Want to share what you like about MassLegalHelp with us?

 

Asistans ak Lajan

Pwodwi pa yon Pwojè Americorps Sèvis Legal Western Massachusetts aveck Massachusetts Law Reform Institute
Revize 2008

ÈD Tanporè pou Fanmi ak Timoun Depandan (TAFDC nan Angle)

Ou kab kapab resevwa TAFDC si w gen yon timoun oswa si w ansent omwen senk mwa. TAFDC, oswa “èd sosyal” ( “welfare”), kapab ba ou:

  • lajan chak mwa
  • asirans sante MassHealth
  • $250 alokasyon pou rad ($250 clothing allowance) pou chak timoun an Septanm
  • alokasyon pou bèso ak leyèt bebe nouvone nan sibvansyon an
  • aksè pou pwogram edikasyon ak trening (education and training programs)
  • pèman pou gadri avèk transpò si wap travay oswa ou prale nan sèten jan lekòl oswa pwogram trening (school or training programs avèk
  • “lajan pou relokasyon” si wap kite yon refij“

Ou kapab aplike pou TAFDC nan biwo lokal Depatman Asistans Tanporè (DTA) a (your local Department of Transitional Assistance Office (DTA). Ou kapab li plis sou TAFDC pou sivivan Vyolans Domestik. Li Aplike nan DTA pou enfòmasyon sou aplike pou TAFDC. Wè Apel kont refi pou enfòmasyon sou sa pou w fè si w aplike pou DTA e yo di w ou pa kakab jwenn benefis la.

ÈD Ijan pou Moun Aje, Andikape avèk Pwogram Timoun (EAEDC)

Ou jwenn EAEDC si ou:

  • andikape (pafwa sikatris emosyonel serye yo nan vyolans domestik se yon andikap oswa
  • yon moun kap pran swen yon andikape ; oswa
  • ki genyen 65 an, o plis; oswa
  • nan yon pwogram Massachusetts Rehabilitation Commission.
  • An menm tan timoun ki pa kapab jwenn TAFDC men ki kab jwenn EAEDC.

EAEDC peye lajan chak mwa, men pa otan lajan tankou TAFDC peye. EAEDC vini avèk asirans sante Mass Health. Genyen yon grafik nan MassLegalHelp avèk valè pèman (EAEDC payment amounts).

Regleman pou EAEDC pibon pou moun ki pa sitwayen ke regleman TAFDC yo avèk SSI. Ou kab kapab jwen EAEDC menmsi ou pa kapab resevwa TAFDC oswa SSI akòz de stati imigrasyon ou.

Ou kapab aplike pou EAEDC nan biwo lokal DTA a.

Aplike pou DTA pou enfòmasyon sou aplike pou EAEDC. Wè Apeal kont refi pou enfòmasyon sou sa pou w fè si w aplike epwi DTA di ou pa kapab resevwa benefis.

Asirans chomaj

Ou kapab resevwa benefis chomaj si w pèdi travay ou akòz vyolans domestik. Men kèk ekzanp sou kòman lavi nan vyolans domestic kapab rezon ki fè w pèdi travay ou:

  • Si yo te revoke w pou twòp absans eke ou te absan akòz vyolans domestik,
  • Si ou te oblije kite paske ou te sove poutèt vyolans domestik ; oswa
  • Ou te oblije kite paske abizè w la tap annuye w nan travay la, oswa fè w estope travay, oswa
  • Si ou te oblije kite paske abizè w la tap gade pitit ou a e ou pat genyen gadri lè w kite li.

Asirans chomaj peye alokasyon jiska 30 semèn. Yo peye pou kèk trening tou. Si ou nan yon pwogram trening apouve, ou kapab resevwa alokasyon pou yon 18 semèn ekstra (48 semèn antotal, oswa preske yon ane).

Pou w aplike, rele Teleclaim Center a.

  • Si wap rele nan kod rejyonal: 351, 413, 508, 774, avèk 978, rele 1-877-626-6800;
  • Si wap rele nan nenpòt lòt kod rejyonal, rele TeleClaim Center a nan 617-626-6800;.
  • TTY/TTD: 1-888-527-1912.

Asirans Sekirite Sosyal kont Andikap (SSDI) avek Revni pou Sekirite Siplimantè (SSI)

Si ou andikape, (pafwa sikatris emosyonel serye nan vyolans domestik se yon andikap.) oswa avèg oswa gen plike 65 an, ou kapab aplike pou alokasyon Asirans Sekirite Sosyal kont Andikap (Sosyal Security Disability Insurance (SSDI) - sit entènèt sa a nan Angle) oswa alokasyon Revni Sekirite Siplementè (Supplemental Security Income (SSI) - sit entènèt sa a nan Angle). Gen moun ki kab aplike pou toude pwogram yo. Toulede peye lajan kash chak mwa e yo peye plis pase TAFDC oswa EAEDC.

SSDI se pou moun ki:

  • avèg,
  • ki genyen pliske 65 an oswa ki genyen enfimite, e
  • te travay ase tan pou kalifye pou pwogram nan. Kantite lajan yo kapab resevwa a depann sou konbyen tan ou te travay (eke yo te peye nan Sekirite Sosyal).

SSI pou moun tou ki

  • avèg
  • gen pliske 65 an, oswa ki gen enfimite, men
  • ki pat travay ase pou kalifye pou SSDI epi
  • ki gen ti lajan minim nan labank oswa kòm revni.

