3. Eske mwen kab konnen kilès ki rapòte mwen bay Depatman Timoun avèk Fanmi an?
Depatman Timoun avèk Fanmi an (DCF) pa pèmèt pou yo ba ou non moun nan ki rapòte ou. Pafwa moun ki fè rapò yo pa menm bay non yo.
Sèten moun ki travay avèk timoun oblije rapòte DCF lè yo panse yap maltrete oswa neglije yon timoun. Moun sa yo rele “rapòtè mandate” (mandated reporters). Genyen ladan yo:
- doktè,
- enstitè,
- travayè gadri, avèk
- travayè sosyal.
Mensi travayè DCF la pa kapab di ou kilès ki rapòte ou, travayè a genyen pou li ba ou detay sou sa moun nan di a. Si ou panse moun ki rapòte bay DCF la se menm moun ki abize w la, di travayè sosyal la sa. Di travayè sosyal la si w panse li rapòte w paske li fache kont ou oswa li vle koze ou pwoblèm.
4. Eske mwen kapab li rapò a?
Ou genyen dwa pou ou wè yon kopi rapò a. ou genyen dwa tou pou ou wè rapò DCF la sou ankèt la. Rapò sou ankèt la rele “rapò 51A”. Ou genyen dwa pou ou wè rapò DCF la sou envestigasyon an tou. Rapò sou envestigasyon an rele rapò ‘’ 51B.’’ Non 51B a soti nan seksyon 51B Chapit 119 Law Jeneral Massachusetts yo (section 51B of Chapter 119 of the Massachusetts General Laws).
Men etap yo pou ou mande yon kopi rapò sa yo:
Ou kapab jwenn adrès sit entènèt Depatman Timoun avèk Fanmi an (find the address on the Department of Children and Families website).
- Ekri Direktè Rejyonal DCF la
- Nan lèt la, mande pou ou wè rapò 51A a avèk rapò 51B a.
- Fè yon kopi lèt la pou ou avan ou poste li.
DCF ap voye oubyen yon kopi rapò a ba ou oswa yon lèt pou eksplike poukisa yo pap voye rapò yo ba ou. Li pran yon tan pou ou genyen repons. Si ou genyen rapò a , non moun ki rapòte ou bay DCF la pap ladan li.