You are here

Sak pase si abizè a voyole lòd la?

Pwodwi pa an AmeriCorps Project of Western Massachusetts Legal Services. Updated and revised by Attorney Jeff Wolf for MassLegalHelp
Revize February, 2012

30. Sak pase si abizè a fè yon bagay kont lòd pwotektè a?

Si abizè a fè yon bagay lòd pwotektè 209A a di li pa kapab fè, sa rele yon vyolasyon lòd pwotektè 209A a.

Sa se yon krim si abizè a vyole lòd pou pa abize w la, kontakte ou, oswa vini pli prè ou pase jan lòd la òdone li.

Pati lòd pwotektè 209A ki di “non kontak” (“no contact”) vle di abizè a lalwa pa pèmèt pou li kontakte w li menm, pa entedyè, lòt moun, lèt oswa korespondans, apèl telefòn, kado oswa okenn lòt mwayen. Pad kontak vle di PAD kontak! Si li eseye kontakte ou nan okenn fason sa yo, li vyole lòd la.

Si li vyole lòd la, rapòte sa bay lapolis. Lapolis kapab arete li. Si lapolis wè vyolasyon an yo menm, oswa si yo genyen bon rezon pou yo kwè li vyole lòd la, yo dwe arête li. Si lapolis arête li e yo chaje li avèk krim, wap genyen pou w ale nan tribunal. Li Chapit 5 Plent Kriminel (Chapter 5 Criminal Complaints).

Si pa genyen enplikasyon lapolis oswa yo pa arête li oswa pran yon plent kriminel kont li, ou ankò gen dwa ale nan tribunal Distrik depoze yon plent kriminel (file a criminal complaint) kont li.

Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).