Si ou resevwa SSI wap resevwa MassHealth anmenm tan tou. Genyen yon grafik sou MassLegalHelp la avèk Valè Pèman SSI yo (SSI payment amounts).

Si timoun ou an andikape e revni fanmiy ou ba, pitit ou a kab kapab resevwa alokasyon SSI.

Ou menm ak pitit ou a kapab resevwa alokasyon “Sekirite Sosyal pou depandan” Sa se pèman mansyel kash. Ou kab kapab jwenn lajan sa a si mari w oswa paran w te fè sale sifizan eke yo nan retrèt koulye a, enfim oswa mouri. Pitit ou kapab resevwa lajan sa si lòt paran pitit ou a te fè ase revni eke li nan retrèt koulye a, enfim oswa mouri.

Ou kab aplike pou SSDI avèk SSI nan biwo Sekirite Sosyal lokal ou a (your local Social Security office). Ou kapab rele 1-800-772-1213 pou kòmanse aplikasyon w nan tou. Sa kab pran mwa pou biwo Sekirite Sosyal deside sou aplikasyon w nan pou Sekirite Sosyal oswa SSI, konsa aplike pi vit ou kapab. Laplipa moun aplike pou EAEDC oswa TAFDC nan biwo local Depatman Asistans Tanporè (your local Department of Transitional Assistance Office (DTA), yo pandan yap tann Sekirite Sosyal oswa SSI. Si ou resevwa SSI, pitit ou kapab ankò resevwa TAFDC.

Alokasyon pou Veteran

Alokasyon Federal avèk Eta a peye lajan kash. Alokasyon Sèvis Veteran Eta a baze sou sèvis militè avèk nivo revni. Alokasyon sa yo se pou moun ki genyen yon revni ba. Alokasyon yo kouvri asirans medikal, ak kèk benefis pou sitiyasyon ijan. Ou kapab genyen alokasyon pou veteran nan men eta a oswa nan federal si ou menm oswa kèk moun nan fanmiy ou se yon veteran. Si ou menm oswa pitit ou gen yon paran ki veteran, o si pitit ou a se yon veteran, o si w se mari oswa madanm yon veteran (menmsi ou separe) ou kapab jwen alokasyon sa yo kòm depandan. Rele biwo lameri local oswa oteldevil pou jwenn kote ou kapab aplike.

“Fon Flex” yon pwogram Vyolans Domestik

Pwogram Vyolans Domestik genyen aksè ak “Fon Flex” (Flex Funds) yo.” Yo kapab itilize lajan sa a pou ede w kanpe soup pye w. Fon Flex yo pa pèman an kash regilye. Yo kab itilize yo pou pou ede w nan ijans, lè pa genyen lajan. Ou kapab itilize lajan sa a pou ede w peye bagay tankou:

  • pwemye mwa loye sou yon nouvo lojman,
  • lajan aryere sou loye w pou w kab kenbe kay ou
  • gadri timoun pandanke wap chèche travay oswa ou ale travay, oswa,
  • transportation ale-retou nan travay ou.

Dòdinè yo sibvansyone Fon Flex yon sèl fwa. Ou kapab localize yon pwogram vyolans domestik si w ale nan sit elektwonik Jane Doe, Inc's , (Jane Doe, Inc - nan Angle). Jane Doe, Inc., se koalisyon Massachusetts kont Atak Seksyel ak Vyolans Domestik.

Konpansasyon pou Viktim Krim Vyolan

Konpansasyon pou Viktim yo peye jiska $25,000 pou sèten pèt an rapò ak krim vyolan ak vyolans domestik tou. Ou kab kapab jwenn lajan nan fon sa yo pou:

  • depans medikal ak dental (ladan l tou depans pou ekipman, pwovizyon ak medikaman),
  • depans pou sèvis konsèy (pou victim y ak timoun yo ki te temwen nan vyolans domestik la)
  • pèt nan revni (pou viktim yo sèlman)
  • depans pou sèvis domestik, avèk
  • frè fineray ak antèman jiska $4,000.

Fon an pa peye pou: pwopriyete pèdi, konpansasyon pou blesi ak soufrans ak tout lòt pèt.

Pou w genyen konpansasyon pou vyolans domestik:

  • Fòk vyolans domestik la te fèt nan Massachusetts;
  • Fòk ou ta dwe rapòte vyolans domestik la bay lapolis nan 5 jou amwenke ou genyen yon rezon valab ki te fè w oblije tann pi lontan;
  • Ou fèt pou w kopere avèk lapolis, avèk komisè gouvènman an amwenke ou genyen yon rezon valab pou w pat fè li: epi
  • Ou fèt pou w aplike pou konpansasyon pandan twa zan aprè vyolans domestik la ou te rapòte bay polis la.

Pou w aplike, ranpli yon Aplikasyon pou Konpansasyon pou Viktim Krim (Crime Victim Compensation)nan sit elektwonik yo nan Massachusetts.

Poste aplikasyon an bay:

Office of Attorney General Martha Coakley
Victim Compensation & Assistance Division
One Ashburton Place, 19th floor
Boston, MA 02108-1698
(617) 727-2200
(617) 742-6262 fax

An jeneral, w ap resevwa yon desizyon nan 4 al nan 6 mwa plita. Demand ou kapab reouvri pou depans pi devan.

Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).