Kòman revni ba a?

Pwodwi pa yon Pwojè Americorps Sèvis Legal Western Massachusetts aveck Massachusetts Law Reform Institute
Revize 2008

TAFDC se sèlman pou fanmiy ki genyen revni ba ak fanm ansent ki genyen revni ba. Ou kapab genyen TAFDC si w genyen kèk revni ak si w posede kèk bagay.

Revni

Genyen yon tablo nan MassLegalHelp ki montre ki revni mansyel (monthly income) ou kapab genyen e ankò kalifye pou resevwa alokasyon TAFDC. Raple ke Depatman Asistans Tanporè pa konsidere sèten kalite revni (revni sou etid metòd travay/work study income). Ou kab kapab genyen TAFDC menmsi revni an depase nivo tablo a.

Byen yo

Genyen yon limit $2,500 sou “byen”. “Byen” yo se lajan lan bank, avèk bagay ou posede . Gen bagay ou posede ki pa konte. Kay ou ak byen pèsonel ou (tankou
Mèb, aparèy, ak bijou pa konte. Yon vwati fanmiy pa konte, jiska yon sèten valè. Bagay ou pa kapab dispoze fasilman oswa vann pa konte. Pa ekzanp si w genyen yon bagay pou ou menm avèk mari w oswa menaj ou eke ou pa kab vann li san pèmisyon l, li pa pou konte kont ou.

Genyen yon machin, eske sa ap anpeche m jwenn TAFDC?

Ou pap kapab jwennTAFDC si w genyen byen ki pliske $2,500. Machin ou enkli nan $2,500 sa a, men DTA sèlman konte yon pati nan vale machin ou an.

DTA considere de bagay:

  1. Vrè vale machin nan sou mache a (pou konbyen ou ta ka vann machin nan avèk
  2. Valè ekite ou genyen nan machin nan (konbyen ou kab genyen ki rete apwè ou vann machin eke ou peye sa w dwe sou li.

DTA pa konte:

Pwemye $10,000 a sou vale machin nan sou mache a; avèk
pwemye $5,000 equite a ou genyen sou machin nan.

Pou w jwenn kòman DTA determine vale machin ou a

  1. Soustrè $10,000 nan pri a ou ta genyen sou machin nan.
  2. Soustrè $5,000 sou sa w genyen ki rete a si w vann machin nan epwi w peye prè a sou ipotèk machin nan.
  3. Kilès nan chif yo ki pi gwo?
  4. DTA paran chif ki pi gwo a.
  5. Si kantite a pliske $2,500, ou genyen pliske $2,500 nan byen. Ou posede twòp bagay pou w kab resevwa TAFDC.
  6. Si kantite a mwenske $2,500, e pliske $0 ajoute chif sa a sou vale lòt byen ou genyen – tankou kont nan bank. Depi li ba ou $ 2500 oswa plis lè w fin ajoute tout bagay, oukab kapab resevwa TADFC. Si w ajoute tout byen yo ansanm plis chif ou jwenn pou machin nan nan etap 4 la, epwi ou abouti ak plis ke $2,500, ou genyen plis ke $ 2,500 an byen. Ou kab twòp byen pou w kab genyen TAFDC.

Nòt

Ou pa bezwen vann machin ou pou w genyen TAFDC. Sa se sèlman yon fason pou w rive kalkile pou konbyen yo konte machin ou a kòm yon pati nan byen ou genyen.

Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).