Si pitit mwen an pa rete avèk mwen la koulye a, eske m kab ankò genyen TAFDC?
Rezon ki fè yo bay TAFDC se pou yo kapab ede w genyen yon fwaye pou pitit ou. Ou kapab jwenn TAFDC si pitit oua pa la, toutotan ou ankò kenbe yon chanm pou pitit ou a eke lap retounen anvan lontan.
An jeneral ou kapab genyen TAFDC si pitit ou a pa nan kay la pou mwenske 120 jou (apeprè 4 mwa). Pafwa ou kapab genyen TAFDC si pitit pa la pou apeprè pliske 120jou. Ou kapab genyen TAFDC si pitit ou a deyò nan lekòl rezidansyel oswa si pitit ou a an vizit lakay yon lòt moun, oswa si genyen yon sitiyasyon tankou yon kriz tanporè nan famiy nan.
Ou kapab genyen TAFDC si ou genyen yon titel pataje eke pitit la rete avèk ou sèlman pandan yon pati tan an nan semen nan.
Jeneralman, ou pap kapab genyen TAFDC pou yon timoun si leta ta pran timoun nan daprè yon lòd tribunal aprè yon odyans tribunal pou swen avèk pwoteksyon.