Want to share what you like about MassLegalHelp with us?

 

Apèl Kont Refi

Pwodwi pa an AmeriCorps Project of Western Massachusetts Legal Services updated and revised Massachusetts Law Reform Institute
Revize May 2010

E si DTA rejte aplikasyon m pou TAFDC, EAEDC, Asistans Ijan, oswa Fich Alimantè oswa mwen pa dakò avèk sa DTA fè a?

Si ou pa dakò avèk sa Depatman Asistans Tanporè fè, genyen bagay ou kapab fè:

  • Pale avèk travayè w la. Wè si travayè w la kapab rezoud pwoblèm nan.
  • Pale avèk sipèvizè travayè w la.
  • Re liy sèvis pou klyan yo nan 1-800-445-6604.
  • Apèl. Asire w ou soumèt yon apèl ekri avan datlimit la.

Menmsi wap pale avèk yon moun nan biwo èd sosyal la pou eseye rezoud pwoblèm nan, ou kab vle fè apèl. Sa kapab pran yon tan pou jwenn yon odyans, konsa li bon pou w kòmanse pwosesis la lamenm. Konsa wap deja genyen yon odyans pwograme okake DTA pa rezoud pwoblèm nan. Si DTA rezoud pwoblèm nan ou kapab toujou “retire” (anile) apèl la.

Kòman pou m fè yon apèl kont DTA?

Gade echantiyon notis refi yo (sample denial notices). Lè DTA voye w yon lèt pou refize, estope, redwi, oswa chanje benefis ou, yo enkli ladan l enfòmasyon sou kòman pou w fè apèl.

Echantiyon notis yo genyen echantiyon rekèt pou apèl ki ranpli. Nan do paj la genyen adrès Depatman pou Odyans nan Boston (Division of Hearings in Boston). Fè kopi nenpòt rekèt pou apèl ou ranpli epwi mete kopi a nan katab ou. Poste oswa fakse apèl ou ranpli a bay Depatman Odyans la. Tcheke fòm apèl ou a, kòm adrès pafwa chanje. Apèl la dwe ale pou:

Division of Hearings, DTA
P.O.Box 120167
Boston, MA 02112

Oswa fakse li nan: (617) 348-5311.

Aprè w poste li oswa fakse apèl la, asire w ke ou rele Depatman Odyans la (Division of Hearings) nan (617) 348-5321 oswa 1-800-882-2017 pou w asire w yo resevwa l. Pran nòt sou apèl telephonic yo nan fèy pou kesyon yo nan katab ou.

Ou genyen 90 jou apati dat notis pou apèl la. Si ou deja ap resevwa alokasyon TAFDC e ou vle kontinye genyen menm valè a pandan wap tann odyans la ak desizyon an, ou bezwen entante apèl la nan 10 jou apati dat notis la.

Rele biwo legal sèvis lokal ou a (your local legal services office) si ou bezwen èd oswa ou bouye nan pwosesis apèl la ou pa. Sonje pou w kenbe kopi tout bagay ou voye bay DTA.

Sak pase si m pèdi nan apèl DTA a?

Si ou pèdi apèl ou a, DTA kapab reprann tout lajan ekstra yo te peye w lè ou tap tann desizyon odyans la. Yap konsidere lajan sa kòm yon pèman eksesif. Si ou ankò nan TAFDC, DTA pap kapab pran lajanan nan yon sèl tranch, men yap bese benefis ou jiska 10% pa mwa jiskaske yo tire lajan ekztra a.

Ou ta kapab monte an apèl nan tribunal kont desizyon odyans la. Rele biwo sèvis legal lokal la (local legal services office) pou w pale sou apèl ou a.

Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).