You are here

Want to share what you like about MassLegalHelp with us?

 

Kilès ki genyen kopi lòd la?

Pwodwi pa an AmeriCorps Project of Western Massachusetts Legal Services. Updated and revised by Attorney Jeff Wolf for MassLegalHelp
Revize February, 2012

24. Kilès ki kenbe kopi lòd 209A mwen an?

Sistèm achiv jidisyè a, depatman pwobasyon an, avèk lapolis kenbe dosye sou chak lòd pwotektè 209A.

Tribinal la gade yon kopi lòd pwotektè w la nan dosye ka w la nan baz done Enfòmasyon sou Dosye Aktivite Tribinal la (Court Activity Records Information (CARI).

Depatman pwobasyon tribunal la resevwa yon kopi lòd pwotektè w la tou nan menm jou jij la siyen lan. Depatman pwobasyon an mete enfòmasyon sou lòd la nan "Regis Lòd pou Pwoteksyon Sivil Eta a” (“Statewide Registry of Civil Protection Orders.") Se yon bank enfòmasyon ki genyen dosye ansyen ak nouvo lòd pwotektè 209A nan tout Massachusetts.

Tribinal la voye de kopi bay “ajans polis apopriye yo tou.” (“appropriate law enforcement agency.”) Dòdinè sa vle di lapolis nan site, oswa vil la kote abizè a rete a. Si pèsòn pa konnen kote pou jwenn abizè a, tribinal la dèlò a voye de kopi bay depatman polis la nan site oswa nan vil kote ou rete a. Depatman lapolis gade yon kopi e sèvi abizè a lòt kopi a. Polis dwe mete enfòmasyon apopwo lòd nan bank enfòmasyon an.

25. E si m bezwen èd lapolis la epwi m pa genyen yon kopi lòd pwotektè m nan avèk mwen?

Lapolis kapab ekzekite (aji sou) yon lòd pwotektè 209A menmsi ou pa genyen kopi li lè ou rele yo pou èd. E sa se paske polis yo kapab tcheke nan bank enfòmasyon polis la pou jwenn enfòmasyon sou lòd la ladan.

26. Eske sa ankò yon bòn ide pou m kenbe yon kopi lòd pwotektè m nan avèk mwen?

Wi.

Si w genyen yon kopi lòd pwotektè 209A w la avèk ou, polis pap genyen pou l verifye bank enfòmasyon toudabò lè ou rele yo pou èd. Sa vle di yo kapab ede pi rapidman.

An menmtan tou kapab genyen lòt moun ki bezwen konnen ou gen lòd pwotektè a kankou moun nan travay ou, oswa nan lekòl pitit ou. Moun sa yo pap genyen okenn fason pou yo konnen genyen lòd la amwenke ou montre yo oswa ou ba yo yon kopi.

27. Kòman depatman pwobasyon itilize bank enfòmasyon lòd pwotektè l la?

Depatman pwobasyon an verifye "Regis Lòd pou Pwoteksyon Sivil Eta a” ("Statewide Registry of Civil Protection Orders") chak fwa yon moun mande yon nouvo lòd pwotektè oswa yon ekstansyon pou yon ansyen lòd. Depatman pwobasyon an di jij la si abizè a te genyen lòt lòd pwotektè 209A kont li. Depatman pwobasyon an di jij la tou si genyen manda dèyè abizè a.

Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).