Refij, lojman, ÈD ak Itilite

Pwodwi pa yon Pwojè Americorps Sèvis Legal Western Massachusetts aveck Massachusetts Law Reform Institute
Revize 2009

Tranzisyon al nan Program Vi Endepandan ak Tranzisyon al nan Pwogram Lojman

Pwogram sa yo fè yon sèl pèman pou lwaye, itilite, avèk oswa depans pou relojman sivivan vyolans domestik kap eseye viv separe de abizè yo. Ou kab papab jwen lajan pou w peye aryere sou lwaye, depo garanti ak pwemye mwa lwaye avèk/oswa aryere sou fakti pou itilte. Lajan an soti nan Depatman Sosyal Sèvis (DSS), men pou w jwenn lajan an ou dwe aplike nan kèk òganizasyon vyolans domestik ak lojman yo ozalantou eta a. Pou w genyen yon lis òganizasyon kote w kab aplike, al nan Apendis X.

Asistans Nan Ijans

Pwogram Asistans nan Ijans (Emergency Assistance (EA) Program)la
bay fanmi sanzabri avèk timoun anba 21 an ak fanm ansent abri nan ijans. Ou kapab aplike pou EA nan biwo lokal DTA ou.

Wè Aplike nan DTA (Applying to DTA) pou enfòmasyon sou aplike pou ÈD nan Ijans. Wè Apel kont refi (Appealing denials) pou enfòmasyon sou ki sa pou w fè si w aplike epwi DTA di w ou pa kab resevwa alokasyon yo.

Asistans Rezidansyel pou Fanmi an Tranzisyon (RAFT)

(Residential Assistance for Families in Transition (RAFT))

RAFT ede moun avèk lajan kay pou moun ki sanzabri oswa kap tonbe nan sanloji. Pou w jwenn èd RAFT, ou fèt pou w genyen yon revni ki ba. Ou fèt pou w genyen yon timoun ki abite avèk ou oswa ou gen yon handicap. Raft kapab ede w avèk aryere sou lwaye, itilite, depo, ak pwemye mwa lwaye. Plis ou kapab jwenn nan pwogram nan se $3,000. Ou kapab aplike pou fon RAFT nan Sant Edikasyon Rejional pou Lokatè (regional Housing Consumer Education Center).

Asistans ak Lwil

Asistans ak Lwil (Assistance Fuel Assistance) se yon pwogram kip peye yon pati nan depans chofaj ou chak ivè. Ou kab kapab jwenn èd pou peye yon pati nan depans chofaj ou menmsi chofaj la enkli nan lwawye w. Ou kapab aplike pou Asistans pou Lwil nan Pwogram Aksyon Kominotè lokal ou a.

Rabè sou Itilite ak Pwoteksyon Kont Koupe Itilite

Tout gwo konpayi itilite yo genyen rabè (discounts) pou moun ki gen revni ba.Pou ou kapab aplike pou rabè sa yo kontakte konpayi sèvis elektrisite, gaz, ak telefòn local yo. Genyen lwa eta a tou ki pwoteje moun ki genyen revni ba kont koupe itilite yo nan sèten ka. Wè seksyon Itilite (Utilities) yo nan gid sa a pou plis enfòmasyon sou “pwoteksyon” sa yo.

Kay Piblik ak Vouche Lwaye

Laplipa vil yo genyen kay piblik ak vouche pou lwaye pou moun ki genye revni ba. Malerezman lis atant la long. Fanm yo bat e si espesyalman yo sanzabri akòz abi a, pafwa kapab genyen yon yon priyorite pli wo e yo kab rantre pli vit. Gade nan paj elektwonik Deptman Lojman avèk Devlopman Kominotè (Department of Housing and Community Development) pou jwenn Depatman Lojman an nan Massachusetts oswa tcheke Gid Sèvis Kominotè a nan premye paj liv telefòn ou a. Gade nan Èd avèk Lwaye pou Sivivan Vyolans Domestik si ou pè pou yo pa mete w deyò paske ou pa kab peye lwaye w.

Pwogram Prive

Nan kek vil yo genyen fon prive pou ede moun ki gen revni ba. Mande nan legliz local ou ak nan lameri a. Ou kab kapab jwenn èd nan Lakwa Rouj oswa nan Ame di Sali . Depatman Enèji nan Massachusetts genyen yon bilten konsèy pou konsomatè (consumer tip sheet) avèk enfòmasyon pou kontakte kèk nan òganizasyon sa yo.

Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).