv li Delivre’’ yo ba ou. Aprè cherif la oswa ajan polis la delivre papye yo, lap retounen sitasyon orijinal yo ba ou. Nan sitasyon an cherif la oswa ajan polis la ap ranpli, siyen e date seksyon ki rele "Pwèv delivrezon". Asire w pou ou di cherif oswa ajan polis la pou retounen sitasyon an avèk "pwèv delivrezon" an retounen ba ou.
  11. Soumèt "Prèv delivrezon"/ Fè yon "delivrezon anretou". Retounen Sitasyon original pou Relasyon Domestik la bay tribunal la. Sa vle di "delivrezon anretou". Sonje pou w fè yon kopi sitasyon orijinal siyen an pou achiv ou.

Sa kap pase aprè mwen retounen sitasyon an bay tribunal la?

Ou kapab genyen pou w tann avan ou genyen yon dat pou jijman. Tan an pou w jwenn dat la depann sou jan ou prezante plent pou divòs la.

Rezon "oswa motif" pou yon divòs fè yon diferans pou sa ki kapab pase aprè ou depose plent ou a. Si mari ou soumèt yon repons kont plent ou a, sa ap fè yon diferans tou.i

Si ou depose yon plent pou divòs baze sou “fòt”

(gade kesyon 16, anba a), lè ou retounen sitasyon an bay tribunal la, grefye tribunal la tcheke ka a pou wè si te genyen okenn dat ki te fikse. Si pat genyen dat fikse, grefye a ap plase yon dat pou yon “Odyans sou Jesyon Ka”, e voye avize ou sous sa.  Odyans sou Jesyon Ka a ap fèt omwen nan 30 jou aprè ou soumèt "delivrezon anretou’" a.

Nan Odyans pou Jesyon Ka a, ya fikse pwochen dat tribunal la oswa jij la kapab jije ka a e rann yon desizyon si pa genyen kontestasyon.

Si ou depoze plent pou yon divòs “no fot”

(yon plent kote ou di maryaj la kraze ireparab), grefye ap tcheke ka a nan 120 jou aprè ou te prezante li pou wè si yo pat fikze okenn dat. Si gen yon prèv delivrezon oswa repons ki te soumèt, men pat gen dat pou konparèt nan tribunal, grefye a ap fikse dat pou yon “Odyans pou Jesyon Ka” epwi voye yon notifikasyon ba ou.  Odyans sou Jesyon Ka a ap tonbe omwen nan 30 jou aprè ou soumèt delivrezon anretou a.

Nan Odyans sou Jesyon Ka a, ya fikse pwochen dat pou konparèt nan tribunal la.  Si ou depoze plent pou yon divòs “no fot”, ou dwe tann omwen 6 mwa pou yon odyans.

Si Mari ou soumèt yon repons, e yo pat fikse dat tribunal, tribunal la ap bay dat pou yon Odyans sou Jesyon Ka a pou pale sou li.

Si mari w pa soumèt yon repons, Tribinal la ap fise yon Odyans sou Jesyon ka a pou pale sou li. Yap sèlman fè sa si ou te retounen sitasyon an bay tribunal la.

Sa kap pase nan yon Odyans pou Jesyon Ka?

Nan yon Odyans pou Jesyon ka, jij la kapab fè jijman an e pwononse divòs la si mari w pat soumèt yon Repons oswa oumenm ak mari ou te "rezoud" ka a. ’’Rezoud li” vle di nou toulède dakò alekri sou tout bagay yo ki dwe deside nan yon ka divòs, kankou kilès kap genyen timoun yo e ki mezi sipò pou ou, ki valè sipò pou pitit ou yo, ki kalite asirans sante oumenm oswa timoun yo dwe genyen e kilès ki dwe peye pou li, e kijan byen ou yo ap separe.

Si tribunal la pa pwononse divòs la nan Odyans pou Jesyon ka a, yo dwe bay yon pwochen dat. Pwochen dat la kapab pou yon Odyans avan jijman oswa yon dat jijman.

Ale nan jijman – Jwenn yon Jijman Divòs

Ap genyen yon odyans final, yo rele jijman tou. Nan jijman sa a jij ap deside sou ka divòs ou a. Pati yo kapab rezoud ka a menm nan jijman an avèk yon akò ekri yo siyen e mande jij la pou apwouve li. Aprè jijman an si jij la pwononse divòs ou a, lap rann sa yo rele yon “Jijman Divòs Tanporè” (“Judgment of Divorce Nisi”). Si jijman an dire yon jou omwen, jij la dwe rann desizyon an nan 30 jou aprè jijman an.

Desizyon an ap vin “absoli” (final) 90 jou aprè Jijman Divòs Tanporè a.

Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).