Want to share what you like about MassLegalHelp with us?

 

Mwen pè papa pitit mwen an. Eske m kapab genyen TAFDC san m pa ale nan tribinal avèk li?

Pwodwi pa yon Pwojè Americorps Sèvis Legal Western Massachusetts aveck Massachusetts Law Reform Institute
Revize 2008

Ou pa oblije bay depatman an non papa a oswa nenpòt enfòmasyon sou papa a, oswa travay avèk yo pou w geyen sipò timoun nan, si w genyen “nenpòt” nan “bòn rezon” sa yo:

  • Genyen yon chans papa ka fè ou menm oswa pitit ou yon bagay serye, oubyen fizikman oswa emosyonelman. Ou kapab pouve sa avèk yon kopi lòd pwotektif 209A w la, oswa avèk yon rapò polis, oswa avèk dosye medical yo, oswa avèk yon deklarasyon ekri yon ajans sèvis sosyal oswa refij oswa yon deklarasyon yon lòt moun ki konnen sitiyasyon w nan ekri; oswa
  • Gwosès ou se rezilta yon vyol oswa ensès e ou kapab pouve sa avèk batistè oswa yon dosye medical o polis; oswa
  • Wap planifye pou w bay pitit la nan adopsyon.

Travayè TDA a dwe eksplike w sa “bòn kòz” (“good cause”) la vle di.
Di travayè w la si w pè pou papa pitit ou a pa fè ou oswa pitit la yon bagay, oswa si w genyen nan lòt rezon yo pou w reklame “bòn kòz” ("good cause"). Travayè w dwe ede w jwenn prèv la si w bezwen l.

Si travayè DTA w la pa kapab ede w, mande pou w pale avèk yon Espesyalis DTA nan Vyolans Domestik. Espesyalis Vyolans Domestik yo se travayè antrene ki dwe konprann sousi ou pou sirte w.

Si DTA dakò ou genyen “bòn kòz)”, DTA ap fè yonn nan de bagay.

  • DTA kapab deside pou li pakite Depat revni an al dèyè sipò pu timoun ditou oswa
  • DTA Kapab deside DOR kapab ale dèyè sipò men ou pap genyen pou ou ale nan tribunal oswa pou ou ede.

Asire pou ou konnen sa DTA deside. Si ou pa kontan desizyon an okenn fason ou genyen dwa pou ou ale an appel. Rele pwogram lokal sèvis legal la (local legal services program) ou a oswa pwogram pou fanm yo bat yo pou èd.

Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).