E si m pa kapab peye lwaye mwen e yo pral mete m deyò?
Nan laplipa ka yo menmsi ou dwe pwopriyetè a lwaye aryere, mèt kay la pa kapab mete w deyò nan apatman an san l pa Mennen ou nan tribunal. Ou pa oblije kite apatman an lamenm paske mèt kay la di jisteman ou dwe kite.
Mèt kay la dwe dabò voye yon lèt ba ou you rele Avi pou Degèpi (Notice to Quit). Ou pa oblije kite jisteman paske yo voye yon Avi pou Degèpi ba Ou.
Aprè dat nan Avi pou Deguèpi a pase, si mèt kay ou a vle mete w deyò, mèt kay ou a dwe voye yon sitasyon ak yon plent ba ou pou w vini nan Tribinal Lojman oswa Tribinal Distrik la.
Yon Jij nan tribunal la a deside si pou w ale e kilè. Jij kapab deside ou pa gen dwa soti. Jij kapab menm deside mèt kay la dwe ou lajan si mèt kay la pat aji byen selon lalwa. Si jij la di ou dwe soti ou kapab ankò mande pou ba ou tan anvan w kapab soti. Menmsi jij la pa ba ou plis tan, ou genyen omwen 10 jou aprè dat tribunal la avan mèt kay kapab angaje yon cherif pou kòmanse evense ou. Nan pwen sa a ou genyen dwa pou yo ba ou yon notis 48 è avan cherif la kapab mete ou deyò nan apatman w nan.
Si ou genyen Notis pou Degèpi, rele pwogram sèvis legal lokal ou a (your local legal services) pou konsèy sou ka w la. Sèten biwo sèvis legal yo genyen klinik, oswa klas, ki ede moun konbat ekspilsyon.
Raple w
Se yon jij sèlman ki kapab deside si yon mèt kay kapab ekspilse ou. Ou pa oblije kite pazavan yo di ou dwe kite.
RAFT se yon pwogram ki petèt kapab ede w peye aryere sou lwaye ou.
Si w ta vin bezwen refij, ou kapab rele Safelink pou en fòmasyon sou refij pou fanm yo bat oswa aplike pou Asistans Ijan (Emergency Assistance) nan biwo DTA lokal ou.
Ou kapab li plis sou lwa yo ki pwoteje w kont ekspilsyon avèk diskriminasyn nan lojman nan seksyon Vyolans Domestik ak Lojman (Domestic Violence and Housing) MassLegalHelp la; avèk Ekspilsyon (Evictions) nan seksyon Kay nan MassLegalHelp.